Ayiti, Gade Dèyè e Gade Devan

This post is also available in: English

Revolisyon Ayisyen an se yon istwa ki rich, fasinan, e konplike. Lè jeneral yo, sòlda yo, ak esklav yo te rankontre pou dènye batay nan Vètyè a, se avèk destine yo yo t ap mache. Malgre defi a te parèt enposib pou leve, yo te rete fikse sou prensip yo e yo te mare tèt yo a yon sèl objektif : pou kraze ejistis. Se yon istwa ki difisil pou w imajine, ki demontre kouraj ki leve kondisyon imèn lan, e te rann pwogrè pou tout limanite posib.

Jodi a, 200 lane pita, mwen pa ka bay manti, zansèt yo t ap desi wè eta Ayiti konya. Anpil rapò montre      Ayiti se li ki pi pòv nan tout peyi nan kontinan Lamerik yo. Nou tout konnen done yo : prèske 60 pousan ayisyen ap viv sou $2.42 chak jou, sou chak 1,000 ti bebe ki fèt nan peyi a gen 59 ladan yo ki mouri, e pou sa ki pa mouri, lavi a pral pote anpil barikad pou anpeche yo viv ak diyite. Si nou ta di ke sitiyasyon ann Ayiti a dezespere, sa pa t ap ase.

Men, malgre tout pwoblèm ki genyen ann Ayiti, dyaspora ayisyen an rive jwenn siksè lòt bò dlo. Tou pa tou nan lemonn, w ap jwenn anpil ayisyen ki fè siksè domèn yo : atis, syantis, biznismann, avoka, medsen, akademik elatriye. Yon egzanp ekstra òdinè se ekriven Dany Laferrière, ke yo enstale nan Akademi Franse. Pa gen pi gwo lonè nan mond frankofòn lan.

Pi gwo resous Ayiti se pitit li.

Mwen te sezi lè mwen te li yon atik ke yon pwofesè ki rele Richard Albert te ekri ki sigjere ke Ayiti abandonnen souvrènte li, pou mennen Ayiti nan sa Mesye albert rele yon “epòk transfòmasyon.” Sa Mesye Albert pwopoze a gen anpil danje. Sou tèt sa, yon pwopozisyon konsa pa ede mank de konfyans ki genyen ant ayisyen ann Ayiti ak ayisyen dyaspora yo.

Atik Mesye Albert la ka sèvi kòm ankourajman pou demagòg ann Ayiti ki pa vle aksepte moun ak doub nasyonalite sèvi nan leta sou pretèks ke sa te ka fè Ayiti pèdi souvrènte li. San misye ka pa menm konnen, agiman li a sonnen menm jan ak politisyen ki la pou sèvi enterè pwòp tèt yo ki chita ap bloke tout lejislasyon ki ta ka bay Ayisyen nan dyaspora privilèj doub nasyonalite a ki t ap pèmèt yo sèvi nan leta, louvri biznis nan peyi a, e jwi de tout privilèj ak responsabilite ke sitwayen nan sosyete ayisyen an genyen.

Agiman Mesye Albert la endiferan e li pa konsekan. Si nou konsidere tout gwo pwoblèm ke Ayisyen ap fè fas ak yo konya, mwen espere ke pa gen dyaspora ayisyen ki dakò ak sa misye pwopoze a.

Mesye Albert pa te gade sou listwa lè li te pwopoze ke si Ayiti te bay Kanada souvrènte li kòm yon bagay ki ta nan enterè Kanada. Agiman sa pa konvenkan ase. Mwen sispèk ke Premye Minis Trudeau se yon lidè ki kwè nan konesans ke listwa ba nou e li pat ap dakò ak yon pwopozisyon konsa ki minen souvrènte yon peyi. Kanada ak Ayiti pataje yon relasyon ki baze sou respè ak admirasyon. Sitwayen kanadyen ki fèt ann Ayiti pote gwo kontribisyon pou sosyete kanadyen an. Michaelle Jean 27yèm gouvènè jeneral Kanada a te fèt ann Ayiti. E jan mwen sot di talè a, Danny Laferrière te enstale nan Akademi Franse a, men pa sèlman kòm ayisyen, men kòm Kebekwa tou.

Jan Winston Churchhill te di a : si nou kòmanse yon batay ant prezan ak pase, sa mete nou an danje pou nou pèdi avni a. Menm si tout maleng geri avèk tan, pasaj tan pa dwe fè nou bliye fè yo, li pa dwe fè nou maske manti an verite, ni transfòme mechan an ewo. Ayiti toujou rete yon lidè pou libète, malgre plizyè anbago ak entèferans nan men Etazini, Lafrans ak lòt pouvwa ostil kolonyal. Soti nan batay Savannah nan Gè Revolisyon Ameriken an rive nan Amerik Sid, sòlda pou libète ayisyen yo te fè pi gwo sakrifis pou libète lòt moun.

Peyi Dayiti fèt nan revolisyon e leve nan libète.

Pa gen dout ke demokasi nan peyi Dayiti pap mache jan li ta dwe. Youn nan rezon yo se disparisyon klas mwayen an, ki ap kite peyi a. Anpil nan yo ap akonpli gwo bagay nan domèn yo nan tout rakwen kote yo ateri nan lemond. Imajine si tout pitit Ayiti ta tounen an mas pou travay nan leta, sektè prive, ak tout lòt domèn. Men kisa ki t ap mennen nou a yon epòk transfòmasyon tout bon.

Atik Mesye Albert la ka te bay move gou, men mwen konfyan ke jenerasyon jèn, konpetan e anbisye sa pap pataje opinyon misye. Se yon jenerasyon ki pasyone e ki vle ede peyi yo akonpli sa zansèt yo te kòmanse, pa pou abandonen li bay fòs etranje.

Si pwoblèm Ayiti se fòt pa Ayisyen sèlman e pèsòn lòt, jan Mesye Albert di a, enben se Ayisyen e pèsòn lòt ki pou rezoud yo tou. Nan dezespwa nou, nou paka kite presyon sikonstans yo fè nou bliye prensip nou. Premye Janvye 1804, fraz ki te pote plis fyète a se te : mwen se yon sitwayen ayisyen. Mwen kwè ak tout fòs mwen ke si Ayisyen nan tout sektè toupatou nan lemond pran yon nouvo angajman pou peyi a, sa ka mennen Ayiti nan yon lòt nivo.

 

Wesley Lainé

Wesley Lainé

Wesley can be reached on twitter @WesleyLaine.

No Comments Yet

Comment on this article