Ayiti nan Vwa Pa Nou

This post is also available in: English

Pwojè sa te nan kè nou sa gen kèk lane. Pandan ane ki sot pase yo, ak pouvwa rezo sosyo yo, jèn Ayisyen ak Ayisyèn ki nan dyaspora a toujou fè anpil deba sou Ayiti nan pwòp pèspektiv nou. Vwa nou gen pouvwa. Vwa nou bèl. Fòk nou fè tande vwa nou pami tout pale anpil tèt anba laprès entenasyonal ap mennen sou Ayiti. Sa se ti kado nou vle bay peyi nou ke nou renmen anpil sa, pou ke tweets nou pa yo pa rete sèlman kòm tweets, ke tout diskisyon enpòtan nou fè sou facebook yo, gen yon platfòm konvenab. Sa se yon kado ke Doris Lapommeray, Nathalie Nozile, Daphne Bourgoin e mwen menm pote pou nou chak la.

 

Nou rele Premye Edisyon sa yon Espesyal Soup Joumou. Magazin sa a pibliye sou entènèt an de lang (Anglè ak Kreyòl), tout pòs yo disponib nan toulède lang yo. Tout moun ki kontribiye nan kontni Woy Magazine se jèn Ayisyen ki swa an Ayiti oubyen ki ap viv nan dyaspora a ki gen anpil bagay enpòtan pou pataje avèk nou.

Nou swete yon Bòn Ane ak tout lektè nou yo!

 

Swiv nou sou Twitter: @WoyMagazine

Instagram: @WoyMagazine

facebook: WoyMag

Nathalie Cerin

Editè

Woy Magazine

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed