10 pi move eskiz lè vini an aloral

1.

Men cheri se pa fòt mwen, m’ fatige

Nòmalman, depi ou tande gen move tan ou pare w’. menm jan lè ou vle vyann ou gou ou mete l’ sizonnen pou li ka koupe dwèt pi devan.

2.

Men cheri se kòmansman an sa ou twò prese.

Nòmalman, jan yon bagay kòmanse gentan ba ou yon lide de kijan li ap ye pi devan. menm jan lè yon bon mizik fenk lage ou gentan 2 men anlè: wouy men diaz la.

3.

Men kòkòt se pozisyon an/yo ki pa t bon.

Nòmalman nan lavi sa a se pa tout lojik ou ap konprann. Menm jan ou p’ap konprann koze fè timoun di padon lè granmoun rann gaz la.

4.

Men doudou se tèlman ou dous wi.

Nòmalman lè yon bagay bon nan bouch ou fè lasisin avè l’. menm jan ou fè tòtòt ak mango pou w’ jwi sòs la byen.

5.

Men ou dire anpil tou cheri

Chak fwa g’on nouvo teknoloji k’ap pran pye nan lavi nou, tout moun ki sèvi ak yo chache sa ki kenbe plis chaj la. menm jan ou al kay machann fritay ki bay plis degi a.

6.

Men cheri nou te vini ansanm sa gen 5 mwa wi

Nòmalman nou toujou sonje bèl moman, bèl bagay ke nou te viv, yo fè kè nou kontan e nou toujou ta renmen bèl bagay sa yo rive pi souvan nan lavi nou. menm jan lè w’ te konn souse tito apre lekòl ou te konn anvi yo achte l’ ba w’ chak apremidi.

7.

Men amour se tèlman ou eksite m’

Nòmalman ou pa foure tèt ou nan anyen ki pa atire atansyon ki pa enterese w’ paske fòk ou gen yon enterè pou w’ ka bay tout ou menm ladann. menm jan  lè yon moun post foto manje l’ bouch ou fè dlo epi w’ di ou anvi sa a.

8.

Men ou konnen ke vini an se nan tèt ou li ye

Nòmalman pou sèvo a voye yon siyal fòk gen yon mesaj ki  sòti yon lòt pati nan kò a oubyen ki sòti deyò. Menm jan pou w’ limen televizyon an fòk ou peze bouton power a epi chanje chèn yo.

9.

Men ou poko abitye avè m’ se sa k’ fè sa.

Nòmalman gen de bagay nan vi sa a ki pa bezwen te vini ansanm pou yo mache byen. menm jan lè ou bezwen ekri yon bagay ou pase men w’ pran nenpòt plim ak papye ki anba men w’ epi w’ ekri a mwens ke plim lan san lank.

10.

Men jil pa m’ nan pa konn bay move siyal.

Nòmalman lè w’ap demache yon pwodwi fòk ou fè tout jan pou moun achte li. menm jan konpayi telefòn yo di yo bay 4G epi w’ pa janm wè 4 la ale wè pou G a!

 

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

No Comments Yet

Comments are closed