Black Alex La Cho Cho Cho: 10 Nan Pi Bèl Mizik Black Alex

This post is also available in: English

This post is also available in: English

“Chè zami bonswa nou zavon en nouvo stil a vou montre!!”

Depi nou tande vwa sa a nou konnen ke mizik la pral pran yon lòt koub kote nenpòt moman Black Alex te ka lage yon freestyle nan lang pa li. Non sèlman vwa a te patikilye men li te toujou pale ak tout kè li, san li pa wont moun li ye a. Li te toujou pare pou mete piman pa li nan mitan gwoup ke li te ye a KING POSSE, men tou nan lòt gwoup oubyen atis solo ki te manke yon bon asezònman  pou mizik yo fè hit. Men yon lis 10 mizik ke nou ta renmen remèsye Black Alex pou yo:

1- An nou desann nan baz nòmal pou n’al chache yon LOKAL pou nou chill ak ti mesye KING POSSE nan swag ane 90 ak ti nounous BLACK ALEX la:

 

2- Lè nou fin jwenn lokal la nou pral cool non nan kanaval pou n’al aziptididiwdiw  epi danse nan lang BLACK la dibidino mamamouno mamamouno.

3- An 2002 li pase nan baz Mizik Mizik la pou li fè yon ti entèvansyon nan lang pa li  pandan l ap leve pye li ak yon lòt model linèt swag.

4- Black la te toujou pare pou li chante pou medam ke li te renmen yo. Nou ka sonje jan li te chante nan chokarella pou Tania St Val. Se konsa li te kanpe sou 31 li bò Ralph Papillon pou li te kase ti bwa nan zòrèy ti kòkòt la pou li di l jan li LOVE li.  

5- Black Alex vin preche nan 2 lang, pa nou ak pa li  sou PA MANYEN FANM LAN pou Sweet Micky.

6- Nan menm ribrik lanmou an, BLACK ALEX te kouri di “Madmwazèl je vou zèm” anvan menm mesye Carimi yo ta pral chante BAN M PÈMISYON pou yo nan pye ti kòmè a. 

7- Lè bagay yo kòmanse konplike nan peyi a Black Alex kanpe ak Wyclef pou di VAN VIRE paske yo wè a klè nan tout sa ki ap mal mache e Black la te vle ” minista fèmen dan l’ pou li ouvè pa l “:

8- Yo tire sou Black La, yo pran medaj li, li pase maladi, ak lòt move bagay ki rive nan lavi li, Black la te deside malgre sa BA LI GLWA pou di Bondye mèsi ak Eben Ezer:

9- Epi vwala se konsa Black Alex deside fè lòbèy ak yon pye devan yon pye dèyè nan Team Lòbèy.

10- Moun ki pi byen pale de tèt li se BLACK ALEX li menm. E li esplike anil pwen nan vi li nan chante sa a.

“SE TONBE M PRAL TONBE

PA KITE MWEN TONBE

EDE M’ KENBE M’ KENBE M’…”

Wi Black La nou ap kenbe w’ nan kè nou pandan ke n’ap kite w tonbe pou w ale an pè kou fèy ki ap flannen sou lanmè.

 

Photo Credit:
Jerry Boursiquot
Twitter: @Bousiko
Instagram: Bousiko

 

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

No Comments Yet

Comments are closed