Poukisa Medsen Ayisyen Chwazi Rete Travay Ann Ayiti

This post is also available in: English

Dr. Moise eksplike nou deja rezon anpil jèn medsen ayisyen chwazi kite Ayiti. Lè ou konsidere tout pwoblèm sa yo, ki enterè yon medsen genyen pou li rete travay ann Ayiti? Atik sa te premye pibliye sou blog Dr. Moise.

Sa gen twa mwa, mwen te jwenn chans prezante rezilta yon etid epidemyolojik mwen te fè nan yon konferans Sosyete Fransè Famakoloji ak Terapi; yon enstiti syantifik ki gen kòm objektif avanse rechèch sou dwòg e jan moun itilize yo. Antan ke yon doktè ki fòme ann Ayiti e ki ap travay ann Ayiti, mwen te kontan anpil lè mwen te vin aprann de tout pwomès rechèch medikal pou peyi a. An menm tan tou, nan lespri m te toujou gen dout pa rapò a kantite obstak sou chimen sistèm sante ann Ayiti. Pa egzanp, pandan ke menas epidemyolojik yo vreman divèsifye, manke anpil done ak analiz. Move itilizasyon kapasite lokal yo se youn nan rezon ke nou ka rann responsab. Pandan ke grèv doktè rezidan yo ki ap kontinye toujou, mete deyò pwoblèm ki genyen nan sistèm lan, li klè ke ensifizans nan strikti a te lontan fè doktè yo ale.

Malgre sa, anpil doktè ayisyen chwazi rete travay ann ayiti, menmsi pwomès pi bon kondisyon travay ak plis opòtinite nan lòt peyi yo anpil. Menm nan kominote dyaspora doktè ayisyen nan diferan peyi, anpil doktè anvi tounen travay ann Ayiti, tè manman yo.

Pa gen yon rezon patikilye pou esplike anvi rete oubyen anvi retounen Ayiti a. Yon kòlèg mwen te di m ke Ayiti se sèl kote li santi ke li gen plas li e se sèl kote ke li konekte. Kèlkeswa eta sektè sante a, li ap plis kwè ke li ap rete Ayiti, li fin abitye ak kilti ak jan Ayisyen viv. Gen doktè ki pa gen chwa ditou, yo rete akòz sitiyasyon fanmi yo tankou maryaj ak timoun ki soufri maladi kwonik.

Pou eksplike poukisa yo retounen Ayiti, kèk nan ansyen pwofesè mwen yo te dekri eksperyans eksklizyon, diskriminasyon ak rasism yo te viv nan peyi etranje ki te fè yo tounen nan peyi yo kote yo santi moun pi apresye e bezwen yo. Yon jou, sa gen plizyè lane, mwen te ale an Bèljik pou mwen fè yon staj medikal, pandan mwen t ap montre youn nan anplwaye lopital la paspò mwen, mwen te sezi wè jan li te ap pale m de jan Ayiti se yon peyi tèt anba. Eksperyans sila a te ede mwen konprann yon ti kal nan diskriminasyon sou orijin nou ke lòt yo te ap viv.

Mwen konprann gen rezon pèsonèl ki ka fè yon doktè rete ann Ayiti tankou : jan yo viv, sitiyasyon fami, move eksperyans nan peyi etranje, elatriye. Mwen jwenn doktè ki kite Ayiti toujou bay rezon klè ki fè yo ale, men doktè ki rete yo pa janm ka eksplike poukisa yo deside rete. Men yon bagay ki toujou klè, pou tout doktè ann Ayiti ki eseye eksplike poukisa yo fè chwa sila a, se toujou yon santiman patriyotik, ak devwa yo antan ke sitwayen ki fè yo deside rete.

…konbat ak simonte pwoblèm ki genyen nan sistèm sante ayisyen an se devwa patriyotik nou antan ke sitwayen. 

Mwen dekri sa nan plizyè atik ke mwen ekri : pwoblèm tankou mank kapasite ak inisyatif anpeche sistèm sante ayisyen an avanse. Youn nan konseye mwen yo konfime ke fòk chak doktè, e chak sitwayen ayisyen, evalye angajman yo anvè ayiti olye nou abandone li. Daprè misye, konbat ak simonte pwoblèm ki genyen nan sistèm sante ayisyen an se devwa patriyotik nou antan ke sitwayen. Men konbyen doktè ki gen vizyon ase ki ka rete oswa tounen nan peyi li bay tèt li kòm misyon ede sistèm sante Ayiti vanse?  Pou mwen, se yon lonè pou mwen di ke mwen konnen e mwen travay ak plizyè moun konsa. Pa gen lontan, mwen t ap diskite avèk de kòlèg travay, e yo dakò ke si yo ta kite ayiti yo t ap genyen mwens kè sere, men mwens kè kontan. Yo te pran desizyon pa yo sa gen plizyè lanne, lè karyè yo te fèk ap kòmanse nan lane 80 yo, motivasyon yo se te ide yon pwojè ki ta pral bay doktè ayisyen fòmasyon pou rezoud pwoblèm sante ann Ayiti. Fòk mwen di nou, kòmanse yon pwojè sante ann Ayiti, se pa yon tach ki fasil ditou. Mwen konnen paske òganizasyon ke mwen te ede fonde ki rele integrAction gen lontan depi li ap chèche yon estrateji pou akonpli misyon li, ki se : amelyore edikasyon ayisyen sou zafè lasante. Men plis mwen travay sou sa, plis mwen reyalize ke lanmou yon moun pou peyi li, patriyotism li, se li ki kle ki pral motive ou pou kontinye travay sou yon pwojè konsa. Pou mwen, pa gen dout ke sa se pi gwo rezon doktè chwazi rete travay ann Ayiti menm lè yo gen opsyon al travay nan lòt peyi. Sa se yon fòs motivasyon ki enpòtan anpil, erezman pou Ayiti paske Ayiti bezwen doktè sa yo anpil.

Sa vin mennen nou a pwochen rezon ki genyen pou yon doktè rete Ayiti : yon anvi pou ede moun. Mwen p ap pale de yon lanne sèvis doktè fè pou remèt leta lajan li depanse nan fòmasyon doktè yo. An jeneral, Ayiti nouri pèsonalite ak imajinasyon tout moun ki janm rete ladann. Li fòme moun nou vin ye (doktè tou) atravè yon seri moman difisil ak moman viktwa tou. Pou anpil doktè ayisyen, rete ann Ayiti se chans yo pou yo kontribye nan yon sistèm ki bezwen yo.

Photo credit: Adam Bacher
Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

1 Comment
  1. Atik sa gen bèl kalite vizyon nou pa abitye wè, antouka ke mwen pa abitye tande pale ou li. Tout kote se toujou yon kesyon poukisa Ayisyen kite peyi a.

    Li enpòtan pou nou pale tou de poukisa Ayisyen chwazi rete. Atik sa montre moun ki fè chwa sa tout bon. Mwen admire yo anpil. Manman m ak papa m te fè chwa kite. Mwen ta renmen nou pale de kijan tout moun ki fè chwa rete oubyen tounen Ayiti ta ka met tèt ansanm nan menm direksyon. Se kesyon sa nou yon jan poze nan 12 Prensip Bwa Kayiman.

    Mèsi Kenny Moise pou bèl atik sila a. Li ban m elan pou m pale de poukisa ki toujou nan tèt mwen. Medsen ayisyen chwazi rete travay ann Ayiti tankou anpil lòt moun de tout orizon. Se bèl bagay! Kijan nou ka ede tèt nou pi plis ankò pou nou tout tounen chèfmèt tèt nou nan peyi nou?