Ki Jan Lajan Èd Entènasyonal Disparèt Nan Peyi Tankou Ayiti

This post is also available in: English

Jou ki te 3 jen 2015, ProPublica pibliye yon atik ki rele: “Gade kijan Lakwa Wouj jwenn mwatye yon milya dola pou Ayiti e li konstwi 6 kay.” Atik la leve yon sèl pale anpil, nan emisyon televizyon tankou sou Facebook. Justin Elliot ak Laura Sullivan ki nan ProPublica ki ekri atik la te rive jwenn èd Jakob Johnston pou jwenn enfòmasyon yo. Yo deklare ke apre janvye 2010, Lakwa Wouj te kanpe di yo te konstwi kay pou 130 000 moun. An reyalite se 6 grenn kay sèlman ki te konstwi.

Pou pi fò moun ki te li atik la, sa se te yon revelasyon. Lakwa Wouj se youn nan òganizasyon ki gen yon repitasyon respektab ki gen anpil gwo opearasyon toupatou sou planèt la. Men pou moun ki te ap obsève lavalas èd an Ayiti yo, se pa te yon nouvèl ki te fè yo sezi ditou. Lè nou tounen gade depi mwa de me 2010, medya yo te montre jan te gen yon ensousyans pa rapò a jan dekese 15 milyon de dola ki te dwe ede Ayiti nan eta dijans te pran anpil tan. Michele Mitchell ki se yon moun ki fè fim, te pase dokimantè li a ki rele: “Ayiti: kote lajan an ale?” nan Capitol Hill. Dokimantè sa a te chita sitou sou travay Lakwa Wouj Ameriken apre tranbleman de tè a nan domèn trazisyon ak kay pèmanan. Fòk nou di, se pa premye fwa ke lakwa wouj enplike nan move jestyon lajan– sa te pase nan New Orleans apre siklòn Katrina ak o Japon apre psinami an 2011 lan.

Lakwa Wouj voye jete akizasyon yo; yo deklare ke sistèm ke yo itilize pou mezire rezilta yo pa menm avèk sistèm ke jounalis itilize. Men Lakwa Wouj pap ka rive lwen avèk eskiz sa, espesyalman lè kestyon kote lajan an ale egzakteman poko janm ka jwenn yon repons.

Doktè Paul Former, ki ede fonde Partners in Health, yon antwopològ e fizisyen ki gen yon pil eksperyans nan travay imanitè, e yon avoka pou refòm nan modèl finansman èd etranje, te pale  nan kòmansman lane a nan yon atik pou Toronto Star sou koze èd sa a: “ Tout rezon ki fè sa pa mache se a kòz estrikti. Modèl finansman an pa fèt pou ranfòse enstitisyon ayisyen yo, oubyen transfere resous an Ayiti. Te gen anpil chita pale sou sa, men depi nan fondasyon an, bagay yo pa planifye konsa. Li planifye tankou yon sistèm angajman pou bay kontra, e nan resevwa kontra se Ameriken yo ki pi fò. Kidonk ou pa ta dwe mande “ki sa ki mal pase”. Tout bagay te byen mache. li te pwograme pou li mache konsa.”

Dr. Farmer pa egzajere. Pifò lajan ke yo fè yon peyi don apre yon dezas ale jwenn ajans èd entènasyonal yo, olye de gwoup lokal ki gen plis ekspètiz sou teren an ki ka dire apre stati ijans lan ale. Epi, lè ajans èd entènasyonal sa yo bezwen bay sa yo te pwomèt lè yo, olye yo fè apèl epi antrene moun nan peyi a, yo rete ak sa ke yo abitye. Ou pèdi toujou? Men modèl finansman èd ijans entènasyonal pa etap:

  1. Yon dezas rive. Imedyatman apre sa rive, òganizasyon tankou Lakwa Wouj deplwaye de metòd pou rekòlte don ki dwe fè yo jwenn yon gwo kantite finansman. Yo fè li yon jan pou li parèt mwen diskriminatwa posib. Abityèlman yo fè sa pa on mesaj ekri sou telefòn.
  2. Travay imedya tankou swen medikal, misyon sekouris ak tant tanporè se premye bagay ke nenpòt òganizasyon konsantre yo sou yo lè gen yon eta dijans. Nòmalman, òganizasyon èd entènasyonal yo plis mete tèt yo nan domèn sante. Nan demen dezas yo, òganizasyon tankou Lakwa Wouj pa gen kapasite pou sanble yon fòs ki pou retire moun anba dekonb ni konstwi kay pou yo viv pandan yon tan. Olye de sa, kòb fon yo itilize pou transpò ofisyèl ak ekip òganizasyon an, fon yo kouvri depans pou peye transpò pou bagay ke yo jije ki nesesè ak pou sipòte ekip yo sou teren an ak tant, transpò ak  founiti elatriye…
  3. Kou danje ki swiv dezas yo fè yon kalme yo, òganizasyon èd entènasyonal yo vin  jwenn yon dilèm an fas yo. Kisa pou yo fè ak lajan ki te rezève spesifikman pou peyi a ki te nan bezwen an? Nan majorite zòn dezas, donatè yo estime ke se abri ak swen medikal ki plis nesesè. Pakont, gouvènman peyi a gendwa deja kòmanse ap panse ak rekonstriksyon: soti nan lojman ak biwo, pou rive sou travay, ofisyèl yo gendwa gen anpil espwa ke se la kòb la prale. Pakont, nan majorite ka yo, lajan an rete nan men ONG yo, epi li pa janm al jwenn gouvènman an – donk se ONG yo ki vin gen pouvwa pou detèmine kisa peyi a bezwen plis, anpil fwa san mande direksyon de ofisyèl yo sof pèmi pou yo opere nan peyi a. 
  4. Kounya, ONG yo pral oblije angaje kontraktè. An jeneral, kontraktè sa yo soti Etazini, e an jeneral yo pa efikas. Nan yon etid ki te soti an 2013, yo te vin reyalize ke nan $1,1481,000,000 ke Etazini te di li t’ap bay Ayiti apre goudougoudou a, konpayi ki te jwenn plis kòb la te rele Chemonics International. nan 2012 sèlman Chemonics te resevwa plis lajan USAID nan mond lan; li te resevwa apeprè $680 milyon. Se pa sèlman Chemonics non, menm si se li ki pi koni. Genyen lòt tankou Development Alternatives, Inc. MHW America,s ak CH2M Hill Constructions ki pami lòt ki ap opere san siveyans nan plizyè kote nan mond lan malgre eskandal ki te fèet nan peyi Irak, Afganistan, e menm apre siklòn Katrina.Sa ki pi enkyetan se konpòtman gouvènman Meriken an ak USAID. 2 zan apare dezas la, nan $1.4 milya ke Kongrè Meriken an te alwe a Ayiti a, $655 milyon ladan’l se te pou ranbouse Depatman Defans lan pou depans li te fè tankou amaraj bato ameriken, distribiye manje ak èd medikal atravè zile a, epi sekirize ayewopò Pòtoprens lan. $220 milyon de èd Kongrè a te alwe a se te pou repeye Depatman Sante an Sèvis Imen Ameriken an pou manje ak abri yo te bay evakye Ayisyen yo. $350 milyon te ale nan ‘asistans dezas’. $150 milyon te ale nan Depatman Agrikilti pou distribisyon manje an ijans. $15 milyon te ale nan Depatman Sekirite Enteryè a pou fè imigrasyon ak evakiyasyon.Men se pa sèlman Etazini. An jeneral, pami $2.4 milya USD Nasyonzini te pwomèt pou asistans imanitè, 34% ($864 milyon) nan lajan an te remèt ba peyi oubyen òganizasyon ki te bay li a; 28% ($672 milyon) te rezève pou pwojè dirab tankou lojman ak bati sistèm lasante; 26% ($624 milyon) te ale nan men founisè pou bati wout ak lòt pwojè enfrastrikti, e 5% ($120 milyon) te ale nan men òganizasyon ki afilye avèk Lakwa Wouj. E te genyen yon atik ki te erik 2 zan apre goudougoudou ki te diskite sou benefis prezans ONG an Ayiti. Premye kesyon an se kesyon achte machin enpòte pou sikile sou teren difisil Ayiti yo. Lotè atik la te vizite yon mezon, kote yo te enfòme li ke lavant te ogmante anpil mwa ki te pase imedyatman apre goudougoudou, ki te ajoute a $150 milyon nan 2 zan ki sot pase yo. Menm mezon an te sezi a kantite lavant sa, paske an jeneral yo te konn van sèlman pou 250 machin, ki koute apeprè $15 milyon, chak ane.
  5. Lè bagay yo rive nan pwen sa, apre yo fin chwazi kontraktè yo e fon yo fin bay, pa gen anpil evidans ki montre ki jan ajans èd yo sipèvize travay ki fèt yo avèk rezilta ke kontraktè yo prezante. Se kòmsi ajans yo panse ke apre yo fin distribye fon yo, travay yo fini. E se konsa lajan èd entènasyonal koule nan peyi d’Ayiti ansanm ak lòt peyi lè gen gwo katastwòf.

Lè èd entènasyonal vin tounen yon bagay pou fè wè sèlman ki pa gen enpotans pou donatè sof lè gen katastwòf, operasyon dèyè sèn yo ap vin gen mwens sipèvizyon e tonbe nan dezòd. Ajans èd entènasyonal yo ansanm ak donatè yo bezwen prete plis atansyon a ki kote lajan yo prale, e pran desizyon klè pou sipòte kontraktè, travayè ak gouvènman lokal yo.

Nou tout dakò, aprann yon moun peche benefisye li menm ak kominote li plis ke ba li yon rès manje. Èd entènasyonal paka kontinye ak politik “bay” selman; fòk li vin tounen yon sistèm de anseye, asiste ak gide.

Larissa Liburd

Larissa Liburd

Larissa Liburd is a volunteer with the National Association of Haitian Professionals and Crisis Text Line. Find more of her writing over at Un’Ruly, an online magazine devoted to the causes and concerns of black women, and at her tumblr, lakou.tumblr.com, where she reviews books, music, movies, and TV shows, and deposits (many) unfinished drafts.

No Comments Yet

Comments are closed