Èske Senbòl Alfabè Kreyòl Yo Merite Nouvo Non?

This post is also available in: English

Gen yon manti ki antre fon nan tèt anpil moun, ki di ke kreyòl la pa gen ni alfabè ni sistèm òtograf. Twò souvan, mwen tande moun di : “Pa gen bon fason pou n ekri kreyòl. W annik ekri sa w pi pito.” Pawòl sa a se manti. Si ou fè pati de moun ki te kwè nan manti sa a, se pa fòt ou nèt. Anpil nan nou pa t gen chans wè kreyòl ekri souvan, epi dokiman sa yo ki te ba w chans pratike otograf kreyòl la, gen anpil chans yo pa te respekte òtograf ofisyèl la. Mwen menm, se lè dimanch m te pi souvan  vin abitye  fè lekti an kreyòl, nan liv Chants d’espérance la epi nan gwo Bib kreyòl papa m lan. Menm nan de liv sa yo, sanble yo pa t ka antann yo sou ki jan pou yo eple diferan mo kreyòl yo. Men, pa kite konfizyon sa yo dekouraje w aprann sistèm otograf kreyòl la selon règ ofisyèl ki deja egziste jodi a.

Si fason ke w eple mo an franse tankou “des oeufs” oswa “pneumonie” janm enève w, w ap renmen jan yo ekri lang kreyòl la.

Kreyòl la gen yon òtograf ki espesyal paske òtograf la chita sou envantè son ki gen nan lang lan.  Se pou sa lengwis yo rele òtograf la “transparan.” Sa vle di ke mo yo ekri avèk senbòl ki koresponn ak son ke w tande nan zòrèy ou. Pa gen okenn lèt ke w pa pwononse.  Pa gen okenn lèt ki pa kontribye anyen nan pwononsyasyon mo yo.  Epi pa gen okenn lèt k ap fè n sezi  tankou ann anglè oubyen an franse. Si fason ke w eple mo an franse tankou “des oeufs” oswa “pneumonie” janm enève w, w ap renmen jan yo ekri lang kreyòl la. Alfabè kreyòl la “mòfo-fonemik”.  Sa vle di: chak lèt oubyen konbinezon lèt reprezante yon grenn son nan lang lan. Sa rann li pi fasil pou moun k ap aprann li ak ekri, menm moun ki gen maladi tankou disleksi.

Michel DeGraff te esplike lide sila a nan yon entèvyou nou te fè ak li ke nou te pibliye ane pase : “…òtograf ofisyèl kreyòl la pi lojik pase òtograf franse ak angle. Annik konpare jan ou ekri ‘automatic’ ann angle, ‘automatique’ an franse epi ‘otomatik’ an kreyòl.   Ki òtograf ki pli fasil?  Son ke n reprezante ak grenn lèt ‘k’ an kreyòl, nou ekri l ak 3 twa lèt an franse: ‘q’, ‘u’ epi ‘e’.  Son ke n toujou ekri ak yon grenn lèt ‘o’ an kreyòl, òtograf franse a ekri ‘au’ oswa ‘o’ (nan mo ‘automatique’ la) epi ‘aud’ oswa ‘aux’ oswa ‘eau’ oswa ‘eaux’ oswa ‘ault’, oswa ‘ôt’, elatriye.  An kreyòl, son ‘o’ a toujou ekri ‘o’.  Bingo!”  Sa se te yon ti detay. DeGraff rive jwenn referans ki montre 46  fason diferan ke w ka ekri son “o” a an franse.

Mandaly Louis Charles ak Michel DeGraff (ki  se pwofesè nan MIT) sòti chante sila a ane pase pou yo ka ede moun aprann alfabè kreyòl la.

Bèl mizik, pa vre? Ou siman ap mande tèt ou pou ki sa konbinezon lèt yo fè pati alfabè a. E byen se paske jan nou te deja di sa, kreyòl la “mòfo-fonemik.” Tout lèt ki poukont yo ansanm ak konbinezon 2 oswa 3 lèt yo, se sa ki pèmèt nou reprezante chak grenn son ke w itilize lè w ap pale kreyòl. Kidonk, si ou memorize  sistèm sa a, ou ta dwe konnen ki jan pou w ekri mo kreyòl yo jan w pwononse yo, san w pa bezwen yon diksyonè jan ou ta bezwen sa lè w ap aprann ekri franse ak angle.

Petèt li tan pou n vreman fè alfabè kreyòl la mèt tèt li.

Ou dwe ap mande tèt ou tou, pou ki sa chante a  rele senbòl yo “a,” “ba,” “cha,” “da” olye de non franse nou abitye itilize yo. Mwen te gen menm kestyon sa a. Nou mete aklè anpil bagay nan lang kreyòl la;  men, genlè rete  pou n jwenn non pou 32 senbòl sa yo nan alfabè a. Anpil moun panse ke nou ta dwe itilize non lèt nan alfabè franse a menm  lè n ap aprann alfabè kreyòl la. Mandaly Louis-Charles ak Michel DeGraff itilize silab “a”, “an”, “ba”, “cha”, etc. pou moun k ap tande a gen yon bon lide de jan lèt sa yo sonnen an kreyòl epi ki jan yo sèvi nan lang lan.  Epi tou, yon lòt avantaj se paske ‘a’ se vwayèl ki itilize pi plis nan mo kreyòl.  Men yon lide : E si nou tou itilize non sa yo  (“a”, “an”, “ba”, “cha”) pou non ofisyèl senbòl yo nan alfabè kreyòl la? Petèt li tan pou n vreman fè alfabè kreyòl la mèt tèt li.

Kèk nan non franse ke nou itilize pou alfabè laten an pa gen sans nan kontèks kreyòl la. An nou kòmanse ak lèt G a. An kreyòl, G sèlman remèt yon son g ki di  tankou nan “gòl”. Men li pa janm fè son g  ki mou tankou nan mo franse “gèl” (se lèt J a ki ban nou son sa a an kreyòl; se pou sa n ekri “jèl”). Non franse pou lèt G a se “jé” (si n ap itilize òtograf franse a). Rele G menm jan ak an franse ki se “jé”, sa pral fè ke non senbòl la pa koresponn ak son pwononsyasyon kreyòl la. Gen yon rezon ki fè ke nou rele lèt K a “Ka” an franse. Non “Ka” a fè nou konprann byen rapid ki son ke lèt K a fè. Lè nou sèvi ak silab  “Ga” a kòm non kreyòl pou senbòl G a, sa tou rezoud pwoblèm sila a paske li fè non lèt G a (egal: “Ga”) pwodwi son ke lèt G a pote pou mo tankou “galon”, “gason”, “genyen”, elatriye.

An nou gade senbòl R la ki parèt nan lang kreyòl la. An jeneral, R pa  pwononse nan fen silab yo. An kreyòl, mo franse tankou frère ak père tounen frè ak . An reyalite, son R sa a nan fen silab tankou nan mo franse “or” oubyen “aire” pa soti nan bouch moun ki pale kreyòl sèlman oubyen nan bouch moun ki, jan yo di  a, pale kreyòl rèk. Pifò moun ki pale kreyòl sèlman  ap di w “è” pou mo franse “aire”. Non pou R nan lang franse a vini ak son R la ke yo mete nan finisman yon silab, sa ki pa janm rive nan kreyòl la (sof si w ap eseye pale chèlbè  oubyen ou se moun Okap). Si n rele senbòl R la “Ra” an kreyòl, sa ap tou rezoud pwoblèm sa a tou. Non “Ra” sa a montre jan yo itilize lèt R la devan vwayèl nan lang kreyòl la tankou nan rara.

Non franse pou senbòl W a yon jan dwòl tou. Non franse a dekri ki sa lèt la sanble, “Double v”. Nan ka sila a nou gen yon non ki vreman twò long e ki pa bay moun k ap tande a okenn poul sou ki son senbòl la fè. Imajine w k ap montre pitit ou ki jan pou li eple non li “Willy”. Ti Willy ap kòmanse di sa yo te aprann li “www-iii-lll-yyy”. Men, nan tout sa a, ki bò li sipoze tande “double v” sa a menm? Alòske, yon non tankou “Wa” tou montre aklè son ke lèt sa a fè.  Epi lang ou p ap vire lè w ap pwononse non lèt sa a.

Si se vre kreyòl la se yon lang tout bon, pou ki sa nou oblije kontinye trete l tankou ti sè franse oswa rèstavèk franse?

Si nou vle vante tèt nou sou jan òtograf kreyòl la transparan, pou ki sa nou pa tou fè non alfabè a klè tou? Si se vre kreyòl la se yon lang tout bon ki gen règ pa li ansanm ak sistèm pa li, pou ki sa nou oblije kontinye trete l tankou ti sè franse oswa rèstavèk franse, kote n ap prete tout bagay nan men franse a,  ata non lèt yo, pandan ke nou gen opòtinite pou n kreye yon sistèm ki, non sèlman pou nou, men, ki mache byen?

Se vre, sijè sa se pa li ki pi enpòtan nan avansman kreyòl la. Men, se yon bagay nou ta dwe reflechi sou li. Ann atandan, mwen kontan wè plis moun ap fè efò pou yo aprann li ak ekri kreyòl. Plis piblikasyon ap pwodui kontni an kreyòl pou montre ke lang  lan  ka pale sou sijè ki pwofon e teknik. Epi konba pou kreyòl la sèvi nan lekòl la ap kontinye pou timoun ayisyen ka aprann byen. Bon mwa kreyòl tout moun!

Nathalie Cerin

Nathalie Cerin is a singer-songwriter, music teacher, blogger and graduate student in Multicultural Education. She likes to think of herself as the class clown all grown up. Nathalie has a deep passion for Haiti and the arts, especially wherever these two topics converge. She is the editor for Woy Magazine.

No Comments Yet

Comment on this article