Eske Anviwonnman Pòtoprens Ap Rann Nou Malad ?

This post is also available in: English

 Lavi kontinye nan Pòtoprens, nan mitan lafimen machin bogota ak gwo bwi, machann yo parèt chak jou epi depoze fwi ak legim y ap vann yo atè a, nan mitan fatra ak pousyè. 

Yon jou, sa gen kèk lane, mwen chwazi chita nan chèz devan bò kote chofè a nan yon taptap pou mwen rive Petyonvil. Jan sa toujou ye avèk vye machin transpò sa yo, ti machin lan te gen anpil pwoblèm pou monte mòn kote nou ta prale a. Kèk minit pita, yon gwo kamyon avèk yon siy ki make “O-Lavi” sou li ki t ap vann dlo double taptap la. Yon gwo lafimen nwa ki tap soti nan mòflè kamyon an anvayi nou nan taptap nou an ki pa te gen fenèt. Tout moun anndan an tonbe touse, menm chofè a ki te oblije kanpe machin lan pou tann lafimen an desann paske li te anpeche misye wè wout la devan li. 

Depi jou sa, mwen viv evènman konsa pi souvan. Sa fè mwen mande tèt mwen si anviwonnman Pòtoprens ap tounen yon sous maladi pou sitwayen li yo. Genyen 12,6 milyon lanmò ki lye ak pwoblèm nan anviwonnman an chak ane nan lemonn. OMS eksplike ke twa pwoblèm sa yo jwe yon wòl nan kòz pi fò nan 12,6 milyon lanmò sa yo : polisyon nan lè n ap respire a, nivo bwi nan katye yo, avèk move jesyon netwayaj piblik. Nan Pòtoprens li prèske enposib pou ou pa ekspoze a pwoblèm sa yo. Se konsa, mwen deside gade ki jan efè sa yo kapab afekte moun kap viv nan Pòtoprens.

Polisyon Nan Lè N ap Respire

Genyen anpil gaz pwazon ki lage nan lè moun ap respire nan plizyè katye kote moun rete, anpil fwa moun travay nan menm katye kote yo rete tou. Gaz pwazon sa yo se machin avèk fatra moun boule lakay yo ki lage yo nan katye yo. Yon egzanp : lè machann ekspoze kòmès yo nan lari, moto avèk kamyon pase bò kote yo tout jounen. Lè yon chofè estat machin li, machann ak pyeton k ap pase yo respire move gaz ki soti nan motè yo. Moun ki pran transpò piblik respire move gaz sa yo tou lè machin lan kanpe nan blokis, paske pi fò taptap ak machin transpò piblik pa fèmen.

Daprè yon etid ki fèt nan lane 2016, timoun ki soti nan fanmi defavorize gen pi gwo risk pou trape pwoblèm sante respiratwa paske yo ekspoze a anpil polisyon. Plis rechèch sou sijè sa montre ke polisyon nan lè n ap respire kontribye a devlòpman maladi opresyon nan anfans ak adolesans. Menm si poko gen anpil etid sou lyen polisyon ak enfeksyon respiratwa ann Ayiti, enfeksyon respiratwa se youn nan pi gwo lakòz lanmò timoun nan peyi a. Malgre tout konsekans potansyèl sa yo, polisyon pa janm travay poukont li.   

Bwi K ap Fèt Nan Katye Yo

Pi souvan, se gwo blokis ki lakòz pi fò bwi nan katye yo, e sa ogmante otan ke vil Pòtoprens ap devlope rapid rapid. Devlòpman biznis atire plis moun nan vil la chak ane, e sa koze plis blokis ki fè plis bwi. Nan plizyè kominote w ap jwenn : machann avèk megafon pou atire kliyan, legliz avèk gwo sistèm son, machin ofisyèl oswa machin polis avèk sirèn byen fò. Sèn ou jwenn chak jou nan lari Pòtoprens anpil fwa se yon kakofoni. Manke bon jan lwa sou nivo bwi nan lari a, e sa montre ke nou pa bay pwoblèm sa ase enpòtans.

Nan yon anviwonnman kote bwi nan katye a wo, nivo strès moun ka ogmante vit, sitou pou moun pòv ki anpil fwa rete nan katye ki pi chaje ak moun yo. Genyen yon etid ki te fèt nan lane 2015 nan peyi Ghana ann Afrik, etid sa montre ke anpil bwi ki ap fèt pandan moun ap travay ka ogmante nivo yon òmòn ki koze estrès epi li ka ogmante vitès batman kè moun tou. Mwen panse, yo t ap jwenn anpil nan menm rezilta sa yo si etid sa te fèt Pòtoprens. Avèk plis tan, stil vi sa ka mennen yon chay maladi kè lakay moun ki abite Pòtoprens.

Move Sistèm Netwayaj Piblik

An plis polisyon lè n ap respire a, move sistèm netwayaj piblik se yon lòt kòz ki ap afekte sante popilasyon Pòtoprens lan. Anpil katye elwaye pa resevwa sèvis jesyon fatra piblik ki disponib nan vil la. Sèvis prive yo koute anpil lajan, e sa anpeche anpil moun itilize sèvis sa yo. Se konsa, anpil moun plen twou oswa kanal ki pi prè yo, e menm lari a avèk fatra ki soti lakay yo. Lè fatra sa yo pa boule, yo rete chita nan kominote a pandan plizyè jou. Si w ap mache nan lari, li fasil pou w wè boutèy plastik, vye kawotchou, e menm bèt mouri nan pil fatra sa yo. Kèk fwa tou ou ka menm jwenn poupou moun sou twotwa yo, li posib ke 6,3% kay nan vil la pa menm gen watèLapli a trè fasil ale avèk tout malpwòpte sa yo, epi sal lòt sous dlo avèk yo.

Pa genyen yon bon sistèm jestyon fatra nan Pòtoprens, e sa rann moun pi vilnerab pou trape epidemi kolera a ki ap fè dega depi 2010. Sa pèmèt lòt maladi ki bay dyare ke moun pa abitye avèk yo, epi malarya antre tou. Sou tèt sa, epidemi Zika ap gaye ann Ayiti e plizyè milye deja afekte, e se mank sistèm jestyon fatra sa ki fasilite sa.

Pandan m ap tounen soti Peyonvil jou sa, bis mwen te ladann nan fè wout li malgre motè a te gen pwoblèm. Pandan sa ap rive, tout moun nan lari a kontinye jounen yo san yo pa enkyete yo de danje ki prezan toupatou. Nòmalman, twa sitiyasyon sa yo ki detaye nan atik sa mete ansanm pou yo koze pwoblèm ki grav anpil. Malgre sa, fòk lavi kontinye nan Pòtoprens, nan mitan lafimen machin bogota ak gwo bwi, machann yo parèt chak jou epi depoze fwi ak legim y ap vann yo atè a, nan mitan fatra ak pousyè. Se konsa lavi a ye pou pi fò moun ki abite nan Potoprens, yon vil ki gen yon gwo mank sèvis medikal. Lè ou konsidere tout dega pwoblèm anviwònman sa yo ka fè, pa gen anpil chans nan tan ki ap vini yo pou sante moun ki ap viv Pòtoprens yo amelyore. Pou nou ranvèse sa, aktivis pou sante piblik ak prevansyon dwe mete tèt yo ansanm avèk aktivis pou anviwonnman pou konbat menas sa yo. Si nou vle kite yon Ayiti ki pi an sante pou pitit nou yo, sa pral mande kouraj pou nou analize kote nou ye epi vini ansanm pou travay pou yon demen miyò.

 

Photo Credit: Etant Dupain

http://www.kombitproductions.com
Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comments are closed