This post is also available in: English
Bezwen konsèy, plezi, zanmitay, pwòch, moun ou ka tande, moun ki ka tande w, konsèy, on moun pou depoze zèpòl, elt– alòske, rapò sa yo pa janre alabaz, se nan konstriksyon ak repwodiksyon reprezantasyon kapitalis ak patriyakal sosyete a nou vinn konstwi divizyon janre yo.
WILSON THIERSAINT
Se fè twa semèn depi gen divès apresyasyon sou albòm “LAS”, premye albòm gwoup Zafèm nan. Reginald Cangé ak Dener Céide pwodui yon zèv wòdpòt, ak yon kalite pouse nan son, vwa, modèl kreyasyon, varyete sijè, epi pèmèt moun ki renmen a dirèk yo redekouvri tras on tradisyon konpa ki make plizyè jenerasyon.
Konsiderasyon yo ale nan tout sans, ki fè gen kote yo pwovoke ti djòl pwès, mezantant ak pawòl piman bouk. Gen kote tou yo pwovoke bravo lakontantman ak elòj.
Depi sòti albòm nan, li pa sispann fè pale de li. Piblik la t ap tann Zafèm, li jwenn zafè l. Li ranmase l. Atant ak resepsyon zèv la anplifye pa rapò ak dènye opinyon anmè jounal kiltirèl Ticket Magazine te fè sou gwoup la pou lane 2021 a ki te pataje lopinyon piblik la an plizyè moso : moun ki dakò, moun ki pa dakò, moun k ap tann ak moun ki di pa anmède yo osnon pa anmède gwoup la. Kidonk, albòm nan enskri nan on espas-tan kote elan apresyasyon oswa dezapresyasyon sou travay gwoup la tanmen depi avan sòti albòm nan, e g on tandans pou enskri tout travay kritik aprè albòm nan nan youn oswa lòt nan kategori sa yo.
Albòm “LAS” Zafèm nan se yon ti bijou. Se yon zèv atistik ak literè kalite. Relativite ki make chan yo fè tout zèv ka soumèt a kritik on kote, men tou, on lòt kote kreyasyon pèsonaj literè osnon atistik yo anpil fwa se modèl stereyotip pafè on tip sosyolojik idantifyab epi sitiye. Ki fè, modèl reyalite mizik « zanmi femme » ap koud la rekondui on stereyotip diskriminan sou on kategori minoritè, pa nan kalite ak kantite men nan reprezantasyon sosyal ak konstriksyon ontolojik.
Mizik la ouvè ak on kouplè ki pati « bèl fanm ti sèvèl » anchene sou « zanmi fanm konn mete w dozado ak mouche marye w » pase nan « tèt kole fanm ak fanm gen gwo danje ladan ». Li klè reyalite tèks sa ap lonje dwèt la se zanmitay. Men se zanmitay fanm.
Yon zanmitay ka reyini 2 oswa plizyè moun epi li konsène moun ki nan rapò an senpman ki ka deside oryante l, kontinye oswa kanpe l lè yo vle. Zanmitay sa yo pwovoke sou atirans moun yo ak sou patikilarite yo. Etandone atirans ak patikilarite se reziltant divès pèsepsyon ak reprezantasyon ki travèse sosyete ak moun yo, zanmitay se yon reyalite sosyal. Men tandans pou koupe reyalite zanmitay yo dapre sèks, ras osnon klas fè eko ak on filozofi soupwèl (positivis) ak moral ki janre, klasizan epi rasize rapò yo. E se estriktirasyon sa ki detèmine sa k ap soti nan rapò yo. Ki fè, takse zanmitay fanm kòm derègleman nan rapò yo gen nan mitan yo ak nan rapò yo ka gen ak on gason rekondui divizyon, ki make tout kontradiksyon alabaz ak prensip “tout moun se moun” nan. Li opoze prensip solidarite nan mitan fanm kòm kategori istorikman viktimize, men tou li sitou rekondui on filozofi mizojin kote lanvè diskou sa jeneralize ka mennen nan de fòm vyolans fizik osnon senbolik sou on kategori spesifik puiske se zanmitay fanm alabaz ki « GEN GWO DANJE LADAN ».
Konstriksyon ak difizyon diskou ki kache pwosesis sa a se jisteman sistèm ki konpleksifye rapò fanm ak fanm daprekwa sosyete a pa dijere solidarite fanm (Gaëlle Bien Aimé, Kwonik Yon Dayiva, S2E4). Diskou ki, fè eko ak yon lojik mizojin ankastre, ki defini limit kont yon konstriksyon otonòm nan kò ak lespri. Dinamik la, se kijan veyikile a chak fwa on diskou ki pa repwodui lojik mizojin divizyon janre rapò yo epi ki pa fè obstak ak emansipasyon kategori oprime yo. On opresyon ki a chak fwa kapitalis, kidonk enperyalis, men tou ki pa deparye ak on kouch rasis ak patriyakal.
Sa pa anpeche « Fanm ak gason gen menm bezwen, egal ego » chante nan albòm “LAS” la. Bezwen konsèy, plezi, zanmitay, pwòch, moun ou ka tande, moun ki ka tande w, konsèy, on moun pou depoze zèpòl, elt– alòske, rapò sa yo pa janre alabaz, se nan konstriksyon ak repwodiksyon reprezantasyon kapitalis ak patriyakal sosyete a nou vinn konstwi divizyon janre yo. Bezwen sa defini reyèl la nan mezi reyèl la relasyonèl (Pierre Bourdieu, Raisons pratiques). Pandanstan, move zanmi se on lòt kategori eristik. Se moun ki fè move zanmi, se pa zanmitay fanm ki gen gwo danje ladan. Alòske se jeneralman zanmitay fanm ki pote pèsepsyon move zanmitay nan pwodiksyon kiltirèl ayisyen yo oubyen se zanmi fanm ki responsab nan kreye espas toksik (tripotay) kote zanmitay ap evolye bò kote relasyon koup osnon nan rapò fanm ak fanm.
Sòti nan “Move zanmi,” Méridionale de Montréal, ; Zanmi femme, Méridionale des Cayes, rive nan cover Zafèm lan. Gen kèk lòt pwodiksyon ki prezante rapò sa yo sou on lòt fòm, pami yo Marcelo Nilecram, Tripotay, ki fè tèt li pase pou naratè pèsonaj k ap fè tripotay la, osnon BélO – Deblozay. Nan dènye tèks la, atis la montre se yon zanmi Loran ki fè madan Loran Kite Loran nan bay miche tripotay, li pa rive konkli zanmitay gason gen gwo danje. Oubyen nan vwa Kwonikèz la, “Poukisa gason ka bro, kolòn alòske zanmitay fanm nesesèman makrèl jan l di nan mizik la ?”
Epi pou fini, lide ki fè konprann zanmi fanm konn mennen l nan pran desizyon k ap kraze relasyon koup yo enfantilize endividi a nan chwa l. San konte « fò w mete kran pou w kapab sipòte » osnon nan pwosesis pou anpeche « fanm pote pantalon » pou gason an, tout fòm eksè, vyolans fizik oswa senbolik posib. Dayè se fòmil vid ki soumèt yo anba entèpretasyon chak konsomatè ki ap gen pou tande mizik la.
Pou tout rezon sa yo, li parèt yon desizyon pi saj pou staf Zafèm nan retire mizik « Zanmi Femme » nan sou albòm nan pou evite fwase sansiblite yon kategori viktimize istorikman, pou evite melomàn ak patizan bèl mizik yo danse albòm nan ak yon boul nan kè yo, pou evite difize mesaj mizojin epi veyikile mesaj rayiman sou fanm ak solidarite fanm nan mitan yo. Zafèm ta ka sòti yon nòt pou rektifye daprekwa mizik la te plis nan entansyon rann omaj ak Denon Moïse olye ranfòse yon lojik striktirèl k ap fè pwomosyon pou rayiman, limit ak enfantilizasyon yo enpoze fanm nan sosyete kapitalis patriyakal la. Sa ap fè onè ni ak piblik la, ni atis yo, ni peyi a ak fanm. Se yon bèl albòm.
Imaj: Zafem