This post is also available in: English
Woy Magazine te jwenn chans fè yon bèl chita pale avèk Michel DeGraff, gran kreyolis, pwofesè lengwistik nan Enstiti Teknoloji Massachusetts, epi manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen. Pandan dènye semènn #MwaKreyòl la, nou pral pataje konvèsasyon sa an 3 pati kote DeGraff pale nou de orijin li, pozisyon li sou wòl lang kreyòl la nan listwa ak devlòpman peyi d Ayiti, avèk gwo travay li ap fè nan domèn sa.
Woy Magazine: Èske ou ka pale nou de orijin ou, e ki sa ki mennen w fè kalite travay w ap fè a?
Mwen grandi ann Ayiti, e mwen te al lekòl kay frè Sen Lwi Gonzag. Lè mwen t ap grandi ann Ayiti, mwen pa t janm kalkile enpòtans lang kreyòl la. Pou ki sa? Se paske tout bagay nan lekòl la te fèt an franse. Frè Sen Lwi yo pa te aprann nou valorize sa ki pa nou, ni nan lang nou, ni nan kilti nou.
Apre mwen te pran lisans mwen, mwen te tounen nan inivèsite pou m fè etid doktora m nan Inivèsite Pennsilvani. Mwen te deside etidye enfòmatik epi lengwistik pou m eseye konprann pi byen ki sa yon lang ye, ki jan lang fonksyone nan sèvo nou, ki jan òdinatè ka sèvi ak lang tou, epi pou m konprann lòt kesyon ki an rapò ak etid sou sèvo, sou teknoloji nimerik, elatriye. Youn nan rezon ki fè m te vle fè rechèch sou lang kreyòl an patikilye se paske mwen te vle konprann pou ki sa lekòl ann Ayiti pa te janm montre nou ke kreyòl se yon lang tankou tout lang. O kontrè, frè Sen Lwi yo te konn bat timoun lè yo te pale kreyòl.
Mwen sonje Frè Raphaël Berrou, pwofesè literati nou, te konn di nou “Avec le créole, vous n’irez pas plus loin que La Gonâve.” Se kon sa, lè mwen vin kòmanse travay sou lengwistik, mwen te vin oblije reflechi sou ki sa lang kreyòl la ye tout bon.
Plis m ap fè etid sou sa, plis mwen vin reyalize ke pandan tou lè 13 ane ke mwen te pase lekòl Sen Lwi, frè yo te kraze moral nou, diyite nou, idantite nou anba manti sou lang matènèl nou ansanm ak lòt aspè kilti nou tankou relijyon vodou a. Men, yo menm tou, genlè yo te kwè nan manti sa yo. Genlè yo pa te vreman konnen ki sa yon lang ye tout bon. Genlè yo menm tou, yo te konprann ke kreyòl la pa te lang.
Apre mwen fini tèz doktora m, mwen vin enterese nan etid sou jan moun devlope epi transmèt konesans. Mwen vin etidye travay enpòtan tankou analiz filozòf Michel Foucault epi analiz sosyològ Pierre Bourdieu: analiz sa yo montre aklè jan pwodiksyon konesans toujou antre nan pwojè ki gen rapò ak goumen pou pouvwa.
Nan analiz sosyològ Pierre Bourdieu, sistèm edikasyon pa sèlman kreye konesans. Sistèm edikasyon sa yo sèvi ak konesans pou yo kreye klasman sosyal. Se klasman sosyal sa yo ki ede otorite yo kenbe pouvwa nan men yo ak nan men pitit yo, pitit pitit yo, elatriye. Sètadi: pwodiksyon konesans sèvi pou kenbe pouvwa nan men yon ti gwoup moun ki gen aksè a konesans sa yo e ki ka enfliyanse ki kalite konesans ki pou kreye e ki pou sikile.
“Jan lekòl yo fonksyone ann Ayiti, se yon jan pou pouvwa rete nan men yon ti gwoup ki tou piti.”
Lè mwen te kòmanse li analiz sa yo, mwen te vin konprann “pwoblèm lang kreyòl” la aklè. Jan lekòl yo fonksyone ann Ayiti, se yon jan pou pouvwa rete nan men yon ti gwoup ki tou piti. Epi yon gwo estrateji pou ti gwoup elit la kenbe pouvwa sa a se kenbe sistèm edikasyon an sou baz yon lang ke sèlman yon ti pousantaj popilasyon an pale fen e byen.
Se kon sa lelit la ap kenbe pifò pouvwa nan men li. Epi se kòm si fòk mas pèp la ta dwe kwè ke yo pa merite pouvwa, yo pa merite pou yo gen plas bò tab la, paske yo pa pale franse, ki fè yo pa moun! Se menm vye manti sa a (ke lang afriken ak kreyòl pa lang!) ke kolon ewopeyen yo te vle fè Afriken yo kwè pou Afriken yo pa te janm panse vin goumen pou libète ak egalite. Move kalkil! Mèsi Papa Dessalines.
“Lè kreyol la pa sèvi kòm lang ofisyèl nan tout nivo epi nan tout sektè sosyete a, lè kreyòl la pa jwenn plas ke li merite a nan ansèyman, gouvènman, lajistis, biznis, elatriye, “lòt kalite lekòl” sa a epi “devlòpman dirab” sa a, tout sa se rèv ke y ap ye.”
Woy Magazine: Dapre ou, ki wòl lang kreyòl la jwe nan liberasyon pèp ayisyen soti nan listwa rive jounen jodi a?
Gen yon seri de moun ann Ayiti ki rele tèt yo gran jiris, gran avoka, gran edikatè ki toujou ap fè bèl diskou. Lè w tande y ap pale, ou ta di se vrèman entelektyèl wo nivo. Men, yo genlè pa reyalize ke, tou lè jou, chak jou Bondye mete, aksyon yo ak pawòl yo, aloral e sitou alekri, ap plede vyole Konstitisyon peyi a. Epi tou, aksyon yo ak pawòl yo ap plede kontredi sa lasyans montre nou sou wòl lang matènèl kòm bon jan zouti pou aprantisaj ak pou devlòpman.
Wi, lang natif natal timoun yo, lang sa yo ke timoun yo kòmanse aprann depi yo nan vant manman (se pou sa lang sa yo rele “lang matènèl”), lang sa yo se pi bon zouti lengwistik pou ede timoun yo bati fondasyon ki solid pou aprantisaj ki pwofonde nan tout disiplin, kit se syans, kit matematik, kit se lòt lang ke timoun yo bezwen aprann lekòl. Se poutèt sa, ann Ayiti, pifò timoun pa fouti rive pale franse oswa okenn lòt lang byen si yo pa rive bati bon jan fondasyon an kreyòl. Vreman vre, fondasyon solid an kreyòl sa a nesesè pou timoun yo bay bon rannman lekòl nan tout disiplin.
Konstitisyon peyi a pale klè sou dosye lang kreyòl ak lang franse nan peyi a. Atik 5 la di aklè ke peyi a gen 2 lang ofisyèl epi se kreyòl la ki se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Ki sa sa vle di: Nou gen 2 lang ofisyèl: kreyòl ak franse. Epi se kreyòl la ki lang nasyonal nou, sèl grenn lang ke tout nasyon an pale. Epi tou, atik 40 lan di ke tout zafè peyi a dwe regle nan 2 lang ofisyèl yo pou tout moun ka komprann sa k ap pase nan zafè leta.
Se pa sèlman dekrè avèk la lwa ki pou pibiye an kreyòl e an franse. Se tout bagay nèt ki konsène peyi a ki dwe pibliye an kreyòl e an franse pou tout moun ka patisipe alawonnbadè, kòm sa dwa, san baryè lang, san okenn lòt esklizyon. Depi 1987, tout ofisyèl nou yo, soti nan prezidans rive nan ministè yo e nan tout biwo leta, yo tout vyole konstitisyon an. Paske yo pa janm suiv Atik 5 ak Atik 40 nan Konstitisyon an ditou pyès.
Yon lang nasyonal, yon lang ke tout moun pale anndan yon peyi, se sa ki ta dwe ede yon pèp kreye konesans pou tèt yo, kreye konesans pou rezoud pwoblèm kominote pa yo, pwoblèm peyi pa yo. Fok nou di sa klè: Lè kreyol la pa sèvi kòm lang ofisyèl nan tout nivo epi nan tout sektè sosyete a, lè kreyòl la pa jwenn plas ke li merite a nan ansèyman, gouvènman, lajistis, biznis, elatriye, “lòt kalite lekòl” sa a epi “devlòpman dirab” sa a, tout sa se rèv ke y ap ye.
Si nou etidye kilti afriken sa yo ki te prezan ann Ayiti pandan epòk esklavaj, yo te trè divès. Epi lang ke Afriken sa yo te pale, youn te diferan de lòt. Epi tou, divès gwoup ki te soti nan peyi Lafrans pou yo vin kolonize Sen Domeng, yo menm tou yo te pale varyete lang ki te diferan. Epòk sa a, se pa tout blan franse ki te konn pale franse. Epi tou, te gen lang amerendyen yo tou, menm si pifò ladan yo te gentan disparèt apre Panyòl ki te vini ak Kristòf Kolon yo te masakre pifò nan popilasyon endijèn lan.
Nan mitan tout divèsite sa a, nan mitan tout fwòtman lengwistik sa yo, gen yon nouvo lang ki vin pran nesans. Nouvo lang sa a, se li nou menm Ayisyen rele “kreyòl” kounyea. Lang kreyòl sa a te vin inifye tout gwoup etnik afriken sa yo, e se menm inite sa a ki te ede nan preparasyon revolisyon an. Lang kreyòl la ansanm avèk relijyon vodou a te jwe yon wòl kle nan inifikasyon ak liberasyon divès tribi afriken epi desandan yo ki te fèt nan koloni a. Anpil ladan yo t ap goumen pou yon sèl objektif: viv lib nan yon peyi endepandan.
Se kon sa yo te vin kreye peyi d Ayiti. Yon lòt fwa : mèsi Papa Dessalines!
Photo via MIT.edu