Listwa pa dwe fè bak

This post is also available in: English

Je moun ann Ayiti pi klere, yo pi konn dwa yo, yo p ap dòmi, y ap veye zak gouvènman an, e yo refize kite moun desounen yo.

NB: Mwen kòmanse ekri refleksyon sa a jou ki te dimanch 7 Fevriye, 2021. Mwen fin ekri li aswè a yon semèn aprè, dimanch 14 fevriye.

Dimanch toujou gen mwens bri pase lot jou yo , men dimanch sa, 7 fevriye 2021, Pòtoprens tankou yon vil ki mouri, men avek yon santiman raj ak fristrasyon k ap travese tout moun..

Dimanch, 7 Fevriye 2021 make fen manda konstisyonèl Jovenel Moise, daprè konstitisyon an, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè, enstans jistis ki pi wo nan peyi a raple nou sa. Olye li ale, Jovenel Moise ap redi toujou pou li kenbe pouvwa ak zam represyon ak vyolans. Tankou yon kalòt nan figi pèp la, Jovenel Moise pran avyon dimanch pou li ale nan vil Jakmèl  lanse festivite Kanaval.

Byen bonè menm jou sa, yo arete yon zanmi mwen, frè jimo yon lòt bon zanmi mwen, ak madanm li yon chirijyen, ansanm ak yon jij nan Koukasasyon, epi yon fanm ki se direktris Lapolis Nasyonal. 23 moun an tou. Gouvènman an fè soti yon deklarasyon ki akize moun sa yo kòmkwa yo ta fè konplo, pou dechouke Jovenel avèk yon kou deta. Yo pibliye foto moun e yo fè yo sikile sou rezo sosyal, an pijama, kouche oubyen chita atè, ak men yo menote dèyè do yo.

Se te yon jounen tris men yon jounen enpòtan anpil. Tout popilasyon an konn sa. Aktivis yo konsyan sou enpòtans lit sa e yo pare pou sakrifye libète yo ak lavi yo. Men poukisa yo oblije fòse yo  pran wout sakrifis la? Kesyon sou lejitimite Jovenel Moise alatèt  leta a klè. Konstitisyon Ayiti a klè sou sa, e li pa gen okenn konfizyon sou dire manda li. Peyi etranje yo ki ap sipòte rejim lan gen reskonsabilite tou nan  degrenngolad sitiyasyon  an. 

Se te yon jounen tris men yon jounen enpòtan anpil. Machin represyon an t ap mache. 8 Janvye, Jovenel Moise te pibliye nan jounal Le Moniteur yon dekrè ki te anonse prezidan an voye twa jij nan Koukasasyon al pran retrèt yo. Se youn nan yo opozisyon politik la te chwazi pou ranplase Moise nan fen manda li. 

Tankou nan epòk Duvalier, Ayisyen rasanble pou yo koute radyo pou yo konprann sa k ap pase. Genyen Ayisyen ki nan lari a toupatou nan peyi a k ap lite, yo refize abandone batay sa a ki kòmanse depi lontan. Y ap goumen pou yo jwenn yon lòt kalite gouvènman, yon leta ki koute lè yo eksprime bezwen yo, yon gouvènman ki pa itilize lajan leta pou enterè pèsonèl li. 

Lè nou kite peyi a, se pa paske nou chwazi fè sa; se paske nou pa rete ankenn lòt chwa.

Timoun ann Ayiti bezwen manje byen, e yo bezwen al lekòl tankou tout lòt timoun. Yo bezwen bon kay pou yo rete. Paran Ayisyen bezwen mwayen pou yo pran swen fanmi yo, edike tèt yo, travay e viv jan sa dwa, san krent. San yo pa bezwen kouri kite peyi a. Jovenel Moise vle rete prezidan menm si manda li fini; men sitiyason peyi a vin pi mal depi li monte sou pouvwa a. Lamizè ak chomay monte.  Pouvwa a itilize reprezyon an touttan kont opozisyon an e sitou nan katye pòv yo. . Gang ak gwo zam ogmante, y ap fè kidnapin ak tout kalite krim san la jistis pa pini yo pou sa. Nan semèn ki sot pase yo, timoun lekòl, pwofesè ak direktè lekòl soufri anba men yo. 

Tout Ayisyen alawonnbadè renmen Ayiti. Lè nou kite peyi a, se pa paske nou chwazi fè sa; se paske nou pa rete ankenn lòt chwa. Jodi a depa Jovenel Moise ta dwe make komansman yon nouvo fason pou n viv. Komansman yon nouvo kalite leta. Yon leta ki konsyan e sansib pou lit pèp la e ki konn reskonsabilite li yo. Yon  leta ki pral travay pou yon sosyete ki chita sou lajistis, yon sosyete kote tout sitwayen ak sitwayèn santi leta a ap travay pou  satisfe  bezwen yo. 

Dimanch ki fèk pase a te 7 Fevriye, 2021. Sa gen 35 lane, yon 7 Fevriye, nan lane 1986 Jean-Claude Duvalier te kite peyi a. Se raj pèp la ki te dechouke li aprè plizyè dizèn lane diktati Duvalier yo. Sitiyasyon an te difisil, plizyè sitwayen ayisyen, fanm kou gason, te pèdi lavi yo nan batay kont rejim lan, men nou te reyisi kraze li. 7 Fevriye, 1986 Jean Claude Duvalier te oblije al fè wout li.

Se kòmsi n ap mache pa do. Nou ka wè gouvènman sa a, ki pa lejitim ankò daprè konstitisyon an, ap pare pou li kontinye itilize represyon. Menm jan Duvalier te konn fè. Men, listwa pa dwe fè bak. Jodia bagay yo chanje. Je moun ann Ayiti pi klere, yo pi konn dwa yo, yo p ap dòmi, y ap veye zak gouvènman an, e yo refize kite moun desounen yo.

M ap ekri pawòl sa yo avèk yon doulè nan kè m, paske jouk jodia  m ap tann nouvèl zanmi mwen yo ak lòt yo ke yo te arete dimanch maten sa. M ap ekri pawòl sa yo avèk laraj nan kè mwen pandan lapolis antoure lekòl bèl sè mwen, ap  fouye sou moun ki ap pase sou pretèks y ap chèche lòt sitwayen otorite yo lage lapolis dèyè yo. M ap ekri pawòl sa yo, e mwen konnen ke mwen pa santi m an sekirite. Mwen konnen sitwayen nan peyi m pa santi yo an sekirite. Sa pa ta dwe rive. 

Jodi a se 14 Fevriye, 2021. Plizyè milye Ayisyen pran lari Pòtoprens pou manifeste kont diktati. Bò kote mwen, mwen wè yon pakèt moun, fanm ak gason, jèn moun ak granmoun, granmoun ki rive nan laj pou yo ta poze, mwen wè yo tout ap mache,  chante ansanm pou denonse zak Jovenel Moise k ap derespekte konstitisyon an; pou denonse kominote entènasyonal la ki ap apiye yon gouvènman kòwonpi.

Jodi a Dimanch 14 Fevriye, 2021 te yon jou Sen Valanten ki te espesyal anpil. Plizyè milye Ayisyen pran lari pou montre lanmou nou genyen pou Ayiti, pou montre volonte nou pou n  batay pou byènèt pitit nou, pou sekirite fanmi nou, epi pou avni peyi nou. Pi fò nan nou te gen drapo ble e wouj la leve nan men nou ak fyète ak kouraj. Mwen rantre lakay mwen ak drapo mwen an, souvni yon jounen espesyal kote nou te montre lemonn kisa libète ak diyite vle di pou nou.

Konya, yon lòt semèn tris, yon lòt semèn enpòtan anpil ap kòmanse. Gen anpil enterè ki nan balans la, e nou konn sa. Se listwa ki ap fèt. E listwa pa dwe janm fè bak.

Évelyne Trouillot
Delmas, Haiti
February 7th14h, 2021

Évelyne Trouillot

Évelyne Trouillot

Evelyne Trouillot was born, lives and works in Port-au-Prince, Haiti. Her first novel Rosalie l’infâme was awarded the Prix Soroptimist de la romancière francophone, in Grenoble, France in 2004. Evelyne Trouillot has published several more novels and three collections of short stories, two books of poems, one in Creole and one in French. She has also written an essay on the situation of children and human rights in Haiti Restituer l’enfance. Her first play Le bleu de l’île received the Prix Beaumarchais, ETC Caraibes in 2005. Her novel La mémoire aux abois, presents a compelling view of the dictatorship that Haiti suffered during the Duvalier era. It received the Prix Carbet de la Caraibe et du Tout Monde in 2010. Her latest novel Absences sans frontières tells the story of a family separated by migration, but strengthened by their love and respect for one another. In 2014, Trouillot published a book of poems in France, Par la fissure de mes mots. In 2015, her latest novel Le rond point was awarded la Bourse Barbancourt, in Haiti. La memoire aux abois was translated by Paul C Daw into English under the title Memory at Bay and published by University of Virginia Press in 2015.

No Comments Yet

Comments are closed