Fo Pwomès Endistri Touristik la nan Peyi Dayiti

This post is also available in: English

Sa ki devaforize toujou ret defavorize kèlkeswa volim lajan otèl ak restoran rantre chak ane.

Frajilite ak aspè krizokal pwomès politisyen ayisyen fè sou dosye devlopman touristik la, souvan detektab depi sou podyòm kanpay elektoral yo rive jouk sou chantye kote pwojè sa yo anbandone. Chak fwa yon prezidan monte, nou gen tandans swete rèv pou endistri sa a, se kandida pa nou an ki posede plan ki miyò pou wè inisyativ la jouk nan fen li. Men anpil nan pwojè sa yo abandone kou eleksyon fini.

Maladi kowona viris lan ka sèvi kòm on gwo egzanp sou vinerabilite yon ekonomi touristik enpoze sou popilasyon yon peyi. Rediksyon vwayaj pa sèlman frape ekip travayè ak travayèz ayopò yo, yon peyi ki depann de trafik vwayajè ak konsomasyon vizitè sou teritwal pou l manje, viv yon degradasyon labourèz pasifik. Se tout ekonomi an ki pran baf. Si gouvènman yon peyi pa mete okenn plan an plas pou kontinye peye anplwaye ki nan chomaj, kòm rezilta definitiv n ap wè on ogmantasyon nan grangou ak lamizè, plis ensekirite e plis biznis lokal ap oblije fèmen.   

Abondans koripsyon nan peyi a te deja aprann nou ke se mèt kò ki veye kò, men kriz sante mondyal sa ekspoze enkonpetans sistèm kapitalis lan pou l sipòte yon pèp  nan bezwen bazik li lè l paka pran lari–bezwen tankou sante, manje, sipò finansye. Ou vit reyalize ke fonksyone nan yon sistèm ki pa ofri w yon fraksyon de swè ak san ke ou menm kò w ap ba li mete w nan faz pou w kesyone relasyon lòm ak pwodiksyon san rete. Yon sistèm ki pa t janm la pou ou, menm anvan maladi Covid-19 lan, yon sistèm ki baze sou kenbe youn nan depandans pou anrichi yon lòt, pa bezwen refòmasyon. Si tout fwa byenèt peyi a nan enterè nou, meyè solisyon an se kraze l plat.

 Devlopman Endistri touristik lan pa yon konsèp nouvo pou Ayiti. Nou te la deja. Wi se vre ke yon gwoup travayè fè kòb lè anpil moun antre vin fè vakans nan peyi an, men kwasans finansye sa a pa elimine degre gouvènman an neglije lopital, lekòl, pwodiksyon nasyonal, pwoteksyon anviwonmantal. Pwofi ki jenere nan sektè touristik lan pa sikile nan ekonomi lokal peyi an, gouvènman an pa envesti lajan sa a nan pèp la, lajan sa yo pi vit ale jwenn antreprenè etranje ki te envesti ladann. Se rezon sa ki fè nan plizyè destinasyon touristik , moun ki pòv pa janm wè yon evolisyon nan kondisyon lavi pa yo. Sa ki devaforize toujou ret defavorize kèlkeswa volim lajan otèl ak restoran rantre chak ane.

An nou pa bliye tou ke agrandisman pwojè touristik anpil fwa fèt nan envazyon gouvenman an fè sou tè kominote an k ap viv, plante, manje ak vann ladann nan. Nan pwojè restorasyon aktivite touristik nan Île a Vache, plizyè fòm enjistis sa yo te prezante ak fòs ame, arestasyon ilegal , ak yon mepri odasye anvè kri konsène abitan yo. A plizyè repriz nou wè ak pwòp je pa nou, abitan zile an k ap plenyen pou sakrifis fòse yo te fè anba entimidasyon pou chantye konstriksyon te ka ouvè sou espas prive yo. Leta pa t negosye sou okenn baz mwayen pou yo soutni bezwen bazik moun sa yo te genyen, ni yo pa t konsidere soulaje vant grangou fanmi nan zòn nan pandan yo t ap pase traktè sou jaden yo pou fè plas a lwazi touristik.  

Li ijan pou nou prete atansyon tou ak efè pwojè sila yo genyen sou anviwonman peyi a, spesifikman sou kantite debwazman sa mande lè y ap bati chenn otèl, ak plaj. Dechè toksik bato vwayaj sa yo lage nan lanmè an chak fwa yo debake lakòz yon gwo enteripsyon sou sante maritim pa selman ann Ayiti, men nan Karayib la an jeneral.  Benyen nan lanmè pa pwoblèm nan, men lè yon peyi fè aktivite sa a tounen yon biznis pou l kapitalize, nan moman eksè rapòte plis pwofi limanite ak lanati antrave. Prezans anpil moun k ap bwè, k ap manje, k ap jete tout sa yo fin sèvi pote plis dechè nan dlo a. Bato k ap debake yo, k ap lage dechay pa yo tou chak lè yo rive koupab nan touye popilasyon koray nou yo, yon eleman esansyèl anba dlo a . Se li ki sipò lavi nan lanmè a, li se yon kouch pwotektris sou wòch yo, san li wòch yo ap erode, wòch yo  ki se repozwa ze pwason, ak  sous alimantè bèt yo tankou alg. Ak envazyon touristik lan, prezans koray lan menase, e si sa ta rive li disparèt konplètman, tout eskòt  lavi anba lanmè a ap disparèt ansanm ak li. Eskpè syantifik prevwa ke pi bonè sa ka fèt se an 2048. 

Nan tout kriz ekonomik Ayiti sibi nan istwa li, jodi a san yon kase koub drastik nan estrikti sistematik nou yo, falèz la ap tonbe ak tout moun ki kanpe sou li, kelkeswa klas yo okipe nan sosyete a. Pay kann lan paka sikre lèt ankò, e nou bezwen jis onèt ak tèt nou nan reyalize ke a vitès tout enstitisyon fin degringole, pami yo, sante, edikasyon, sekirite piblik. Nou paka mize nan pozisyon santralis. Nou bezwen konsidere ang ki pi radikal yo pou diminye mizè tchak sa a k ap wonje nou depi kèk deseni. Lè a rive pou nou panse pi lwen ke sa nou konnen, de mòd de vi sa a ki divòse  peyi dayiti ak otonomi pwòp teritwa li, ki konvenk nou ke ti peyi tankou Ayiti la pou sèvi kòm echèl pou soutni lwazi ak kwasans ekonomik peyi yo klasifye antan ke “gran pisans” yo , ke yon envestisman tan ak lajan nan devlopman touristik gen potansyèl pou li ofri yon souf ekonomik.

Se vre ke enfrastikti ak devlopman ekonomik enpotan nan yon peyi, men li nan enterè nou pou nou asire ke endistri n ap envesti ladan yo a, se pa nou menm anko ki pral soufri aprè. Fòk nou asire ke malè anviwonmantal ki pandye sou zile an, se pa anbisyon nou ak konplisite nou nan sistèm kapitalis lan ki pral lakòz kòd la koupe sou tèt jenerasyon kap vini yo.

Djanaina Francois

Djanaina Francois

Djanaina Francois was born in Port-au-Prince, she left the country at the age of 15. She studied acting in New York and has worked on film projects in the states and in Haiti. A visualist, an observer and raconteur of human behavior, she wears hats in the literary world such as essayist, and poet, and hopes to wear a few more in the cinematic world. Food, skincare , buying more books before finishing the ones that she has are her side passions.

1 Comment
  1. Atik sa sonw remèd wi. Manje pou nanm, madanm nan byen anbrase dosye a. Bravo, mswete li rive jwenn konsyans kolektif la. Mkontan li nan lang manman mwen. Mèsi Woymagazine