Bon Fèt, Ayiti! Bon Fèt, Woy Magazine!

Jodi a, nou ap swete tout moun bòn ane 2016.

Jodi a, nou ap selebre 212 lanne endepandans peyi nou.

Jodi a, Woy Magazine gen 1 an.

1 an depi nou eseye kouvri tout moman enpòtan nan peyi nou ak bay ayisyen isit kou lòt bò dlo posibilite pou yo pale de eksperyans yo. Nou tande vwa doktè ki te vle pale nou de enpòtans pou nou konn kijan pou nou pran swen tèt nou ak konn sitiyasyon sante nan peyi a. Nou tande vwa nitrisyonis ki raple nou kijan manje lakay se li ki pi bon. Nou tande vwa jounalis ki pale sou sitiyasyon raptriye yo sou fwontyè Sen Domeng lan pandan ke près lokal ak gouvènman an pa te ba yo enpòtans. Nou tande vwa defansè lang kreyòl la. Nou tande vwa moun ki te vin fè nou konfidans sou sa yo ap viv ki pa pale chak jou nan lakou lakay nou. Nou te tande vwa senp sitwayen ki te vle pataje lide yo sou yon sijè patikilye.

E se toujou ak anpil plezi nou resevwa moun sa yo, ba yo chèz pou yo kase ti moso pawòl ba nou. Jodi a ke nou ap fete premye lanne nou, nou vle fete ak tout moun ki te chwazi fè tande vwa yo sou platfòm nou an epi tout moun ki te pran tan li nou, ankouraje nou. Nou ap kontinye travay la e nou p’ap bliye sa papa nasyon nou an te di 1e janvye 1804, 1e lanne endepandans peyi D’Ayiti:

” (…) Il faut, par un dernier acte d’autorité nationale, assurer à jamais l’empire de la liberté dans le pays qui nous a vu naître; il faut ravir au gouvernement inhumain qui tient depuis longtemps nos esprits dans la torpeur la plus humiliante, tout espoir de nous ré asservir, il faut enfin vivre indépendants ou mourir”

Jean Jacques Dessalines, 1 lanne endepandans.

(…) nou dwe, a pati yon ak otorite nasyonal, asire anpi libète nan peyi ki wè nou fèt la;  nou dwe rape nan men gouvènman ki pa gen okenn konpòtman moun, ki kenbe lespri nou depi lontan nan sitiyasyon emosyonèl ki pou imilye nou an, tout espwa pou yo ta retire libète nou. Kounya nou dwe viv endepandan oubyen mouri.”

Jean Jacques Dessalines, 1 lanne endepandans

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

No Comments Yet

Comments are closed