Rara: Dans ak Seremoni

This post is also available in: English

Yon rezime istwa, estrikti ak rityèl rara ann Ayiti de Taino L avèk Ayiti Bèl.

Pic1

Gen anpil diskisyon ki fèt sou orijin istorik rara. Pou kèk moun tankou Harold Courlander, Moreau de St Rémy ak Jean-Baptiste Roumain, li gen orijin li ann Afrik epi yo adopte li ann Ayiti lè yo mennen esklavaj la lakay nou. Men dapre Emmanuel C. Paul, li se yon eritaj kolonyal ki ta sanble te yon jou distraksyon ke yo te bay koloni yo. Dapre Jean Coulanges, rara “ soti depi nan tan Endyen Amerik yo kote Mayen yo te gen yon jou plezi ke yo te konsakre a lanati.”

Mo RARA sòti nan lang afriken Yoruba (ki vle di “ak anpil bri”, “byen fò”) Nou te konnen rara a depi nan kòmansman listwa kolonyal kote li rele epi aktive prensip relijye wayòm afriken Kongo: “Petro” kote fò vodou a  ak “Bizango” ki se sosyete sekrè. Men byen anvan Christophe Colomb te vini epi tiye 250 000 Tayino  ki te ap viv sou il la, Endyen Amerik yo te konn fè yon festival ki gen anpil a wè ak jan nou selebre rara kounya.

Pic9

Nan tan lontan, bann yo pa te gen enstriman yo te konn chante an akapel. Yo te itilize pye ak bouch yo pou kreye anbyans se sak fè ke rara a te rele “CHAY O PYE”.

Yo vin ajoute enstriman yo konsa:

Enstriman tradisyonèl lokal: 

  • Ki gen twonp: banbou, ki gen difern gwosè men ke kounya ou ka jwenn an kwiv, zenk ak tiyo an fè.   
  • Pèkisyon: tanbou, bongo, graj, kwachi

Enstriman modèn:

  • A van: bariton, elikom, twonbòn, twonpèt 
  • Pèkisyon: kès klè, klòch, senbal.

Yon òkès rara gen 3 batè ki gen 3 enstriman banbou ki swiv li ke yo rele banbou oubyen vaksin, apre sa nou jwenn kèk kòn an metal key o rele kònèt; Dèyè moun sa yo vini yon pil jwè pèkisyon ki gen ti enstriman a men epi yon kè chantè fini defile a. Nòmalman gen yon kè moun ki jwe enstriman ke Majò Jon an kote  wa ak rèn lan ap danse epi pase chapo.

Pic10

Tanbou rara yo toujou fèt ak po bouk e yo dwe leje pou tanbourinè a ka jwe pandan li ap mache sou plizyè kilomèt. Tanbou sa yo fisle ak kòdon e yo regle yo  nana jiste kle kòdon ki antrelase yo sou tout kò tanbou a. Banbou ak vaksin lan se enstriman ke yo plis asosye ak rara. Se de tib banbou ke yo vide. Chak banbou gen yon dyamèt diferan pou yo bay son egi ak son grav. A travè pawòl yo, bann rara a kreye de mizik sou mès seksyèl, politik ak sitiyasyon nasyonal ak an jeneral.

Pic2Bann lan se pwopriyete moun ki fonde li a e ki fè yon jan pou bann lan dire chak ane epi pase li bay manb fanmi ki kalifye a. Yon bann rara òganize sou modèl yon gouvènman : prezidan, minis, majistra, kolonèl ki toujou mache avèk fwèt kach nan men li, elatriye. Gen yon nechèl otorite ki asire ke tout moun gen wòl ak responsabilite pa yo, e ke pouvwa nan bann lan byen distribye. Chak wòl byen defini : gen moun ki chaje pou mete lòd, genyen òkès la, genyen moun pou pote drapo, moun pou pote banyè ak moun pou pote lanp.

 

Pic5

Manifestasyon rara yo fèt nan epòk karèm, yo kòmanse apre kanaval nasyonal la epi fèt chak jedi, samdi ak dimanch jiska lendi  apre dimanch Pak. Defile rara yo pi bon nan semèn Pak la nan epòk katolik pratikan yo ap medite an silans sou soufrans Jezi. Yo di tou ke nan Kòd nwa 1685 lan te bay esklav afriken nan koloni yo yon jou repo wikenn Pak la. Yo te konn mete koulè cho epi te konn selebre ak tanbou ak dans.

 Pandan semèn sa a, bann yo te konn fè travay espirityèl ki te nesesè lè zanj yo ak sen yo disparèt nan yon mond anba tè, vandredi sen. Bann yo bat lari a twa jou youn apre lòt. Nan fen twazyèm jou a ki tonbe menm jou ak samdi sen oubyen dimanch pak, yo boule yon mannken boure twal ki senbolize jwif ki sakrifye Jezi.

Chak bann rara gen yon lakou, tonbo ak tonèl pou lwa pwotektè a ke yo sèvi nan de ti seremoni anvan bann lan sòti. Lakou sa yo dirije pa de patriyach, ougan oubyen papa lwa. Lakou yo pa fasil dirije pa yon manbo. Hounsi yo ki se manb inisye tanp lan e ki fidèl ak Ougan ou Manbo a , fòme gwoup chantrèl yo, samba yo ki se konpozitè ak simidò yo ki se chantè.  Docteur Jeanne Philippe 1985

Seremoni, chante relijye popilè, pran lwa, orezon nan kafou yo, fè konprann ke diven, sakre ak senbolik yo se eleman esansyèl rara a. Tout aspè nan pwosesyon an gen tout enpòtans li: aspè atistik, kiltirèl, istorik, òganizasyon, relijyon ak sosyal.

Peryòd aktivite rara a senbolize yon moman aktivite pou inisye, de ekszibisyon majik ak seremoni pou pratikan vodou. Seremoni prensipal yo se: Kouche Jon, Flanbe ak Kase Fèy.

Kouche Jon: batèm pou sakre jonk lan ak rann li pi pèfòman. Jonk lan depoze nan yon kote sakre devan Bawon pandan 2 oubyen 3 jou anvan vandredi sen pandan y ap di orezon.

Pic8

Flanbe: se yon bagay ke yo pratike anpil kote yo limen yon gwo boukan dife nan yon kafou ak alkòl ak bwa gra. Se yon aktivite ke yo fè pou rele lwa lakou a pou mande yo sipò ak pwoteksyon sou pakou a.

 

Kase Fèy: se yon pratik beny sakre ke yo prepare ak fèy key o òganize pou pitit gason ak pitit fi lakou a ak patisipan yo pou pwoteje yo kont move zè pandan pakou a epi tou pou ba yo chans pandan tout lanne a.

Tout bagay siflèt tankou fwèt, jon, enstriman mizik elatriye, pase pa seremoni oubyen orezon mistik anvan yo itilize yo. Pandan pakou a, bann yo pafè de sèn senbolik ak mistik, enkantasyon, posesyon, lwa pran de serei de moun zòn lan oubyen lakou a, nan de kote byen espesyal tankou: kafou, gwo pyebwa, pas dlo.

Pic12

Majò Jon an se vedèt bann rara a ka gen yon 2 jiska 6 majò jon. Li abiye pou tout lajan li avèk yon teni orijinal, chemiz gwo koulè ak ti klere, yon kaskèt twal, yo chapo papye koulè, yon manto wouj vèt oubyen jòn ak  franj, makiyaj sou figi li ak siflèt nan bouch li. Majò jon yo fò nan kenbe baton bwa ke yo rele Jon a ann ekilib pandan li ap fè li vire byen vit pandan li ap danse bwòdè dans yo rele chayopye. Jon an se yon baton an bwa key o kouvri ak zenk e ki bonbe nan pwent yo. Majò jon an responsab disiplin bann lane pi li fè wout pou yo, siveye epi defye wanga key o jete sou wout yo ak nan kafou yo. E fòk nou di ke yo fè monte ni enstriman yo ni yo menm ak de zespri pou yo ka reyalize pèfòmans sa yo. Yo menm di ke yo toujou posede.

 

Pic6

Pic7

Pic11

REFERANS
Bibliothèque du Bureau National de l’Ethnologie
Faculté d’Ethnologie
Bibliothèque de la Faculté des Sciences Humaines
Konpè Filo
Claude Carré
Errol Josué
Rachelle Beauvoir Dominique
Bibliographiques

Junior Bigaud (2011) - Mémoire présentée pour Licence en sociologie
Université d’Etat d’Haïti - Faculté des Sciences Humaines
Département de Sociologie
Emmanuel C. Paul (1962) – Panorama du folklore haïtien
Gerson Alexis (1970) – Lecture en anthropologie de l’haïtien
  1.  B. Romain (1978) – L’africanisme haïtien
Claude Carré (2004) – Approche comparative entre les musiques coutumières et musiques folkloriques
Elizabeth McCallister (200) - Elizabeth McCallister Rara (2002) - Vodou, Power and Performance in Haiti and its Diaspora

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed