Rasin Kolonyal Sistèm Sante Ayiti A

This post is also available in: English

Lè Christophe Colomb etabli yon koloni sou zile Hispniola a nan fen kenzyèm (15) syèk la, rankont ant kolon ewopeyen yo ak popilasyon Taino yo te mennen de seri vye maladi ki t ap simaye nan mitan moun yo. Kolonizasyon ak nouvo okipasyon Ayiti yo pèmèt puisans oksidantal yo anrichi yo, men tou sa charye dèyè li konsekans sou sante ak politik ki jouk kounye a tache òganizasyon ak pratik lasante global yo. Epidemi kolera a se youn nan pi bon egzanp yo. Kisa dekolonize sante global ta ka vle di pou Ayisyen?

Nan zòn sèzyèm ak disetyèm syèk, medesin twopikal la pran nesans, paske te g on lapèrèz pou sante kolon ewopeyen yo nan kondisyon epidemi ak klima koloni Azyatik, Afriken ak Ameriken yo. Lafyèv jòn lan te afekte jeneral franse Leclerc ak Rochambeau nan Sen Domeng  e premye te mouri de sa. Jouk kounye a, òganizasyon mondyal lasante toujou ap itilize etikèt “maladi twopikal” pou dekri maladi ki rive nan peyi twopikal yo tankou malaria, deng ak lafyèv jòn (menm si, nan anpil ka, maladi sa yo te ka elimine nan peyi twopikal yo si peyi sa yo te gen mwayen pou fè sa). Medsin twopikal devlope pandan diznevyèm ak ventyèm syèk la. Te gen anpil devlòpman enpòtan nan tèm konesans syantifik ki make sitou pa nesans epidemyoloji ak sante popilasyon nan epòk 1854 pandan kolera te ap fè ravaj an Ewòp. Fondasyon ameriken Rockfeller te jwe yon wòl enpòtan nan mete ansanm filantwopi ak ekspètiz teknik, politik etranje pou pwoteksyon enterè ameriken. Mary Agnes Palilonis nan inivèsite Wake Forest fè rapòte Fondasyon Rockefeller te envesti anpil nan antrene pèsonèl  pou trete maladi nan Amerik Latin ak Karayib la. 

Lè Etazini okipe Ayiti nan lanne 1915, Marin yo fè fondasyon Rockefeller a finanse rezo klinik riral yo ak lòt enfrastrikti lasante yo, pou pwoteje solda ameriken yo kont maladi twopikal yo. Ospis Justinien nan Okap te vin tounen yon lopital nan lanne 1920 e yon laboratwa  te vin konstui pou yo te ka teste  prizonye ak jandam yo kont malarya. Inisyatif sa yo te vin bay premye etid sou medsin twopikal ann Ayiti, sa ki te detèmine to malarya ak enfeksyon parazit nan entesten (Bordes, 1980). Jan Palilonis di li: ”avans syantifik ki soti nan inivèsite peyi oksidantal yo te sitou itilize kòm zouti pou pwoteje kolon yo kont maladi twopikal yo, epi pou kontwole ak sivilize popilasyon natif yo.” Men nan fen lokipasyon ameriken an fini nan lanne 1934, fondasyon Rockefeller a sispann finanse lasante ann Ayiti, sa ki vin mennen yon gwo ralantisman nan pwogram devlòman lasante yo. 

Nan dezyèm pati diznevyèm syèk la pou rive nan ventyèm syèk la, ak fòs komès ki vin ap fèt ak mond lan ki vin pi konekte, maladi ki bay enfeksyon tankou kolera vin anvayi ann Ewòp, Amerik ak Karayib la. Kowoperasyon entènasyonal yo bay nesans a yon pil ak yon pakèt ajans lasante tankou Biwo sanitè Pan Ameriken, ant Etazini ak lòt patnè komès li yo  nan Amerik di Sid ak Santral, sa ki pi devan vin tounen òganizasyon Lasante Pan ameriken. Ou a konstate motivasyon prensipal tout jefò sa yo se te pou pwoteje komès ak lajan, pa fòseman pou jere menas tout maladi ki ap peze sou pèp Ayisyen an. 

Apre òganizasyon mondyal lasante ak anpil òganizasyon enpòtan non gouvènmantal te vin fonde, sante entènasyonal  pran yon lòt kafou, yo vin plis bay enpòtans sou pandemi mondyal tankou VIH/Sida, ensekirite alimantè, mòtalite fanm ansent elt. Pandan epòk sa a, Ayiti vin tonbe nan yon seri kriz politik ak ekonomik ki te alimante pa eksplozyon politik neyo liberal, politik etranje ak entèvansyon militè ak dezas natirèl. Tout sa yo vin mete sistèm sante ak tout peyi a sou jenou li. Sepandan, òganizasyon non gouvènmantal yo ak devlòpman pwojè yo vin boujonnen espesyalman apre tranbleman 2010 lan.  

Lè Kolera vin nan peyi an ak misyon pou lapè NasyonZini ki te ann Ayiti depi 2004, NasyonZini te reziste rekonèt enplikasyon yo nan jan katastwòf sante sa a te devlope sa ki lakòz 10 000 Ayisyen mouri. Istwa kolera a ann Ayiti, menm jan ak lòt entèvansyon  sante nan epyi a, sanble a epòk nou te nan kòmansman sante mondyal la, tankou Ayisyen se moun yo dwe sove epi pwoteje rès mond lan de yo.  

Nan yon mond ki pi konekte chak jou, kenbe mantalite ki sòti nan sistèm kolonizasyon an ap lakòz nou pèdi anpil moun.

Nan yon mond ki pi konekte chak jou, kenbe mantalite ki sòti nan sistèm kolonizasyon an ap lakòz nou pèdi anpil moun.  Li pa sipoze konsa, sitou pandan pandemi viris kowona ki ap rive la a kounye a ki, nan opinyon pa m, pral gen yon anpriz vyolan sou peyi a. Eske Ayiti gen kapasite pou li itilize strateji strikt pou li fè prevansyon kont yon lòt katastwòf? Li klè li pa kapab. yon sistèm lasante ki pare pou pandemi paka fèt nan ti kras tan sa a nan yon peyi ki pa gen resous. 

Kestyon dekolonize sante mondyal la te soulve nan jou yo la a nan de fowòm inivèsitè ak diskisyon sou entènèt. Nan yon lis twit sou twitter, Dr Louise ki se yon doktè Harvard afime: ”mwen krenn dekolonize a pral vin tounen yon [sijè] pou gwo enstitisyon lasante yo nan pawòl men li p ap reyalize nan aksyon…” Pou kòmanse, konsèp sante mondyal la pa dwe sèlman vle di rekonèt jan politik eksplwatasyon vin bay yon dezikilib pouvwa ki mennen de pwoblèm sante inivèsèl, li ta dwe vle di tou pran mezi pou remèt pouvwa sa. 

Pwoblèm ki genyen ak sistèm sante Ayiti a kòmanse depi nan fondasyon li. Solisyon yo paka vini nan yon nwit men premye pa yo dwe gen valorizasyon lang nou an, rekonèt istwa ak kilti nou. Jan pwovèb ayisyen an di a: “ kreyòl pale, kreyòl konprann”. Pawòl sa yo vle di konvèsasyon ak kowoperasyon yo paka fèt san yon konpreyansyon an pwofondè rasin ak listwa youn lòt, kijan nou rive nan pwen sa a kounye a. Dekolonize sante mondyal la vle di tou bay aksè a espas konvèsasyon sa yo jarèt, kit se konferans akademik, jounal byomedikal oubyen kourikilòm inivèsitè. Pou fini, li ka materyalize a pati nouvo pratik ekonomik ki pèmèt otonomi ak dirabilite enstitisyon ayisyen ki responsab lavi ayisyen. Pandan n ap kontinye fè fas a menas pandemi maladi enfektye sa yo, se toujou bon moman an pou lite pou solidarite ak jistis sosyal. 

 

Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comments are closed