Yon refleksyon sou mache pou lavi ak boule kawotchou

This post is also available in: English


Pou moun ki gen lespwa toujou bagay yo ka chanje, manifestasyon rete sèl zouti ki a dipozisyon yo.

Nan dat ki te 10 Desanm, yon kantite Ayisyen pran lari Pòtoprens pou mache pou lavi. Yo t ap denonse plizyè bagay tankou: kantite kidnapin ki te fèt nan peyi a an 2020, masak ki fèt nan lane ki sot pase la yo ke leta Ayisyen kosyone, epi administrasyon Moise la ki refize pran responsabilite l. Mwen retwouve m sou rezo sosyal yo ap “like” tout foto kawotchou k ap boule. Yon bagay ki te konn fè m pè, kounya ranpli kè m ak fyete ak lespwa lè m gade foto kantite Ayisyen k ap mache pou fè tande vwa yo. Gen yon bote nan mache nan manifestasyon ak moun, menm si w pa rekonèt yo, ou konnen se frè ak sè w yo ye; boule kawotchou fè pati de dram sa a tou.

Youn nan dènye dekrè Jovenel Moise defini mete barikad ak boule kawotchou kòm zak teworis ki ka jwenn 2 zan nan prizon. Dekrè sa fè pati yon bann dekrè Jovenel Moise pran, tankou dekrè pou kreye yon ajans entèlijans ki pa sou enfliyans sistèm jidisyè a, sa ki vyole konstitisyon an. Sa merite nou mande, ki objektif dekrè sa a? Eske se boule kawotchou ki fè Ayiti pa gen sekirite?

Si administrasyon Moise la te vrèman konsène l ak sekirite pèp la, yo t ap sispann sitire gang ak kidnapè k ap masakre malere yo. Tout mezi sa yo se fason pou yo mete baboukèt nan bouch pèp la e yon fason pou gouvènman Moise la rete sou pouvwa.

Tribinal nan peyi Dayiti pa janm fonksyone. Swadizan envestigasyon ki fèt nan peyi a se maskarad. Tribinal yo plen ak jij ki kowonpi, k ap travay pou gouvenman an ak enpinite epi pa gen eleksyon lib an Ayiti. Pou moun ki gen lespwa toujou bagay yo ka chanje, manifestasyon rete sèl zouti ki a dipozisyon yo.

Relasyon pa m avèk barikad, boule kawotchou chanje nan jou sa yo, malgre sosyete Asyisyen kontinye kondane zak sa yo. Mwen te konn pè bagay sa yo. M te konn tande granmoun yo ak laprès pale zak sa yo tankou son danje lè m te timoun, ki te vin rann mwen pi pè.

Boule kawotchou se yon aksyon ki pa vyolan, men ki trè agresif. Se yon destriksyon byen materyel, men ki kontwole. Aktivis itilize taktik sa pou fòse sosyete a, ak medya nasyonal e entènasyonal prete atansyon, malgre sa riske fè medya entènasyonal la inyore mesaj ki yo vle fè pase a. Sa ki vin enfliyanse lopinyon piblik sou mouvman an. Nou wè egzanp sa yo nan tout batay pèp nwa nan le mond ap mennen. Yo toujou ap preche “lòd” ki vrèman pa gen anyen pou wè ak sekirite piblik, men pito represyon politk. Se menm swadizan “lòd” sa nouvo dekrè Moise la vle mete sou pye.

Byen ke pafwa moun sou pouvwa yo peye moun pou boule kawotchou, anpil militan itilize boule kawotchou pou yo fè pase revandikasyon yo. Majorite manifestasyon kòmanse ak yon seremoni vodou pou rele memwa Bwa Kayiman ki te lanse revolisyon pou endepandans nou. Se pou sa anpil militan konsidere manifestasyon tankou yon bagay sakre. George (nou chanje non li pou atik sa),  yon militan ke m te pale avek li di m “Boule kawotchou se yon bagay senbolik. Anpil moun pa konprann li nan fason sa, men pou anpil nan nou, nou toujou pran an konsiderasyon siyifikasyon dife. Nou pèfome seremoni nou epi nou resite priyè Boukman lan. Tout sa soti dirèkteman de Bwa kayiman. M ap kontinye boule kawoutchou jiskaske lavi miyo.” George eksplike: “se pa moun k ap milite yo ki te teworis, se moun ki sou pouvwa k ap kontinye detwi lavi pèp la ki teworis.”

Melodie Cerin

Melodie Cerin

Haitian woman. MA in Governance and Public Policy

No Comments Yet

Comments are closed