Èske li pral fè jou?

Se te yon konsè ki t ap fè nou konprann gen lavi toujou, nou ka souri, men tou lavi pase l kite dlo nan je nou ak yon Mikaben nou pa gen dwa janm bliye.

Photo via Carimi Nation

Kijan pou n konte lavi? Pa ti gode? Mamit? Kijan l ka separe? Nou dwe bay moun nou renmen ase oswa chak souf merite on lòsyè? Sa gen anpil anpil tan kesyon sa yo, ak lòt ankò pa sispann mete lespri nou an boulatcha. Èske lavi kout vre? Si se sa, kijan pou n kenbe l oudimwens kijan pou n apante li? Kijan pou n pa kite l chape? 

Yon jou, yon manman pran lari a pou bouske lavi, nan yon mache, ak sèlman lespwa kenbe nan men l men li pa rantre paske li resevwa yon grenn bal ki pèdi wout li. Yon jou ankò, Sandra René, yon ouvriyèz ki te ansent soti ale pran swen nan lopital Men li pa antre paske li pat jwenn laswenyay sa a. Yon lòt jou, yon jenn gason, yon jenn fanm, yon papa pitit, yon ti lezanj, yon ponyen moun, yon latriye kretyen vivan chita lakay yo, kanpe bò lari a, nan bourike, Nan souri, nan gade, pèdi lavi; nan yon ti souf tan. 

Nan peyi Dayiti, nou kwense nan mitan “selebre lavi paske l kout” ak “èske lavi reyèlman fèt pou nou”. Nou kwense nan mitan “èske n dwe reziste pou n kapab sere lavi pou sila k aprè nou” ak “èske n dwe kannale san panse ak anyen”, nou bare nan chak rakwen ap chache kijan nou ka abitye ak lanmò men, se pa bagay ki anba men nou. “Quand on est jeune, on ne meurt pas. On perd la vie”, Youssoupha di nan “Mourir mille fois”. Isit, nou fin konte, chif nou bout, nou sispann panse ak kijan nou ka plòtonnen ti fil sa a ki kenbe nou an. Mizik la fini, nou dwe desann sèn nan men nou efondre.

Mikaben, yon atis wòdpòt travèse sou yon sèn aprè l fin bay yon dènye souf nan yon nòt mizik. Li di “mwen renmen nou”, yon fraz k ap rete nan listwa mizik nan peyi a. Yon fraz nou tèlman dwe sere anba bra nou pou nou di tèlman lavi fè lafimen, tèlman lavi ra, lavi toudenkou epi l pa mize. Mikaben se yon otè, konpozitè, entèprèt ak pwodiktè ki fèt Ayiti nan lane 1981. Mika pote gwo sipò nan mizik ann Ayiti, se yon atis ki kòmanse karyè mizikal li depi a 18 lane ak konkou chante nwèl videomax 1999  epi ki fè chimen nan mizik ayisyen atravè divès zèv tankou “Ou pati”, MKBN, Ayiti Se, Si m te gen zèl elt epitou atravè plizyè kolaborasyon ak atis ak gwoup ayisyen kou etranje. Nou ka site pami yo Rutshelle, BelO, Elephant Man, J Perry, Carimi.

Se konsa nan konsè Carimi aprè plis pase 5 lane depi gwoup la fann, Mika bay dènye nòt li. Konsè sila ki t ap dewoule Lafrans, nan lokal Accor Arena te yon moman  pran ti souf parapò ak kontèks leve kouri ki genyen nan peyi a depi kèk tan. Se te yon konsè ki t ap fè nou konprann gen lavi toujou, nou ka souri, men tou lavi pase l kite dlo nan je nou ak yon Mikaben nou pa gen dwa janm bliye. Mika jwenn zèl, li vole al keyi zetwal nan syèl kouwè yon zwezo men se nou menm ki pa t pare pou sa, mizisyen, fanatik, popilasyon ayisyen an te vle re-viv yon moman zetensèl nan mitan gwo fè nwa sa a ki blayi sou nou an epi kisa nou jwenn se yon zanmi, yon mari, yon kreyatè, yon papa ki pati kite nou pandan rasin te gentan pouse.

Pandansetan, yon rigòl san anplis pran koule nan laplèn ak wout frè. Pyès nan viktim yo pa t gentan fè pakèt pou peyi san chapo. Kay boule, timoun kou Mapou tonbe, lakou kraze avan menm yon dènye omeli te chante. Doulè sa yo pap janm ka efase nan memwa pèp ayisyen an, maleng sa yo pap ka geri fasil sou kò ayisyen. 

Moman an make fè nwè, tan an sonb, nou bezwen konnen si se paske li pral jou. Si se paske nou bezwen solèy leve sou jounen nou, nou bezwen yon nouvo jou ki ka pote limyè pou nou.

Byen travèse Michaël Benjamin!

Pou Mikaben ak tout zantray nou yo ki travèse…

Vanessa Jeudi

Vanessa Jeudi

Haitian singer, composer, pianist, and feminist activist

No Comments Yet

Comments are closed