Koulè w Pa Pou Asu

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Wikenn rive, ou gen randevou ak kèk zanmi w pou w al tènòp. Lajan w nan pòch ou, epi ou rive devan ba a, epi yo separe nou pa moun ki ka rantre ak moun ki paka rantre. Non se pa laj ou pa genyen se OU ki pa ale ak kote a. Ou poko vle kwè sa k’ap pase a, w’ap poze kestyon paske ou pa wè diferans ant ou ak lòt ki andedan an.

Men sitiyasyon anpil moun ki ale ASU, yon ba ki nan lotèl Karibe, ap viv depi kèk tan. De tanzantan nou wè yon moun ki pran chans pale de sitiyasyon sila a byen fò sou entènèt. Youn nan pi gwo pretèks yo se ba a “plen”. Men sa yo pa di se li “plen” pou yon kategori moun. E apre yon ti tan, yo wè gwoup moun ki pi klè pase yo oubyen blan ap pase antre san bri san kont.

Sa ki pi deranje mwen lè mwen tande ak li temwanyaj moun ki ale la se ke mwen pa sezi. Mwen pa sezi paske mwen konnen nan ki sosyete ipokrit ki chita sou kolorism ak elitism mwen ap viv. Mwen konnen ke gen anpil kote mwen p’ap alèz pou mwen ale paske yo fè moun santi ke plas yo pa la paske yo pa rantre nan yon kategori byen defini nan sosyete a.  Men sa ki pi revòlte mwen se jan nou toujou ap eseye jistifye lide sa yo. Jan nou toujou panse ke li nòmal pou yo aksepte tout sa milat / blan an fè, paske se konsa Ayiti ye. Non! Se pa paske li ap fèt depi djab te kaporal ke li byen, ke li bon. Divize yon sosyete pa koulè po li, fè li konprann ke pou li “rive” fòk li pran pa ak de seri de moun ki pa menm vle konpanyen li menm. Moun mwen ye, moun ou ye pa ta dwe chita sou ki moun ou frekante ak ki siyati w’ oubyen ki ba nan Pòtoprens lan ke w’ ale, nan ki legliz ou mache, ki lekòl ou te enskri, ki peyi ou al an vakans, ak si w gen èg ou palmis sou paspò w. Se nan kilti kolorism sila a ki fè nou bese tèt nou devan anpil akt diskriminasyon ak imilyasyon jis paske nou ka menm kote ak blan ak milat.

Sa ki ap pase nan Asu an, se pa premye kote li sa pase nan peyi a. Mwen byen kontan ke move tretman diskriminatwa sila a yo pale pou reveye konsyans, men m ta swete nou kòmanse denonse epi trete yo depi andedan lakay nou, pase nan leta arive nan lòt sektè yo.

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

14 Comments
  1. sa se vre reyalite a. yo jijew sou koule pow. mwen knnen nou tt egal kit nou blan noir metis etc..nou tt se yon sel. mesi pou bel atik sa.

  2. This ASU shit is real, for my last birthday I went there, a few friends were supposed to meet me inside. I was already inside the club, it seems that I was “ELLIGIBLE” to enter or maybe it was because I was carrying a cake. I was waiting for my friends to join but they couldn’t because anndan te soidizan full. Pandan ke (blan) ak (milat) te fek kare ap rentrer.E konnen yo pa konnen zanmim yo te gen lajan nan pòch pase yon bann milat kk ak blan kokorat. Le pire we took a table we had all our glasses and bottles on it, they came to claim it because they said it was reserved smh. Fuck them all. THIS HAS TO STOP.

    1. Yo met blan deyor devanm deja ki te andedan but pa konn kijan pou yo aji an piblik. Epi tou mwen we kote yo pa kite blan santi bouk rantre non plus.

    2. Kk milat ? Blan kokorat? And you want to be treated equally ? Maybe when they saw you they thought you were a kk neg nwa or a kokorat Haitian … You are talking/writing against discrimination and racism, yet look at your choice of words. Seriously?

  3. Mwen ale deja tou..mwen pa on mulat..men mpap di li pa kenbe. .paskeu mgen lot proche ki ale e santi attitud discriminatoire text lan pale a..e relaye’l e deside tou meprise on tel espace paskeu ou pa ka ap pote lajan’w on kote pou ap santi ou mal venu, pou yap humilie’w met sou li..men kom anpil Haitien manke respekte tet yo tou ki fè leu gen de espace publik ki reagi tankou des Aborigenes konsa. .yo pap fè nivo bruit pou yo ta fè ave’l boycotte espas lan..menm pou yon tan pou lod..e ta menm egzije excuse de kote sa a..Sa ki rive anko ASU..se keu mis a part pretext li rempli an..espas lan visiblement reparti en plusieurs blocs..e bloc ki pi attrayant ki fè orijinalite anndan an en soi..(ki en realite pa gen okun lot kote ki configure konsa nan ville lan)..fè on moun tjou anvi chita nan espas saa so depuis ou entre ou tjou manifeste anvi al chita la ..e se la bagay lan komanse…yo diw li pa gen plas..pendan keu relativman je’w ba ou keu li genyen tjou..men excuse lan se keu tjou gen moun ki reserve avan’w ( sou on list e ou pap janm gen accès ak li puisk se nan tèt moun kap resevwa’w lan li ye) E etant en Haiti kote zafè kouleu sa yo bel et bien egziste ou pa bezwen on prophete pou dedui keu se manti..paskeu jan on moun dil mpanse deja..yo pa gennen..kite moun/ on kategori moun specific justeman ap antre kote yo diw ou pa ka antre a. ( ki full la) anba je’w e se laa bagay lan vin frustrant..Entre autre gen moun de par temperaman yo ki ap observe anyen..ki pa tatillone sur le bord..so mpa sezi gen moun ki pap janm fè remark texte releve de moun fè an…paskeu si ou annik antre ou pa menm wè oubyen voye Jew nan bloc ki pi nice nan espas lan..nan point pou al chita ladann..it will be fine..ou ka pa fè fas ak tout manti yo kon ap bay kenbe yo..Map ajoute on lot aspect tou keu texte lan pa souleve,pt-etre yo pa rapporte yo sa..yo gen dress code tou..men menm dress code saa aplike pou on serie de moun..e menm moun nap di yo favorise yo..leu se yo ki ak tenue saa..it’s is not the same dress anymore! Parmi plusieurs tenus on pa gen droit penetre nan espas la..yo pale de Bagui..pourtant kategori moun favori yo a ..vini ak collant..jeans a la mode men ki dechire..epi yo pa interdi yo accès.. ! Kounyea nou pa ka antre nan lojik si se seul espas lan ki genyen. ! ! .si anpil moun( youn pale lot de la) interese a li se paskeu li gen on bagay particulier.., original, keu’l ofril..e on moun kap viv Haiti ou vreman en panne sou point saa ( espas orijinal, creatif ds le lieu comme ds le menu)..ASU..sou tè d’Ayiti nan on lotel Ayisyen ki pou Ayisyen..donk si yo pa deside welcome e ce sou menm nivo tout moun..keu yo gen cran yo di’l..men fok moun ki deçu de attitud sa yo ta dako met tet yo ansanm tou ( kom action tet ansanm lan sanble on defi pou nou Ayisyen !! )pou yo non seulement denonse’l..men pote plainte pou yo nan Organisme de Droit..
    ( Paskeu kote sa yo bel e bien egziste…pou pran sanction tou kont de tel comportement suppose raciste au regard de on certaine clientèle e reponn de attitud saa..yo keu yo ka tjou refute(men se tretman moun ap releve yo kap dementi yo ou pa)..Donk ck fwa on espas gen foli or permet li aji konsa..se li ki pou kite nan Oswa affiche’l ouvertement . .di m’resevwa telle categorie moun leu sa tout tout un chacun ap fixe ( ki still Denonsab..n’empêche).. ou si yo vle kitel ouvert uniquement pr les clients de l’hotel okk men pa frekente espas lan pa pap rezoud sa..o kontrer lap empire’l men’m..tout ti MadiGras mal maske ap konprann poul aji menm jan nan on sosyete kote keu tendance saa tres à la hausse.. se rete wap rete ou wè ou en Haiti..men ou pa gen accès nan on bann kote nan menm Haiti saa ! Chaque action gen consequence li..soo leu bagay sa yo rive..se voix nou poun fè rive pi loin nan denonse’l..squelette sociale peyi sa a montre nou ki kote mentalite zafè kabrit pa zafè mouton an ap mennen nou…donk an nou souke kò nou ! Pran responsabilite nou !

  4. Moun konplexe menm jan avew yo, Te met gen 1 million moun nwa yon kote, ou we yon grenn blan wap gentan rele discrimination. Asu has standards, just like any high end bar in any country, a dress code, if you look like a homeless or a tramp you wont get in. If its overcapacity you wont be allowed in unless you reserved a table in advance. Make sure you do, or don’t do these 3 suggestions and ull be able to get in. Obviously its not a matter of money, but for you that should be enough to allow you in. Ou pa we se ou kap fe discrimination an, oh im rich u need to let me in. Obviously, lajan, kouleu, klas social pa fe yo mache. Get yourself there early, with a simple and proper attire, and ull be guaranteed entry. Epi afe konplexe, bagay kouleu a, kitel pou lot peyi. If u dont feel welcome, then dont go! Valeu lot kote genyen nan pv a, ppl who go to asu don’t need to party with ppl who make color a matter anyways. So tired of ppl around the world still making color a big issue! Get rid of that complex.

  5. Oh please people, I’m black and I go to ASU, ann pa pale de couleur nan bagay sa. And Cheche real issue a.

  6. Mpa kwè koze ASU a se yo problèm kouleu, paskeu pèsonèlman mtoujou rive antre. Parcontre, mpanse ke li gen on rapport direk avec tenu vestimantèr ou..