Poukisa Sonia ak Anpil Lòt ap Kouri Kite Sendomeng: Istwa sou Fontyè a

This post is also available in: English

This post is also available in: English

“Lò ak dyaman pa kapab fè mwen tounen Sendomeng” Sonia Pierre 37, ak de pitit li ki san peyi konya : Kervens Masela 4 lane ak Choucheline Masela 2 lane. Ak dlo nan je Sonia rive sou fontyè Ayiti ak Sendomeng nan Wanament, men soulaje paske li soti anba menas Dominiken nan Santiago kote lap viv depi 9 lane. Sonia chape poul li ak 2500 pesos, kabann li, de chèz ak rad timoun li yo. Se sa sèlman li te ka pote ak li lè li abandone Santiago. Mari Sonia mouri, asasinen nan Santiago. Bandi Dominiken touye mari li e rache kò li aprè yon diskisyon pandan mari a t’ap vann.

2 pitit Sonia yo se Sendomeng yo fèt e te gen papye nòmal, men aprè bandi Dominiken boule kay li 2 ane de sa, li pa gen papye ni pou li ni pou timoun li yo. San Mari ak 2 timoun, lavi Sonia se yon kalvè nan yon peyi li ale pou chache lavi miyò. Sonia te konn vann fwi ak legim nan Sendomeng men biznis la kraze aprè li pèdi tout sa li te sere e posede pandan kay li boule.

IMG_7727“Depi aprè dat pou enskripsyon nan pwogram nasyonalizasyon an ekspire a, mwen konsakre mwen pou jwenn yon ti mwayen pou tounen Ayiti pou sove lavi’m ak lavi pitit mwen. Sa fè plis pase 10 jou Dominiken ap fè mwen e lòt vwazen nou menas pou nou abandone zòn nan.”

Sou fontyè Wanament menm jan ak tout lòt zòn fontalye ant Ayiti ak Sendomeng se yon sèl mouvman ki ap fèt : Ayisyen k’ap abandone Sendomeng pou retounen Ayiti. Pandan tout jounen, gran majorite fontyè a domine pa moun k’ap abandone pa pil e pa pakèt. Moun sa yo gen tout kalite moun ladan yo, gen moun ladan yo ki viktim de zak bandi dominiken ak polis oubyen militè.  Pami moun ki tounen yo, genyen ki te ilegal, gen yon gwoup ki minoritè ki te legal men retounen paske yo pa renmen tretman lòt konpatriyòt yo ap resevwa anba men otorite dominiken ak bandi ki pran avantaj pou vòlè byen moun pandan yo nan moman difisil sa a.

Pandan n’ap Mache Sonia di’m “Mwen pa gen anpil, men mwen gen diyite. Mwen te ale chache lavi miyò ansanm ak mari’m men jodi a mwen pèdi li. Mwen se youn nan viktim zak vyolans leta dominiken ak bandi dominiken. Gen anpil lòt Ayisyen mwen konnen ki viktim e yo nan yon sitiyasyon ki grav anpil. Gen moun ki vle vini men ki pa gen mwayen pou vini ak ti sa yo posede, e genyen ki pè se nan kache yo ye.” Mwen koute Sonia avèk anpil atansyon, li te klè ke pawòl Sonia yo te pawòl yon moun ki twomatize e dezespere.

Li te vrèman difisil pou pale ak Sonia, li te prese pou ale pi lwen Sendomeng posib. Mwen te gen de chwa kontinye poze Sonia plis kesyon pou ekri yon istwa pafè pou ou, oubyen ede li pote bagay li ak de timoun li yo pou al pran machin pou soulaje li. Mwen te chwazi ede Sonia travèse soti nan estasyon dominiken pou ale pran machin pou ale Gonayiv.

Anpil moun ap gade Ayisyen k’ap retounen masivman nan 11 dènye jou sa yo men gen anpil bagay nou pa konnen, e kisa ki dèyè moun sa yo. Sonia pa premye e sèl viktim. Andre Joseph 53 , pase 40 lane nan lavi li ap viv nan Repiblik Dominikèn. Andre se youn nan moun yo depòte ansanm ak 25 lòt moun sou fontyè Malpas la. Jou ki te 17 jen an ki te dat limit pou anrejistreman nan pwogram legalizasyon an, yon gwoup Dominiken atake kay li nan Barahona e menase pou boule li nan kay la ak madanm li e pitit li.

Andre kouri ale remèt tèt li nan pòs polis ki pi pre lakay li a. Lapolis arete Andre e fèmen li nan yon sant detansyon nan Jimani kote li pase plis pase 7 èd tan avan yo lage li sou fontyè a nan aswè. Dominiken vòlè tout jaden li, tout bèt li, tout sa li te posede. Jodi a Andre ap dòmi nan yon ti chanm klas nan Fonbaya kote se pè Jezwit ak yon pastè nan zòn nan ki ba yo kote pou dòmi tanporèman pandan lekòl fèmen an.

Sonia pa’t janm gen chans pou te anrejistre nan pwosesis legalizasyon an, akòz li pèdi tout papye li ak papye pitit li yo. Pitit Sonia yo ki fèt Sendomeng, konya san papye san peyi. Yo sèlman benefisye de fontyè a ki pa gen kontwòl e iresponsabilite gouvènman ki pa ranfòse sèvis imigrasyon an nan moman kriz sa a. Semèn pase a  prezidan ayisyen an Michel Martelly deklare  “Ayiti pap resevwa okènn sitwayen Dominiken.”

Nan ka pa Andre li te vrèman difisil pou fè pwosesis la. Andre t’ap viv ak papye ayisyen li sèlman, e li peye yon vwazen Dominiken pou ede li jwenn papye dominiken. Men papye zanmi a bay li yo te fo. Lè li reyalize sa, Andre te fè kèk jefò pou jwenn kèk papye men biwo anrejistreman an te lwen anpil e Andre malad nan pye nan 4 dènye mwa avan li te depòte Ayiti.

Retou masif Ayisyen yo aprè menas depòtasyon masif otorite dominiken yo chita sou plizyè aspè. Anpil nan moun ki abitye viktim anba men otorite dominiken oubyen bandi dominiken, se premye nan gwoup k’ap chape poul yo pou pa viktim ankò. Istwa Sonia ak Andre repete souvan nan kominote ayisyèn an nan Repiblik Dominikèn. Jiskaprezan, retou masif Ayisyen ki pi vilnerab yo pa chita sou sèlman yon pwoblèm legal, se yon pwoblèm ki gen rasin li nan pèsekisyon pèmanans Ayisyen ap viv chak jou swa anba men otorite dominiken oubyen bandi ki toujou ap fè dapiyanp sou byen Ayisyen.

Istwa Sonia ak Andre demaske narativ depòtasyon volontè a. Èske nou ka vrèman rele sa “volontè” lè se anba menas moun sa yo ap chape poul yo? Èske nou ka rele sa “volontè” lè moun sa yo pat’ gen lòt kote pou yo ale? Sonia di ke lò ak dyaman paka fè li tounen Sendomeng. Konya kesyon an se èske kondisyon k’ap tann li ak pitit li yo ann Ayiti ap pèmèt li kenbe pwomès sa?

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed