Allez Les Grenadières

This post is also available in: English

Lè ekip foutbòl feminen Ayiti a monte teren an pandan 90 minit, li pèmèt pèp Ayisyen an reve. 

Atik sa te premye pibliye sou Africa Is a Country nan dat ki te 9 Avril, 2024. Atik sa pwodui ak sipò Round Earth Media Program nan International Women’s Media Foundation an kolaborasyon ak Woy Magazine.

Dapre jounalis spòtif Ayisyen an, Bertinie Cherizard, “Ayiti se youn nan pilye nan foutbòl feminen nan Karayib la.” Grenadye yo, ki pote non yon inite nan lame endijèn ann Ayiti, ap atire anpil atansyon paske yo se, sa FIFA rele , jenerasyon an lò jwè foutbòl fanm Ayisyen yo.  Medam yo montre enpak yo  lanne apre lanne malgre tout obstak ki kraze yo. An 2023, ekip nasyonal foutbòl feminen senyò a te patisipe pou la premyè fwa nan koup di mond feminen an, men li pa te rive pase etap faz gwoup yo. Li te gen youn nan ekip ki te pi jèn, ak sèlman 4 jwè ki te gen plis pase 25 lanne epi 6 adolesan. Grenadye yo vin parèt yon lòt fwa sou sèn entènasyonal la an fevriye 2024 nan lokazyon preliminè Gold Cup feminen CONCACAF la, kote li te jwe dènye plas kalifikatif tounwa a kont Pòtoriko. 

Atansyon yo resevwa dènyè tan sa yo se yon avantaj men rekonesans sa pa fèt jodi pou demen, se yon batay san kanpe depi plis pase 50 lanne. An 1971, nan pak Sent Terèz, ki nan Petyonvil, yon zòn nan komin Pòtoprens lan ki a 8 mil kilomèt anba lavil la, te kòmanse gen match foutbòl jèn fanm ak tifi katye nan zanviwon yo. An desanm, Amazones, ki se premye klèb foutbòl fanm ann Ayiti, te pran nesans. Anpil lòt klèb te byen vit vin fòme: AS Tigresse, Excelsoir nan Laplenn,  ak Gladyatrice pran nesans nan kòmansman lanne 1972. Pandan dezyèm tounwa nan Pak Sent Terèz nan mwa oktòb 1972, 10 ekip foutbòl fanm te enskri. Spò a vin anvayi lòt zòn ki pa nan Pòtoprens. Vin gen ekip tankou: Aurore de Brach,  Anacaona nan Leyogàn, Star des Gonaïves, Les Jongleuses du Cap Haitien, ak Surprise de Jacmel. Tout klèb yo te gen fanatik fidèl ki te konn mennen foul moun. 

An oktòb 1973, Federasyon Foutbòl Ayisyen an ofisyèlman rekonèt foutbòl feminen an epi bay ekip yo aksè a stad Sylvio Cator ki se stad  nasyonal la. Chanjman desizif sa pèmèt Ayisyen ale nan match medam yo a pye sa ki vin ede yo redui sou lajan transpò a ki te twò wo pou fanatik ki nan klas ouvriye Pòtoprens lan ki te dwe monte ale  Sent Terèz. Tank lanne ap pase, gen  nouvo resous yo ofri foutbòl feminen an tankou Camp Nou, pi fò moun rele “ranch lan”, ki se yon sant rezidans  pou jwè ki jèn yo kote yo jwenn ansèyman tradisyonèl ak antrènman spòtif. 

50 lanne apre,  ekip nasyonal fanm lan se ti chouchou peyi a. “Jounen jodi a, eksitasyon an pran yon lòt dimansyon. Yo envesti plis lajan nan foutbòl feminen an, gen plis je sou li e teknoloji a pi avanse. Nou  gen de veritab sipèsta nan ekip la” Cherizard deklare. Pami yo, gen  kapitèn ekip nasyonal la , Nérilia Mondésir, yo bay ti non “Nérigol” tèlman li konn fè gòl. Li te kòmanse nan AS Tigresse, jounen jodi a l ap jwe nan lig 1 pou yon ekip nan peyi Lafrans  ki rele Montpellier HSC. Genyen tou, Melchie Dumornay alyas Corventina, ki se milye teren vedèt Ayiti a ki “ pral vin youn nan fanm pi gwo jwè nan mond lan” dapre antrenè stad Reims lan. Epi nou jwenn, Batcheba Louis ki se loreya pi bèl gòl nan premye divizyon franse foutbòl feminen an pou sezon 2021-2022 a.  Cherizard esplike: “ Medam sa yo bay anpil bon rezilta depi yo ap patisipe nan tounwa U20 ak U17 yo. Nouvo kalifikasyon pou koup di mond lan mete anpil je sou ekip nou nan rès mond lan, men ann Ayiti, nou te ladann depi lontan”. 

Kokennchenn gadyen ekip nasyonal la ak FC Miami an, Kerly Théus, vin tounen san okenn dout ti chouchou popilasyon Ayisyen an depi koup di mond 2023 a. Li fèt Kanape Vè jou ki te 7 janvye 1999 la. Théus kòmanse jwe sou katye li tankou tout lòt medam ekip la;  karyè gadyen li pral demare nan ekip Aigle Brillante nan Pòtoprens yon jou ekip la pa te gen gadyen disponib. Théus  sonje “Sè m lan f on rèl sou mwen pou m al jwe nan pòs gadyen an. Men m pa t vle. M te vle Joe. Gen yon lide ki fè kwè se jwè ki pa twò bon yo mete jwe gadyen, kidonk okenn moun pa te vle jwe nan plas sa.” 

Théus admèt li pa t yon  twò bon gadyen lè li te fenk kòmanse nan ranch lan. Li sonje yon match kote ekip li t ap pedi 3-1: “Yo fè m monte teren an epi ekip la fini pa pèdi 5-3. Pa t menm te rete anpil tan nan kwonomèt la” , li di pandan l ap ri. “Men mwen kwè nan travay di. Cristiano [Ronaldo] se jwè prefere m. li menm tou li kwè nan travay. Se pou sa li gen plizyè balon dò. Se objektif mwen sa tou.” Disiplin sa li bay tèt li a fè li te yon eleman esansyèl nan twa (3) match Grenadye yo te jwe pandan koup di mond lan. Malgre sondaj yo te predi t ap g on gwo defèt fas a Angletè, Théus evite yon masak lè fè 10 arè eksepsyonèl sa ki fè skò a te rete 1-0. 

Nan mwa fevriye, ekip nasyonal senyò foutbòl feminen CONCACAF yo patisipe nan premye edisyon Gold Cup feminen an. Apre yo fin rive monte nan dezyèm plas  nan yon gwoup kalifikasyon ki te gen ladann Kostarika ak Sent-Kits-ak-Nevis, ekip la bat match 17 fevriye  kont Pòtoriko. Ayiti pran yon gòl penalite nan 41 èn minit match la; jefò enpòtan ofansif Grenadye yo pa te pèmèt yo egalize nan mitan an. Mondésir pa te rive pwofite  penalite nan 75 èm minit la kidonk ekip la te fini pa pèdi 1-0. Malgre talan jwè Ayisyen yo ak klèb pwofesyonèl wo nivo y ap jwe ladann yo, ekip feminen an pa te reyisi yon lòt fwa ankò, franchi etap eliminatwa a. 

Théus lage chay defèt sa sou do mank koneksyon. “Te gen anpil nouvo jwè, anpil nan jwè ki abitye jwe yo pa t la e nou gen yon nouvo staf,” Théus esplike. “Nou pa te reyisi jwenn yon ekilib. Tout bagay chita sou koneksyon. Lè ou wè nou sou teren an, se tankou nou chak ap fè afè pa n”. Sitiyasyon sa se konsekans pil lanne san yon gwo pati nan enfrastrikti nesesè ki enpòtan pou mete chita yon ekip pèfòman sou sèn entènasyonal la. Menm si sipòtè Ayisyen yo te desi, ekip la kite mak li kanmenm: Melchie Dumornay, ki jwe tou pou klèb foutbòl Olympique Lyonnais, te youn nan meyè bitè  match kalifikasyon KONKAKAF la, menm jan ak Salvadoryen ki rele Brenda Cerén, yo tou de fè 8 gòl. 

An 2020, de jounalis pibliye yon atik nan The Guardian pou denonse enjerans, koripsyon ak krim nan Federasyon Foutbòl Ayisyen an. Yo akize  prezidan federasyon an, Yves Jean-Bart,  ap fè agresyon seksyèl jwè minè pandan plizyè lanne nan ranch lan. Akisasyon sa yo te chita sou asèlman, menas, chantaj ak presyon sikolojik. Jean-Bart finalman remèt demisyon li, FIFA te entèdi l okipe yon pòs nan federasyon an. An 2023, Jean-Bart te fè apèl nan tribinal abitrè spò (TAS) a e li te genyen. Jounalis envestigasyon yo ak òganizsyon ki nan  opozisyon yo fè kwè  yo menase viktim yo pou yo ka fè silans. Malgre arete TAS la, yon komite nòmalizasyon kontinye ap dirije federasyon an. 

Ekip feminen Ayiti a fè anpil jefò pou reprann li epi kontinye jwe nan pi wo nivo malgre enpak gwo  akizasyon yo. Men pandan li t ap rekonstwi tèt li, ekip la te oblije fè fas a pwoblèm peyi a. Dapre yon rapè Nasyonzini, 80% vil Pòtoprens anba men gwoup bandi ak zam fann fwa. Katastwòf ensekirite Ayiti ap konfwonte dènye lanne sa yo te yon obstak enpòtan pou gwoup la, e ranch lan te vin fèmen. Pi fò aktivite sosyal yo kanpe e stad Sylvio Cator ki nan mitan zòn plizyè gwoup bandi anvayi, te sibi atak kote yo piye epi boule li sa ki vin fè Federasyon an paka itilize l pou  òganize match amikal ankò. Ak tout evènman politik sa yo, medam ki nan ekip la te pito eskive pale politik nan laprès oubyen sou rezo sosyal yo. Manb seleksyon maskilen Ayisyen an pi dirèk sou rezo sosyal yo,  yo menm kritike yo pou kòmantè ki pa adekwa yo fè. Medam Grenadye yo pi pridan ak imaj yo, yo pito se enpak yo kòm senbòl fyète politik ki prensipal kontribisyon yo nan diskou sila.  

Enstabilite sa ki ap pèsiste nan peyi a, afekte anpil koyerans nan ekip la, li anpeche jwè yo devlope yon senkwonizasyon ant yo. Match amikal yo se yon pratik esansyèl pou konstwi senbyoz ekip la. E depi 2020,  Grenadye yo pa jwe ansanm apa match ofisyèl ki fèt 4 fwa pandan tout lanne sa yo. An plis de limit nan eksperyans yo, ensekirite ki nan kapital la anpeche ekip nasyonal yo  òganize match lakay yo, kidonk, atlèt yo al jwe kay vwazen an,Sen Domeng. Match sa yo fèt nan mitan yon konfli diplomatik dezagreyab ant 2 peyi yo sou kestyon peyizan Ayisyen ki ap konstwi yon kanal sou rivyè Masak la ki s on rivyè ki pase ant Ayiti ak Sen Domeng. Sikonstans patikilye sa yo te ka detwi nenpòt ekip, sa ki rann tout sa Grenadye yo fè pi remakab toujou – soti nan kalifikasyon pou rive nan rekò pwen. Tout sa rive fèt gras ak yon gwoup fanm ki chaje talan ki kontinye pèsevere malgre tout kalite obstak. 

Pandan dizèn lanne ki pase  yo, pèp Ayisyen an ap sibi yon seri kriz ki pi trajik chak jou pi plis, e ekip spò Ayisyen yo pa epanye. Yon federasyon kowonpi, mizojini ekstrèm, yon gouvènman defakto ki kite tout enstitisyon yo peri:  ekip foutbòl feminen Ayisyen an te oblije fè fas kare ak tout kalite difikilte nou paka imajine jis pou yo ka reprezante peyi yo. Malgre sa, yo reyisi kreye yon bagay espesyal e menm si yo pa rive depase faz gwoup yo, listwa ap kenbe jan medam ekip Grenadye yo se yon fòs nou ka konte sou li. Théus di nou “Tout sa mwen ap fè nan moman an se sa mwen te toujou reve”. Malgre tout eprèv yo, Grenadye yo kontinye ap batay. E chak fwa medam sa yo monte sou teren an, pandan 90 minit, Grenadye yo pèmèt pèp Ayisyen an reve.

Tradiksyon: Doris LaPommeray 

Photo credit: Image credit Russell Watkins via Flickr CC BY-NC-ND 2.0 Deed.

Magdala Louis

Magdala Louis

Psychologie, cinéma, militante et féministe, auteure, médiatrice culturelle en street art.

No Comments Yet

Comments are closed