Kite otorite lokal yo fè travay yo

Depi nan eleksyon, Jovenel Moise mache nan tout kwen ap fè kanpay, e kòm prezidan anyen pa chanje. Aktivite sa yo te fè sans pandan elekesyon, men kounye a se moman pou chita travay. Sa te fè sans lè pa t gen kazèk, azèk, majistra ak delege pou minis, men kounya ke moun sa yo nan pòs yo, fòk nou kite yo travay. Kilti politik nou an gen twòp kontradiksyon, e li enpòtan pou nou adrese yo pou evite repetisyon menm erè yo.

Desantralizasyon pouvwa te youn nan objektif kle konstitisyon 1987 la, e li lè pou nou kòmanse aplike sa an 2017. Prezidan ap mache nan chak ti lansman, chak ti wout ki fèt, tout bagay sa yo se bon bagay, men se travay delege, majistra, kazèk ki se vrè ajan devlopman nan komin yo. Gouvènman ki la a dwe fè efò pou respekte prensip balans pouvwa a.

Yon nouvo jenerasyon lidè ak nouvo pratik politik modèn, sè sèlman sa ki kapab mete fen ak politik demanman otorite nou yo ap pratike depi 1957. Chita travay, kreye politik pou chanje pwoblèm yo nan fon se travay prezidan, palmantè, minis. Li pa fè sans pou moun ki dwe chita travay yo se yo menm ki bay plis blokis nan lari a.

Chita fè lekti,  ekri epi fè diskisyon kritik lekòl se li menm ki bay baz pou chita travay pandan ou vin granmoun nan lavi pwofesyonèl ou. Li klè pwoblèm nan kòmanse depi nan baz. Jije sou jan otorite nou yo travay ak sa yo priyorize pou akonpli montre a klè kote pwoblèm nan sòti.

Nouvo jenerasyon ki pral ranplase politisyen ki la jodi an dwe kòmanse prepare depi kounye a e prè pou fè yon efò anplis nan jan yo pral travay. Respè pou prensip demokratik ki etabli vakans pouvwa yo e pwomosyon pou respè enstitisyon dwe bousòl nouvo jenerasyon sa a. Sòti 1950 jiska Jodi a, sa lidè nou yo akonpli vrèman piti, paske yo mete fokis yo ak tan yo sou ti detay.

Popilasyon an ap pi aktif nan lavi sosyal ak politik peyi li lè nou rive angaje kominote yo tout bon vre.

Youn nan pwoblèm jodi a se patisipasyon nan eleksyon. Moun yo pèdi enterè paske leta te twò lwen yo. Pa te gen kazèk, azèk, majistra ak delege lejitim ki te reprezante kominote yo. Jodi a moun sa yo nan plas yo, fòk nou kite yo travay e yo merite tout ankadreman posib pou yo travay. Popilasyon an ap pi aktif nan lavi sosyal ak politik peyi li lè nou rive angaje kominote yo tout bon vre.

Yon lokalite ki gen majistra, delege, yon kazèk ak yon azèk pa bezwen prezidan, minis, oubyen yon palmantè pou vin enspekte netwayaj kanal. Sa se yon bagay yon moun byen fòme ka fè ak yon telefòn. Mwen pa di pou prezidan, minis ak palmantè pa travay sou teren, mwen panse nivo travay lan bezwen reponn ak estanda ki gen yon enterè patikilye.

Mwen pa kwè Jovenel Moise gen move entansyon nan jan li travay la, mwen kwè nan tèt li li kwè ke l ap travay pou amelyore anpil bagay. Pwoblèm nan se nan jan l ap travay la, e ki jan li ka vin pi efikas. Mwen panse li kapab pi efikas pou chak moun travay nan nivo li ak jiridiksyon li pandan chak pouvwa respekte youn lòt.

Si prezidan, palmantè, ak minis yo ap travay pou kreye politik dirab pou chanje sitiyasyon peyi a nan nivo nasyonal e entènasyonal, li pa konstriktif pou yo ap manche nan ti pwojè, nan ti fòmasyon ONG oubyen anbasad maten midi swa.

Chita travay, diskisyon ak planifikasyon se yon yon obligasyon pou jwenn rezilta pozitif e pou fè enpak solid pou deklanche devlopman dirab.

Photo via @moisejovenel
Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed