Kanaval: Selebre ak Dans ak Fritay

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Lè a rive pou chire mayo, e detire zo pou gouyad!

Lè a rive pou chire mayo, detire zo pou gouyad, achte kèk ti pyès pou pwoteje zòrey epi grese manb kò w. Pa gen okenn lòt fèt tankou kanaval an Ayiti. Okenn kote. Lè Kanaval rive, ou pa menm moun ou ye chak jou a k’ap goumen pou 2 gouden pou kamyonèt, oubyen moun ou ye chak jou a ki tèlman rich ou ka an vakans chak jou.  Ou vin tounen yon jiwèt, prèske soud tèlman son mizik yo fò, w’ap swe, yon move dezòd lajwa. Kanaval se dezòd. Kanaval se koneksyon. Kanaval se selebrasyon.

Kanaval ba nou madigra, dènye jou ke w ka manje vyann anvan 40 jou penitans, karèm. Mo kanaval la vle di “Orevwa vyann”. Sa se tradisyon katolik la. Men, Kanaval sòti pi lwen ke sa. Li pran rasin li nan ansyen festival Women, Saturnalia, ki te kreye nan lide pou chanje klas sosyal yo. Sete fete ak amizman sèlman yo te pèmèt. Pa t’ gen travay.

Premye Kanaval Pòtoprens mwen sete an 1976. Te gen yon ekip bèl fanm ak wòb long sou cha ki te byen dekore, ki t’ap salye ak voye sirèt pou foul la. Mwen te kanpe sou kapo machin Vòlvagens ble pandan ke men papa m byen djanm te kenbe ti bout pye timoun 3 zan mwen te ye a pou m pa t pèdi nan foul la. Tout timoun yo te degize. Sete yon espektak espòtif. Dènye kanaval Pòtoprens mwen sete an 2000. Te gen anpil bri. Cha yo te tounen wopalè  ki mele youn nan lòt, tank yo pi gwo, tank yo pi fò, tank yo pi bon. Yon pil wopalè ki te g’on ekip moun kanpe sou yo. Foul moun yo te tankou yon gwo sèpan ki t’ap fofile kò l nan lari a. Mwen mwen ak zanmi m yo te eseye kenbe men pou n te ka rete ansanm. Sa te enposib. Depi nou fin rantre nan foul la nou vin fè youn ak tout lòt ki fòme sèpan an. Mwen annit leve pye m epi kò moun nan foul la bwote m ale jis rive mwatye kilomèt.

Lestomak mwen t’ap sakaje ak son mizik la. Pa t gen okenn degizman. Te gen bri, moun, swè, lapèrèz, eksitasyon ak lage kò nèt al kole. Sete lavi tou pi jan l ye a. Kou sèpan an resi vomi mwen menm ak zanmi m’ yo, nou youn rejwenn lòt, tou grangou. Preske tout peyi gen yon tradisyon manje nan lari. Lachin pwobableman se peyi ki gen plis varyete nan zafè manje lari. Men, ou pa bezwen varyete lè gen fritay.

Lè w fin pèdi idantite w nan yon foul, epi moun ou pa menm konnen peze w nan eta sa, ou fin pèdi vwa w tèlman ou chante kanaval prefere w yo fò, epi ou santi anndan pye w vid menm jan ak mas papye mache Jakmèl yo, on machann glise yon papye ak yon montay fritay anba on pil pikliz nan men w’, ou santi w’ reviv! Chalè griyo, oubyen taso ak bannann fri, patat fri, marinad, akra ak pikliz la se yon remontan. Papye a vin transparan tèlman li benyen ak grès k’ap koule nan bra w. Sant manje a melanje ak sant grès la ki gen jou lap bouyi nan chodyè a fè tout dlo nan kò w’ vin nan bouch ou. Premye gou a frape lang ou: sale, gra, pike, fri, lakòlak tout sa manje sipoze ye. Epi ou manje, ou manje, ou manje. ou pran yon ti poz pou w’ ri blag yon moun ke w’ pat konnen anvan, men ki vin bon zanmi w’ bay. Lè w’ manje fritay nan lari a ansanm apre w’ pase konbyen èd tan ap danse, ou se fanmi.

Manje fri alawonnbadè toujou bon nan bouch. Genyen yon bagay nan melanj sale ak grès la. Lè ou fri manje lakay ou, ou fè yo yon jan pi bon pou sante si w itilize bon grès yo. Panse a grès bèt. Nenpòt lwil ki likid lè li gen menm tanperati ak pyès kote li ye a twò frajil pou chofe, epi li vin fè kèlkeswa sa l’ ye a vin pa bon pou sante w’. Itilize grès kana, pati do ak vant kochon an, swif poul, bacon, e pafwa lwil kokoye. Lwil sa yo kapab pran gwo dife sa yo e yo p’ap fè w mal. Kòmanse itilize grès sa yo, w’ap ka pi fasil mete manje fri tankou yon rekonpans chak semèn oubyen fè l’ san l’ pa fè w’ santi w’ mal. Si w’ap itilize lwil ki soti nan plant tankou, lwil mayi, lwil doliv, pou mwen, tifi ki bò kote w’ nan bann nan, k’ap rele anmwey pou yon mizik k’ap pale de bounda , tanpri pa fè sa. Mete bon grès ou nan chodyè w’, koupe moso vyann oubyen legim ak viv. Fri yo! Epi enjoy!

N’a wè sou beton an!

Jennifer Martineau

Jennifer Martineau

Jennifer Martineau, originally from Haiti, is a Certified Nutritional Therapist Practitioner, Lifestyle Coach and Writer.

No Comments Yet

Comments are closed