This post is also available in: English
Sa se dezyèm pati yon brase lide avèk Michel DeGraff, gran kreyolis, pwofesè lengwistik nan Enstiti Teknoloji Massachusetts, epi manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen. Pandan dènye semèn #MwaKreyòl la, nou pral pataje konvèsasyon sa nan twa pati. Nan pati nimewo 2 sa a, DeGraff eksplike nou jan travay li kòm kreyolis se travay yon aktivis tou, epi gwo jefò li menm avèk Inisyativ MIT-Ayiti la ap fè pou lang kreyòl la. (Pati nimewo 1)
Se pa sèlman ann Ayiti ke yo bay lang kreyòl yo nivo ba sa a…ata sèten kolèg lengwis, gen tandans gade lang kreyòl la tankou yon lang enferyè pa rapò a lòt lang.
Woy Magazine: Èske ou konsidere travay ou kòm yon travay aktivis? Pou ki sa e ki jan?
Travay mwen kòm lengwis e kòm edikatè gen plizyè aspè kote youn makonnen ak lòt.
Gen yon pati ki teknik e syantifik. M analize done lengwistik pou mwen konprann chapant lang ke m ap analize yo, pou mwen konprann detay teknik nan fonksyònman lang sa yo kòm sistèm senbolik ki konplike anpil, epi pou mwen rive konprann istorik devlòpman sistèm sa yo. Lengwistik se syans ki bay fòmasyon teknik pou lengwis rive analize epi konprann sistèm konplike sa yo.
Yon moun ki pa lengwis ka pa janm rive konprann jan sistèm sa yo konplike e ki jan pou nou analize yo epi sèvi avèk yo. E poutan, gen anpil entelektyèl k ap pale kòm si yo se ekspè pandan y ap bay manti sou kesyon lang—kit se lang kreyòl, kit se lòt lang, sitou lang ke yo mete an ba nèt nan sosyete a.
Gen yon lòt aspè nan travay mwen ki pa rete nan teyori sèlman e ki se travay yon aktivis, yon travay aktivis nan kad rechèh lengwistik mwen epi nan kad travay mwen kòm lidè Inisyativ MIT-Ayiti a e kòm manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen an. Sa se travay aktivis k ap travay kou Legba pou louvri baryè amelyore edikasyon pou tout moun ann Ayiti epi lòt kote tou. Yon aspè nan travay aktivis sa a se goumen kont manti sa yo ke anpil moun ap plede bay sou lang kreyòl yo depi twò lontan. Sa se pati travay mwen kote m ap fè pwomosyon lang kreyòl yo selon sa lasyans montre nou sou istorik ak chapant lang sa yo. Wi, kounyea, lasyans montre nou ke kreyòl ayisyen epi tout lòt lang kreyòl yo (tout patou nan lemonn: an Jamayik, ann Awayi, ann Afrik, ann Ostrali, eks.) se lang tout bon vre, nan menm nivo ak tout lòt lang, ata lang sa yo ki rele “lang entènasyonal”, kit se franse oswa angle oswa panyòl, elatriye.
Kounyea ke nou konnen syantifikman ke kreyòl la se yon lang djanm djanm menm jan ak tout lang, kesyon an se: Pou ki sa kreyòl la toujou rete nan nivo ba sa a ke yo ba li ann Ayiti, yon nivo ki an ba nivo ke yo bay franse a? Nivo ba sa a, nou jwenn li ata pami entelektyèl ki pale kreyòl e k ap òganize konferans ak lòt aktivite rechèch sou kreyòl epi se an franse oswa angle ke pifò travay sa yo ap fèt, soti depi sou envitasyon ak anons, rive nan entèvansyon yo.
Se pa sèlman ann Ayiti ke yo bay lang kreyòl yo nivo ba sa a. Menm kalite pwoblèm sa a egziste nan anpil milye entelektyèl, kit se ann Ayiti, kit se lòt bò dlo kote tout kalite moun, ata sèten kolèg lengwis, gen tandans gade lang kreyòl la tankou yon lang enferyè pa rapò a lòt lang.
Nan rechèch mwen, mwen pase anpil tan m ap fouye zo nan kalalou nan istorik lang kreyòl la, nan istorik jan moun trete lang lan, epi nan istorik fason lengwis ak entelektyèl etidye lang lan. Lè ou gade sa byen, w ap wè plizyè koneksyon ki genyen ant konesans ak pouvwa. Sa se analiz klasik Michel Foucault pwodui a kote li fè istorik divès sistèm konesans epi li analize ki jan sistèm sa yo makonnen ak sistèm pouvwa.
Sonje ke nou deja pale sou jan otorite ki vle kenbe pouvwa nan men yo itilize “konesans” pou ranfòse pouvwa yo. Se kon sa tou, otorite sa yo, trè souvan, yo byen chwazi ki kalite konesans ke yo pral bay enpòtans: yo pral fè pwomosyon “konesans” ki ka sèvi pou kore pouvwa pa yo.
Se kon sa gwo syantis ewopeyen yo ak patizan yo ki t ap chache lajan ak pouvwa pandan epòk lakoloni epi apre sa te vle montre ke Afriken yo pa te moun tout bon, ke yo te plis sanble ak bèt pase yo sanble ak moun. Ki fè sa te bay Ewopeyen yo pretèks pou yo mete Afriken yo nan esklavaj. Kòm nan analiz sa yo, Afriken yo pa te moun tout bon, lang ke yo te pale yo (kit se lang afriken, kit se lang kreyòl) pa te lang tout bon. Selon syantis sa yo, lang yon moun pale te ka sèvi pou idantifye ki moun ki te moun tout bon.
Kalite “konesans” sa yo vin kreye yon echèl nan sosyete a kote gen yon ti pwenyen moun ki an wo nèt epi tout lòt moun yo an ba nèt nan sosyete. “Konesans” sa yo ke moun an wo yo deside pwodui oswa aksepte, se “konesans” ki la pou ede “pwouve” ke moun an ba yo merite rete an ba nèt e menm nan esklavaj—e fòk moun an ba sa yo ret nan wòl yo. Ki fè, se pa “konesans” tout bon: se manti, prejije epi blòf entelektyèl k ap pran pòz konesans.
Ayiti se yon egzanp klè fenomèn sa a kote anpil moun ki konprann yo gen “konesans” toujou ap defann lide ke kreyòl se pa lang tout bon, ke se pa yon lang ki ka sèvi nan lekòl, inivèsite, konferans, gouvènman, tribinal, elatriye. Nou menm konn tande moun ki gen doktora e ki konn li ak ekri plizyè lang e k ap plede di ke yo pa fouti li ak ekri kreyòl la e yo pa janm chache aprann òtograf ofisyèl kreyòl la. Genyen ladan yo ki menm di ke lè y ap li kreyòl, sa ba yo “tèt fè mal”. E poutan, òtograf kreyòl la pi fasil pase ni òtograf franse, ni òtograf angle! Tanpri, an nou tounen sou sa pi devan.
An tou ka, mwen kwè kounyea nou ka wè jan sèten swadizan “konesans” se baryè ki la pou bloke edikasyon ak devlòpman ekonomik moun sa yo ki leve nan kominote kote yo pale kreyòl sèlman. Si gwo otorite sa yo refize sèvi ak kreyòl la alekri paske yo panse ke kreyòl pa lang tout bon, paske yo panse ke lekti an kreyòl “bay tèt fè mal”, sa vle di ke yo pa fouti fè bon jan jefò pou kreyòl la sèvi kòm lang ofisyèl tout bon nan peyi a, kòm lang nasyonal ki pou sèvi pou devlòpman tout nasyon an.
Kòm aktivis, m ap ede dokimante jan anpil nan “konesans” sa yo, sou lang ak edikasyon, se manti tout bon. Epi, se pou manti sa yo kaba paske se manti sa yo k ap bloke devlòpman peyi a. Epi tou, manti sa yo vyole dwa pifò moun ann Ayiti lè nou sonje ke majorite popilasyon an pale kreyòl sèlman. Ki fè yo bezwen kreyòl la, vreman vre, kòm zouti pou edikasyon epi devlòpman.
Baton ki nan men w, se avèk li ou pare kou. Ki fè n ap sèvi ak kreyòl la kòm baton ki pou ede popilasyon an vanse.
Woy Magazine: Pale nou de diferan pwojè ou menm ak MIT ap fè kounyea pou avansman lang kreyòl la e pou devlòpman peyi a.
Men yon kesyon fondamantal ki nan rasin pwojè sa yo : Ki lang ki ka sèvi pi byen kòm yon zouti pou bati konesans pou popilasyon an? Pou Ayiti, repons lan se kreyòl. Premye objektif la se pa vreman vanse kreyòl la kòm lang. Premye objektif la se fè timoun yo jwenn pi bon zouti ki ka ede yo bati bon jan konesans. Se kon sa n ap rive kreye fondasyon solid pou nou devlope peyi a.
Kesyon lang lan se prèske yon kesyon ki vin an dezyèm apre nou fin deside ke fòk timoun yo bati bon jan konesans selon zouti lengwistik ke yo deja metrize a. Depi nou konnen ki lang timoun yo pale pi byen, se lang sa a ki pou sèvi kòm premye zouti lengwistik nan pwojè a.
Baton ki nan men w, se avèk li ou pare kou.
Ki fè n ap sèvi ak kreyòl la kòm baton ki pou ede popilasyon an vanse. An menm tan ke n ap amelyore edikasyon ann Ayiti, Inisyativ MIT-Ayiti a ap avanse lang kreyòl la tou. Nou mete kreyòl la nan nannan tout materyèl n ap devlope yo. Gen yon pakèt mo ki pa te ko janm egziste nan kreyòl la paske lang lan pa te ko janm sèvi pou syans ak matematik nan nivo avanse sa a. Kounyea, n oblije chèche nouvo mo pou esprime plizyè konsèp ki trè konplike e ki trè abstrè. Se premye fwa materyèl syantifik avanse sa yo ap sikile an kreyòl. Yon fwa ke nou sèvi ak kreyòl la aloral kòm alekri nan domèn syantifik avanse kote li pa te janm sèvi anvan, otomatikman sa fè lang lan gen plis fòs, plis jèvrin.
Jean-Jacques Dessalines t ap kontan nèt! Wi, Papa Dessalines ta kontan pou li wè jan lang pa nou an ap sèvi byennèt popilasyon an pandan n ap trase egzanp pou lòt pèp ki pale lang lokal ke fòs kolonyal ak neyo-kolonyal yo toujou ap chache kenbe an ba bòt enperyalis yo.
Gen Ayisyen ki mande MIT pou ki sa nou pa fè travay sa an franse, pou ki sa se an kreyòl n ap kreye bèl zouti sa yo ansanm ak aktivite sofistike sa yo. Men sa mwen reponn: Si nou t ap fè pwojè sa an Frans, nou t ap fè l an franse. Si nou t ap travay an Nòvèj, nou t ap fè l an Nòvejyen. An Kore, nou t ap fè sa an koreyen. Nan Inisyativ MIT-Ayiti a, n ap travay pou nou amelyore edikasyon pou tout moun ann Ayiti. Kòm se kreyòl pifò timoun ak anseyan pale pi byen, nou fè travay la an kreyòl.Epi, kòm lengwis, mwen konnen trè byen ke lè timoun yo jwenn bon jan fondasyon byen solid nan lang natif natal yo, sa pral ede yo metrize lòt lang tankou franse, ansanm ak angle, panyòl, elatriye. Wi, se vre: timoun ann Ayiti ki pale kreyòl sèlman lakay yo epi nan kominote yo dwe aprann franse kòm yon dezyèm lang. Epi yo dwe etidye franse nan klas franse, olye pou lekòl yo anseye timoun yo tout kalite matyè AN franse alòske timoun yo pa metrize franse ditou.
Kreyòl se yon zouti pou kreye yon “lòt kalite lekòl” tou bon vre, pou yon “lòt kalite peyi” tout bon vre, yon peyi kote tout timoun ka jwenn, menm si yo pa pale franse.
Pifò Ayisyen pa pale franse. Franse pa oblije rete premye objektif paran sa yo k ap travay pou zo e k ap envesti milyon ven pou voye pitit yo lekòl.
Mezanmi, se vre, wi: Pale franse PA vle di lespri.