This post is also available in: English
Aktivis VIH/SIDA, Esther Boucicault Stanislas, te fèt nan vil Sen Mak, Ayiti an 1957. Li te dyagnostike pozitif ak VIH nan lane 1995. Aprè lanmò mari li ak pitit gason li ki te fèt ak VIH, li te deside konsakre vi li a anpeche lòt moun konnen menm sò sa.
An desanm 1998, li te bay Carlo DESINOR yon entèvyou nan televizyon sou maladi li a. Se te premyè fwa ann Ayiti yon moun ki enfekte ak VIH/SIDA te pale sou kondisyon l nan yon platfòm osi laj. Temwayaj li te pwovoke gwo eskandal ann Ayiti, espesyalman nan Sen Mak, e li te sibi kòlè fanmi premye ak dezyèm mari li yo. San li pa te kite move pawòl dekouraje li, Boucicault kòmanse FEBES, yon òganizasyon ki konsakre li nan kanpe VIH/SIDA e ofri èd medikal ak sikolojik pou moun ki gen viris la. Depi 20 an, FEBS pote labanyè nan travay ak moun k ap viv ak viris VIH/SIDA, omoseksyèl ak lòt kominote majinalize. FEBS gen kòm objektif pou li amelyore kalite lavi moun ki ap viv ak viris VIH an Ayiti nan ba yo bon jan swen ak sèvis epi redwi imilyasyon ak diskriminasyon. Anpil moun konsidere òganizasyon an kòm yon nan gwoup ki reprezante diyite ak lespwa pou PLWHA.
Se eksperyans Esther Boucicault, kòm yon fanm ki fè tout piblik la konnen kondisyon li, ki enspire e ki bay travay li ann Ayiti fòm. Menm si bagay yo te chanje anpil konpare a jan sa te ye nan ane 1996, Esther kapab mete li nan plas moun nan popilasyon an, kliyan ak zanmi ki ap resevwa kòmantè ak jijman ki imilye yo anpil. Chwazi pou li komanse sèvi moun sa yo pote yon transfòmasyon nan la vi Esther. Li menm ki te yon konbatan nan zafè SIDA ki pa te pè anyen, li vin tounen yon manman pou lòt yo, yon manman kap ankouraje sila ki pi fèb pou yo pa kite la perez anvayi yo antan yap kontre bap pou bap ak patipri ak diskriminasyon enplakab.
Prezidan Reseau National Moun kap viv ak Virus SiDA (PHAP+), Mme Boucicault resevwa plizyè pri pou travay li nan peyi Dayiti tankou aletranje; li te resevwa pri Havard School of Public Health nan lane 2005. Pou travay li nan domèn Pledoye, li te resevwa pri Keith D. Cylar International Aids Activist nan lane 2008 . Pandan 52 lane li gen sou tet li a, li te gen chans fè anpil kalite job, pami yo nou ka mansyone patisipasyon li nan yon fim dokimantè yo te fè nan lane 2003.
Oui, tout istwa li ak lis me longè ki montre tout bagay li akonpli fè li vin yon Fanm Fò men, pou mwen sa ki fè li fò se jan li soufri epi pote la viktwa sou estigmatizasyon ak diskriminisatyon. Li transfòme sitiyasyon Sewo-pozitif li a, fè l tounen yon bagay ki pi pozitif ankò!