Òganizasyon ou ka sipòte ann Ayiti

This post is also available in: English

Samdi 14 Dawout 2021 an, yon gwo Tranblemanntè mete tout pati Sid peyi Dayiti a ajenou. Nouvèl la rive jwenn tout moun britsoukou, depi nan premye minit apre evènman an enfòmasyon te gentan ap sikile ki fè n konprann yon lòt fwa ankò, peyi sa a pral viv move moman. Sa pa t pran tan pou chif yo konfime nou sa: nan moman atik sa ap pibliye la a, bilan pasyèl yo relve 1,418 moun mouri, plis pase 6,900 blese selon Pwoteksyon Sivil. Vreman, nou pa ka rale yon souf.

Sa w tande a, tout move souvni 12 Janvye 2010 yo remonte. Men pa senpman 220,000 mò yo ak plis pase 8 milya pèt materyèl yo, men tou move jesyon ki te fèt de èd entènasyonal peyi a te resevwa yo. Kote tout moun, petèt se te pa nayivte, te panse peyi a t ap pwofite de gwo elan solidarite sa a pou rekonstwi pi byen, kèk tan apre nou te vin rann nou kont se te yon ilizyon. Se gagotaj ki te fèt, 11 lane apre, pa gen pi gwo prèv nou ka jwenn de move jesyon ak enkonpetans responsab yo ke evènman 14 Dawout la:  okenn lopital byen ekipe pou resevwa blese, okenn leson pa t tire pou gen pi bon konstriksyon nan peyi a. 

Men n kapab konstate ankò yon fwa, pèp la reponn prezan pou ede youn lòt. Pwoteksyon Sivil fè konnen gen èd ki òganize soti nan lòt depatman yo pou al pote kole ak moun nan Gran Sid la. An menm tan, nou gen moun nan tout mond lan (anplis de Ayisyen ki nan dyaspora a) ki konpati sensèman ak doulè nou, e ki t a vle ede nou selon posiblite yo. Pou ede oryante moun ki vle ede, nou rasanble yon lis òganizasyon ki ka itilize sipò ou nan efò yo.

Inisyatif sitwayen

Woy Magazine ap ede leve fon pou distribisyon tant ak prela pou moun ki ap dòmi nan lari. 

Fè yon don pou ede achte tant ak prela

Òganizasyon ayisyen ki baze nan Sid

Fondasyon Gaskov Clergé

Fondasyon Gaskov Clergé se yon òganizasyon ki baze nan Sid ki ap ofri sèvis nan lasante depi 20 lane. Nan moman an, fondasyon an ap ofri swen pou moun ki blese pandan y ap travay sou yon pi gwo estrateji sou ki jan yo ka ofri yon repons manch long. 

Fè yon don bay Fondasyon Gaskov Clergé

SOS Sud

SOS Sud se yon òganizasyon edikasyon nan Kanperen. Pou reponn a sitiyasyon aktyèl la, yo ap fè distribisyon manje ak dlo, pwodui ijèn, dra, tant ak prela. 

Gade sou grafik ki anba a pou wè ki jan ou ka fè yon don bay SOS Sud

Òganizasyon ayisyen ki baze Pòtoprens ki ap jere efò ed 

FOKAL se yon òganizasyon k ap travay ann Ayiti depi 25 lane anviwon. Fokal ap ofri asistans bay òganizasyon kominotè fanm ak agrikòl nan zòn ki afekte yo.

Fè yon don bay FOKAL

Òganizasyon entènasyonal ki gen prezans nan Sid

SOS Children’s Village

SOS se yon vilaj pou timoun nan Okay. Yo ap mennen efò pou asiste timoun ak fanmi nan zòn ki afekte yo. 

Donate to SOS Children’s Villages

Farah Augustin

Farah Augustin

Farah Lamercie Augustin. Haitian currently living in Florida. MBA, majoring in marketing. Passionate about Social Networking, Podcast (Space) host, blogger, writer… Manager of Tafa Mi-Soleil.

No Comments Yet

Comments are closed