18 me, de san douz lane

Nwa ke yo te fè tounen esklav nan bitatasyon nan peyi d’Ayiti yo te deside leve kanpe kont kolon franse pou di sereseta se swa jamè nou p’ap esklav ankò, nou p’ap sèvi blan ankò, nou vle viv tankou moun, nou dwe viv lib. Se konsa pi gwo revolisyon esklav nan mond lan te kòmanse nan jou ki te 22 dawout 1791, apre ke esklav yo te òganize bwa KayIman kote manbo Cecile Fatiman te nan tèt seremoni an, sa ki te bay yo enèji, fòs ak kouray pou kòmanse batay pou libète yo.

Jean-Jacques Dessalines, ki te nan tèt revolisyon an, pou montre a klè ke peyi d’Ayiti pa vle gen anyen pou wè ak blan franse ankò, te pran drapo franse a, li rache pati blan an nan vil Akayè 18 me 1803. Catherine Flon, youn nan fanm militan yo e ki se fiyèl Dessalines, li pran 2 moso ble ak wouj yo epi li koud yo. Se konsa nou vin tounen yon nasyon nèg ak nègès ki lib anba pwòp drapo pa nou. ble e wouj!

Sitiyasyon aktyèl peyi a pa kapab diminye fyète mwen santi chak fwa mwen gade drapo sa. An nou mete tèt ansanm chak jou menm jan nou mete tèt nou ansanm chak ane pou fete drapo a.

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed