This post is also available in: English
“Lè pi fò moun wè Ayiti, anpil nan yo panse a vil Pòtoprens lan men Ayiti plis pase sa. Pi fò peyi a gen anpil zòn riral tankou Fisi yo pa manyen yo, ki kache nan mòn yo.”
Angello Jean, fondatè Vwayajè
“Sitiyasyon ensekirite peyi a, dekouraje nou pou nou al dekouvri peyi nou. Peyi nou bèl e li rich. Li lè pou nou aprann e vreman konnen peyi nou », Angello ki se fondatè Vwayajè esplike n. Depi kèk tan, Depatman Deta Ameriken mete Ayiti nan nivo 4 nan dokiman konsèy pou moun k ap vwayaje, « peyi pou w pa vwayaje ladann ». Yo avèti vwayajè yo pou yo konsidere tout risk pa rapò ak vwayaj oubyen sejou yo ann Ayiti, a kòz sitiyasyon ensekirite peyi a ap travèse kounye a ak pwoblèm enfrakstrikti yo. Dapre ankèt nasyonal OCID fè an 2021, sekirite se pwoblèm ki pi enkyetan selon 62% popilasyon an. “ Nan yon peyi kote gen plis pase 10 milyon moun, vre difikilte sa yo ap kontinye sa ki menase elimine kwasans sosyo ekonomik epi anpeche n fè eksperyans Ayiti cheri nou an ki se yon mèvèy. Malgre sa, nou dwe kontinye”, Angello pousuiv pou li di.
Vwayajè se yon inisyativ eko tourism lokal Angello Jean ak yon gwoup gid lokal ap dirije. Yo vwayaje yon mannyè responsab nan diferan zòn natirèl nan tout peyi a, e yo travay pou konsève anviwònman an epi amelyore byennèt sosyo ekonomik popilasyon lokal yo. Vwayajè, kòmanse fonksyone an 2021. Vwayajè ankouraje n dekouvri lanati, richès ak valè Ayiti atravè patrimwàn li pandan li ankouraje respè anviwònman an ak pwoteksyon kilti lokal la.
Aprè 6 mwa kanpe, Angello te santi si li vle kenbe vizyon li an anvi, li ta dwe kwè epi òganize yon mach nan mòn lan. Gran vakans 2022, ekip Vwayajè a tounen nan vil Fisi kote li te pran nesans. Fisi se yon vilaj ki fè fre nan mòn ki a 1 è de tan lè w sot Petyonvil oswa a 48km Sidès Pòtoprens. Zòn sa a ki a 5000 pye sou tèt kapital la, gen yon kominote ki akeyi moun byen, ki gen yon peyizaj ekstraòdinè ak rezèv ekolojik. Se la ki te pi bon kote pou kòmanse Vwayajè. Byen vit, Angello devlope yon senpati ak moun Fisi yo. Li te travay nan tèt kole ak kominote a pou chwazi teren pou fè kan tankou ‘Kay Jean Paul’ kote abitan zòn lan ak vwayajè yo ka vin eksplore mèvèy natirèl Ayiti yo.
“Lè pi fò moun wè Ayiti, anpil nan yo panse a vil Pòtoprens lan men Ayiti plis pase sa. Pi fò peyi a gen plis zòn riral tankou Fisi ki sanble yo pa manyen yo, ki kache nan mòn yo. Men bote sa a kache anpil difikilte”, Angello kontinye pou l di.
Nan antre vil la, wout asfalte pou rive Kenskòf yo kanpe epi wout tè wouj yo kontinye nan bòdi vil la. Enfrastrikti yo vreman limite sa ki rann pi grav aksè pou jwenn dlo nan zòn ki pi lwen tankou Fisi yo.
Lè nou derape ak Vwayajè, nou te toujou gen nan tèt nou yon imaj jeneral. Nou te vreman swete, moun zòn yo ak vwayajè yo ka pran swen epi kiltive tè a.
Pi fò moun ki ap viv la yo travay latè pou yo rive siviv. Yo plis agrikiltè ki gen ti moso tè ki kiltive pwodui limite bò kote ti kay an bwa ki simaye sou tèt mòn yo.
Chanjman klimatik la gen gwo konsekans sou kominote Fisi a. Peryòd sechrès ki ap grandi ak inondasyon nenpòt kilè yo gen gwo enpak sou kominote agrikòl yo. Mete sou sa, neglijans jeneral otorite nan gouvènman an ak move politik ki kontinye ap detui kapasite peyi a genyen pou li okipe tèt li. Sa ki fè anpil kiltivatè oblije kite tè yo pou yo al viv lavil. Vil Ayiti yo pa gen kapasite pou kenbe tout moun sa yo a kòz jan sitiyasyon kriz sosyo ekonomik la ap dewoule jounen jodi a.
“Lè nou derape ak Vwayajè, nou te toujou gen nan tèt nou yon imaj jeneral. Nou te vreman swete, moun zòn yo ak vwayajè yo ka pran swen epi kiltive tè a. Pou nou kapab grandi epi transmèt richès sa a epi planifye pou jenerasyon ki ap vini yo. Nou konnen nou paka fè travay sa a poukont nou. Nou bezwen gouvènman an bay kominote tankou Fisi yo bourad nan mete enfrastrikti ak bon ankadreman. Nou bezwen kominote nou an, dirijan nou yo ak gouvènman an kenbe men nan men pou prezève sa ki la a pandan y ap planifye demen”.
Topografi Ayiti fè li se yon destinasyon ekotouristik ideyal pou moun ki renmen avanti, ki san konplèks e ki gen yon konsyans sosyal.
Bizaman, Ayiti ofri tout bagay. Yon kilti ak tradisyon ki rich, yon manje ki koupe dwèt ki soti nan agrikilti ekolojik, plaj ak sab cho, mòn kote kifè fre e ki vèt, anpil chit dlo klè kou dlo sous ak vale agreyab nan mitan de sa yo.
Pou lanne 2022 a, magazin Forbes mete Ayiti nan 50 pi bèl peyi nan mond lan. Men, depi kèk tan, dekouvri zile a parèt raman nan lis rechèch entènèt yo. Sitiyasyon sosyo ekonomik la ak migrasyon an mas Ayisyen ki ap chache refij pran tout gran tit yo. Fòk sa chanje.
Enstabilite politik ak vyolans gwoup bandi menase sitwayen lokal yo e rann pi grav sitiyasyon frajil moun ki ap viv nan zòn ki lwen yo tankou Fisi, kote kominote sa yo te deja neglije. Popilasyon an kontinye ap mande dirijan yo pi bon gouvènans.
Gouvènman an gen pou manda pou li bay sitwayen li yo sekirite ak enfrastrikti. Se sa ki reskonsabilite leta. Moun nou chwazi pou dirije yo dwe aji epi kanpe bò kote kominote li reprezante yo. Pandan m ap ekri atik sa, kantite moun ki bezwen an ijans yon èd alimantè pase de 3 a 4 milyon moun (sa ki vle di anviwon 30 a 40% popilasyon an). Ayiti gen nivo ensekirite alimantè ki pi wo nan mond lan, 4.5 milyon Ayisyen — preske mwatye popilasyon an — paka manje pou bese grangou. Sitiyasyon sa a paka kontinye.
Menm si gen inisyativ tankou Vwayajè ki ankouraje nou selebre, prezève ak pran swen tè zansèt nou yo te batay pou li a, sa paka rete la. Peyi a bezwen yon lòt oryantasyon ak yon devlòpman estriktirèl. Nou paka kontinye ap egziste nan yon twou fon. Ansanm nou pi fò, jan zansèt nou yo te di nou li.
Featured Image: Christina Jean-Louis