Kanaval Elektoral Ann Ayiti

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Eleksyon ki se zouti ki pi enpòtan nan yon demokrasi tounen yon fwèt kach nan do popilasyon an, yon pèp, yon peyi k’ap chache yon fomìl pou yon demen miyò. 

Eleksyon 9 Dawout 2015 yo a klè montre nan ki nivo Ayiti malad. Nou pase 4 lane pou fè yon eleksyon epi se demagoji elektoral sa nou remèt. Sa pa opinyon mwen, se remak RNDDH youn nan pi gwo òganizasyon dwa moun nan peyi a ki te gen plis pase 1500 obsèvatè sou tout teritwa a.

Depi 6 zè timidman elektè te gentan nan lari ap chache biwo vòt yo. Premye kote mwen vizite jounen eleksyon 9 Dawout 2015 la se sant de vòt Ecole National Dumarsais Estimé nan Bel Air. Manb biwo vòt la ak balèn ap klere yon ti chanm fè nwa ap konte bilten pandan sekirite biwo a ap goumen ak mandatè pati politik ki bezwen aksè biwo vòt la e yo pa’t kapab rantre. Aprè Bel Air mwen desann nan Estad Silvio Cator youn nan pi gwo sant vòt nan Pòtoprens, menm pwoblèm nan mandatè pati politik pa ka rantre nan sant de vòt la, se pati politik Verite, PHTK ak Bouclier sèlman ki te gen aksè ak sant vòt la. Se te menm sitiyasyon an nan Bel Air.

Ann analize pwoblèm mandatè a. Yon mandatè se yon reprezantan yon pati oubyen yon kandida nan tout sant de vòt ak biwo vòt. Lwa elektoral la rekonèt tout pati ak kandida endepandan gen dwa aksè ak sant vòt ak biwo vòt yo pou obsève dewoulman pwosesis vòt la. Mandatè a soti nan mank de konfyans ki genyen nan sistèm elektoral ayisyen an, mandatè a se yon obsèvatè ki la pou obsève eleksyon an pou pati li. Nan eleksyon Ayiti mandatè konn bay anpil pwoblèm. Yo fè magouy pou pati yo ak kandida yo.

KEP a kreye yon pwoblèm grav paske yo pa’t delivre akreditasyon pou tout pati politik yo a tan. Daprè prezidan KEP a, Joseph Herbert Lucien Teknisyen ki te responsab pou delivre dokiman yo sove. Se sa ki kreye tout pwoblèm ak kesyon mandatè a.

Nan mitan jounen an Prezidan konsèy elektoral la Pierre Louis Opont, premye minis la Evans Paul ak chèf lapolis la Gotson Orelus te bay yon konferans pou laprès eksplike kòman yo satisfè pou jan jounen elektoral la ap dewoule. Prezidan konsèy elektoral la ki te konnen pwoblèm mandatè yo kouvri kesyon mandatè a.  Lè yo mande li eksplike kouman Joseph Herbert Lucien fè sove ak dokiman mandatè yo, mesye Opont di “ mwen satisfè jan jounen elektoral la ap dewoule. KEP ap a pran tout mezi pou relouvri sant ki fèmen yo pou popilasyon an ka al vote.” Premye Minis Evans Paul ale sou menm lanse bò kote pa li kote li envite popolasyon an pou ranpli devwa sivik li pou al vote pandan yo inyore tout pwoblèm sistèm elektoral la.

Prezidan konsèy la montre li iresponsab lè li kase fèy kouvri pwoblèm mandatè a pandan jounen elektoral la. Se jis aprè jounen an fini li admèt ke gen yon gwo pwoblèm ki kreye difikilte pou mandatè pati politik yo gen aksè a sant vòt yo. Fòk nou siyale se pa tout pati ki te gen pwoblèm non, pati ki pouvwa ak pwòch li te gen aksè depi 6zè nan maten ak tout sant.

Teknikman pwoblèm mandatè a pa ka rezoud nan jan sistèm elektoral nou an fonksyone. Ann pran yon komin ki gen 50 kandida, sa vle di kandida sa yo dwe gen mandatè nan tout sant vòt ki nan komin la. Menmsi tout pati politik ak kandida te gen akreditasyon li enposib pou mete tout mandatè sa yo nan yon sant vòt. Pwoblèm espas, ak kontwòl ap fè li difisil.

Men ann serye vrè pwoblèm lan se sistèm politik konwonpi nou an ki bay rezilta eleksyon gagòt nou abitye fè yo. Ayiti se yon peyi ki jèn nan sistèm demokratik la men si n’ap gade evolisyon pwosesis demokratik la an Ayiti, nou ka reyalize nou gen anpil pwoblèm e nou lwen anpil pou òganize yon bon eleksyon.

Ann gade istwa kèk eleksyon an Ayiti, 16 desann 1990 premye eleksyon demokratik an Ayiti. Eleksyon sa a mennen Jean Bertrand Aristide sou pouvwa ak yon majorite konsiderab vòt yo men jis nan moman n’ap pale la a pa janm gen yon rezilta ofisyèl ki bay. Yon gran majorite popilasyon an pran lari deklare Titid prezidan. San kontestasyon Aristide prezidan paske se te sa popilasyon an te vle nan moman an. Eleksyon 1990 yo trase yon chemen ki mennen nan kote nou ye jodi a, kote se lari a ki bay rezilta. Yon kilti politik ki chita sou sa pa ka òganize eleksyon ki onèt ak kredib. Aprè eleksyon 16 desanm 1990 yo tout eleksyon ki swiv li toujou fèt anreta, moun ki sou pouvwa a toujou santi li twò chèf oubyen vle fè dappiyanp sou eleksyon yo. Se tankou nou retire sistèm diktati sou fòm men li toujou la nan pratik politik nou yo.

Youn nan eleksyon ki vrèman enteresan se eleksyon 2010 yo. Li klè pou tout moun Prezidan Preval se yon manipilatè e li te klè yo te pare pou fè dokreyiyès sou vòt la pou enstale Jude Celestin kòm prezidan. Yo te òganize eleksyon lejislatif la kote platfòm prezidansyèl INITE vòlè eleksyon an malgre pati a te gen yon patisipasyon vrèman fèb. Eleksyon prezidansyèl yo te derape menm jan.

Jounen elektoral 28 Novanb 2010 yo se te yon dezas , magouy gate eleksyon an. Avan 2 zè nan aprè midi yon dizè kandida ak pati politik mete ansanm mande anilasyon eleksyon an paske daprè yo INITE platfòm prezidan Preval nan moman an t’ap vòlè eleksyon. Nan otèl 11 nan pi gwo kandida yo ki enkli Madan Manigat, Jean Henry Ceant ak Michel Martelly patisipe nan yon gwo konferans pou laprès mande anilasyon eleksyon yo. Jou 28 Novanb li te bèl pou wè anpil kandida ak pati politik kanpe ansanm kont koripsyon ak magouy pou mande bon eleksyon.

Nan jou ki swiv yo kominote entènasyonal la, espesyalman reprezantan MINUSTAH a pwopoze yon dezyèm tou ant Michel Martelly ak Mirlande Manigat. Yon pwopozisyon ki ale kont tout nòm demokratik paske pa’t gen okenn done fyab pou te jistifye se moun sa yo ki te devan. Yon egzanp klè nan rezilta KEP a te mete disponib yo se Jude Celestin Premye, Mirlande Manigat dezyèm, Jean Henry Ceant twazyèm e Michel Martelly katriyèm. Yon lòt fwa ankò jan sa toujou fèt, lari a te cho. Patizan Michel Martelly te kòmanse boule kawotchou, fè dezòd, bloke lari. Sa te montre se li ki gen plis moun paske se konsa politik fèt Ayiti.

Jounen gagòt elektoral 9 Dawout 2015 la, se rezilta yon politik salisan ke nou abitye wè a . Yon sistèm kote aktè yo dakò pou kontinye òganize koudjay elektoral nan peyi a. Premye konsiderasyon se eleksyon sa yo fèt anba presyon lari  ak kominote entènasyonnal la.

4 lane san eleksyon, kominote entènasyonal la pral bezwen moun ak yon lejitimite ki pase nan yon pwosesis ki daprè yo bon pou sèvi entèmedyè ant yo ak popilasyon an. Ayiti anba okipasyon nasyonzini e depann totalman de èd entènasyonal la. Li difisil pou se pa yo ki deside tout ti detay.

2 jou aprè eleksyon òganizasyon Eta Ameriken OEA ak Inyon Ewopeyèn di yo satisfè de jounen elektoral la, yon pozisyon ki plis fè yo sanble ak envestisè ke peyi zanmi Ayiti. Tout jounalis, obsèvatè lokal ak yon gran pati nan opinyon piblik la denonse eleksyon fo mamit 9 Dawout la. 35 milyon dola depanse nan printe bilten Dubai, achte ti moso katon ak vye kalite lank ki te yon gwo pwoblèm jou eleksyon an paske li te fasil pou lave epi al vote ankò. Kounye a se la nou ye nan menm kafou 2010 la, kote se entènasyonal la ki kanpe an bòs k’ap defann lajan yo envesti nan nou pou fè eleksyon.

Jodi a demokrasi Ayisyèn mouri, nou pran twòp pataswèl nan men kominote entènasyonal la aprè chak eleksyon fo mamit kote nou met tèt ansanm pou fè peyi a mal. Eleksyon ki se zouti ki pi enpòtan nan yon demokrasi tounen yon fwèt kach nan do popilasyon an, yon pèp, yon peyi k’ap chache yon fomìl pou yon demen miyò. Li difisil pou mete yon chif oubyen yon pousantaj sou moun ki pa vle bon eleksyon ak pare pou fè koken nan chak eleksyon, men sa ki sèten se yon bon kantite. jiskaske nou tonbe dakò sou prensib demokratik pou etabli yon bon konsèy elektoral san fòs kote, nou fenk kare òganize kanaval elektoral.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed