Ayiti Ak Zonbi 100 Lane A

This post is also available in: English

Lè ou tande yo anonse ke Ayiti “open for business” konprann ke se pa pawòl dirijan konsekan, se pawòl moun ki posede.

Genyen ann Ayiti, yon zonbi ki ap pèsekite pèp la sa gen 100 lane. Pèsekisyon sa a non sèlman nan kò moun yo, men tou nan politik ak tout egkzistans yo. Se yon zonbi ki patikilye, paske se pa zonbi yon sèl moun, men plizyè lòt. Li se zonbi lòt tip de bagay tou, de lide, de kote,de  bagay ki di e de sa ki swete.

Se an 1915, yon lane menasan, ke nou koumanse jwenn rasin istorik zonbi sa ki ap pèsekite Ayiti a. Ane sa a, pèp Ayisyen an te aprann ke yo te pral sibi yon lokipasyon Meriken e se t’ ap nan enterè yo. Admiral Caperton, yon blan,  t’ap vin gouvène yo. Yo pat fin dijere nouvèl sa twò byen paske yo te yon nasyon nèg nwa, ki te koupe tèt ak boule kay monblan ak tout lesklavaj li a sa gen plis ke 100 lane anvan sa. Men, Admiral sila pat menm jan ak tout lot monblan yo te konn tande pale de yo: misye te mete sou kote koutim segregasyon ke li te abitye avèk li nan peyi li. Li te kontan fè zanmitay ak nèg nwa nan Ayiti.

Daprè lèzondi, Caperton te genyen yon moustach byen pwès. Li te poli, e li te konn danse. Lè li te gen okazyon pou li ale lakay yo pou soupe, li pa te janm rate opòtinite pou danse avèk madanm yo, men nwa pa yo te sere byen di andedan men blanch pa li, kò nwa pa yo te kole sou inifòm li. Atravè fèt sa yo, li chame yo ak asirans ke Etazini te ann Ayiti pou yon bagay pozitif, pou gide peyi a ann avan. Anpil te kwè misye, epi yo te gen lespwa wè yon Ayiti an pè e prospè. Admiral pat bliye malere yo. Li te voye youn nan sibaltèn li yo, Arthur Miller, avèk yon entèprèt Ayisyen, pou kominike ak peyizan yo. Li te pwomèt yo anpil bagay: ke Etazini te la pou elimine mizè, e pwoteje kont gouvènman gwo ponyèt yo. Nan mitan tout sa a, te gen rezistans san mank, paske te genyen sa ki pa te fè pawòl sa yo konfyans. Men, pou sa ki te reziste yo, swa yo te arete yo, oubyen yo maspinen yo jiskaske yo mouri. Yo te fè fas a kolè Smedley Butler ki te kwè ke Ayiti gen pou li rive depi se blan ki an chaj.

Disi fen mwa Dawout, Admiral Caperton te sèl wa ann Ayiti. Misye te sezi Bank Nasyonal Ayiti a, e li te pran kontwòl tout gwo tonton mezon ladwàn sou zile a. Li te chwazi yon prezidan, Surdre Dartiguenave, ki t’a pral vwa ak vizaj Okipasyon an. Dartiguenave fè ti jako repèt Caperton e ede pwopaje pwopagann ke Etazini te la pou li soulaje mizè pèp sa ki te gen lontan l’ap soufri.

Men, Admiral William B. Caperton, ak moustach pwès li a, ak tout cham li, ak konn danse li a, te jis yon bouwo fidèl a yon pwosesis. Li te ap travay sou lòd Robert Lansing ak State Department, ki li menm te ap resevwa lòd nan men biznismann tankou Roger Farnham ak Paul Allen, ki te fè pati yon gwo kolektif nan Wall street. Mesye wall street sa yo, dapre istoryen Georges Eddy Lucien, te posede preske 600 bilyon dola ki te chita bra kwaze nan bank nan peyi Etazini, LaFrans, Angletè ak Almay. Li te nesesè pou yo te fè lajan sa a ogmante kidonk yo te bezwen lòt teritwa, yo te bezwen lokipasyon.

Pwofesè Laurent DuBois di nou ke se menm mesye wall street sa yo ke State deparment te voye lè yo te deside dechouke amandman konstitisyon an ki te anpeche moun nan lòt peyi posede tè nan peyi a. Dechoukay amandman konstitisyon sa a vin louvri Ayiti pou biznis e biznis yo te vini kou gèp sou myèl. Yo te ap chante menm chanson ak Admiral, pwomèt milyon dola nan envestisman, kreye travay ak fè ekonimi an vanse. Kèk nan konpayi nou ka nonmen: La HASCO,La Citibank national de New York, La compagnie de la figue banane, Dyewood de Boston. Yon pil ak yon pakèt peyizan pèdi tè yo, tè ke yo te eritye depi plizyè jenerasyon; Kounye a yo te dwe travay pou gwo konpayi etranje pou yon salè mizerab.

Distans pou 1922 rive, Ayiti te yon peyi diferan. Yo elimine ansyen lame li a nèt epi ranplase li pa Gendarmerie, yon fòs ki te kreye pa sanginè Smedley Butler ki te genyen yon meday an Ayiti pou jan li te sanginè. Jandamri te la pou mete lapè ak sekirite nan peyi a. Li te rive fè sa nan travay fòse (pou konstwi nouvo enfrakstrikti pou tout pwomès nouvo sosyete ki te pral vini yo.), nan mete nan prizon ak maspinen ak anpil anpil tiye moun. Lè yo mete kòm gwo komisè dAyiti, John H. Russell ki se yon moun ki t’ap fè segregasyon, li t’ap sipèvize yon pwojè anbisye pou nasyon an: li te prale kreye yon klas mwayèn, li te fatige ak Ayisyen ak jan yo te edike nan pwezi ak literati, nan medsin ak dwa. Lokipasyon an te pral aprann Ayisyen kijan pou yo travay latè, kijan pou yo konstwi mèb. Sa a te pral fè peyi a vanse. 

Okipasyon an kanpe an 1934. Plizyè nan moun ki te mete li sou pye yo, Caperton, Butler, ak ti maryonèt yo a, Dartiguenave, te gen tout bagay men yo mouri. Sosyete ke yo te bay tè yo pèdi mal, sèl eksepsyon se la HASCO: li fèmen pòt li an 1989. Moun yo rete de bra balan san tè, san travay. Sa vin fè ke imigrasyon vin yon nesesite. Men, lanmò mesye sa yo, ak sosyete sa yo ki pa la ankò, ap viv tankou yon sèl kò nan zonbi sa a ki kontinye ap eskilte politik an Ayiti.

Lè ou tande Prezidan Michel Martelly ak minis li yo anonse ke Ayiti “open for business” konprann ke se pa pawòl dirijan konsekan, se pawòl moun ki posede. Lè ou tande ni moun ki pasyone de Ayiti ak menm moun ki pa twò konsène ensiste sou menm bagay la : ke Ayiti bezwen envestisman nan men etranje pou li ka vanse, konprann ke santiman sa yo pa gen rasin nan okenn konviksyon men se pito pawòl yon pakèt nèg visye ki mouri depi lontan men pwopagann yo te konn simaye yo refize rete nan kavo yo ansanm ak vye konpayi echwe yo.

Lè ou li sou plizyè milye ONG ki ap vante tèt yo pou bon travay yo ap fè nan peyi a, pou jan yo ap ede malere, pa bliye ke tout gran panpan sa yo se eko John H. Russell elatriye. Menm Stephanie Villedrouin, jèn minis tourism Ayiti a pa te gen chans chape a efè zonbi sa. Manmzèl ensiste fè kado Ile-A-Vach bay moun ak sosyete nou pa konnen. Men pwomès yo ak taktik yo, nou abitye avèk yo deja. Se menm pwomès pou kreye travay, amelyore ekonomi a ak kreye yon klas mwayèn e pou rann pwomès sa yo posib sa vle di sitwayen ap oblije kite tè yo posede menm jan zansèt yo te oblije fè pou Konpayi chemen de fè (la compagnie des chemins de fer), ou byen La Hasco elatriye sa gen 100 lane.

Kounye a sèl sa nou ka fè se swete ke yon jou Ayiti ap jwenn yon klas politisyen ki antrene nan zafè maji pou yo ka finalman debarase nou de zonbi sa ki ap anpeche Ayiti vanse a depi 100 lane.

Ou ka sipòte dokimantè Alain Martin ap kreye sou lokpasyon ameriken ki te fèt ann Ayiti a ki rele “The Forgotten Occupation” sou Kickstarter.

Alain Martin

Alain Martin

Alain Martin is a native of Jacmel studied Film and Communications at William Paterson University. His film, The Forgotten Occupation, a documentary about the U.S. occupation of Haiti, is currently in post production.

No Comments Yet

Comments are closed