Yon Ti Rale Vini Sou Manifestasyon Ann Ayiti

This post is also available in: English

Nan yon demokrasi dwa pou manifeste se yon dwa enpòtan, e se youn nan zouti sitwayen yo genyen pou kenbe otorite yo sou kontwòl. Nan sosyete Ayisyen an manifestasyon se zam popilasyon an pou li batay pou chanjman. Aspè sosyolojik ak kiltirèl manifestasyon an Ayiti se yon bagay remakab.

Premye bagay nan manifestasyon yo, sitou manifestasyon mouvman popilè, se seremoni Vodou a. Toujou gen yon seremoni Vodou ki fèt pou mande papa Boukman fòs pou fè chimen an. Boukman se papa tout rezistans popilè nan kwayans Ayisyen. Anplis, manifestasyon Ayiti pa janm fèt san bann rara, oubyen san mizik. Menmsi se pou yon bagay ki tris, ap gen mizik wè pa wè. Bann nan tèlman enpòtan nan manifestasyon yo, aprè òganizatè yo ak laprès, se bann rara yo ki konnen pakou a. Pou bann rara manifestasyon se yon endistri rantab; bann rara yo viv de kanaval ak manifestasyon. Manifeste jan ou vle, gouye, danse jan ou vle, pa gratis.

Nòmalman lè manifestasyon ap fèt nan lòt peyi, moun toujou debake nan yon pwen de rankont epi mache swiv pakou yo. Ann Ayiti, se manifestasyon ki pase pran moun nan tout zòn yo gen patizan pou al fè pakou yo prevwa fè. Yon manifestasyon ka genyen 50 oubyen 100 moun pou kòmanse,  aprè manifestan yo sikile nan kèk katye w’ap sezi pou wè kantite moun manifestasyon an ranmase sou wout li.

DSC_0339Gen 4 kalite manifestasyon: 1) manifestasyon relijye; 2) manifestasyon kont yon bagay revoltan ki pase nan peyi an; 3) manifestasyon ki  gen koneksyon politik men baz li se sosyal; 4) manifestasyon politik.

1. Manifestasyon Relijye

Manifestasyon relijye yo toujou pasifik, sèl trafik la yo toujou bloke. Malgre Konstitisyon an mande pou notifye lapolis anvan ou manifeste, manifestasyon legliz pa toujou respekte sa. Men, lapolis pa janm kraze manifestasyon yo ni ba yo gaz. Mizik se toujou sant manifestasyon relijye yo ki toujou chante sou tout pakou, anpil fwa yo mete bèl inifòm epi byen defile sou pakou a.

2. Manifestasyon kont yon bagay revoltan ki pase nan peyi an

Dezyem kalite manifestasyon nou fè an Ayiti se manifestasyon kont yon bagay revoltan ki pase nan peyi an. Yon bagay ki pase kote tout moun santi yo atake pèsonèlman pa sa’k rive a.  Yon bon egzanp se dènyeman nan sendomeng, yo te koupe tèt yon Ayisyen e mete li sou plas piblik. 2 jou aprè prezidan dominiken alepòk la Leonel Fernandez vizite Ayiti, ebyen se anba kout wòch ak boutèy kotèj ki t’ap transpote li a kite chanmas.

3. Manifestasyon ki  gen koneksyon politik men baz li se sosyal

Twazyèm kalite manifestasyon se manifestasyon ki  gen koneksyon politik men baz li se sosyal. Manifestasyon sa pi souvan se pou lavi chè osnon dwa moun. Manifestasyon ki gen baz sosyal la ka debouche sou nenpòt bagay, pa gen moun ki konnen sa ki pral pase. Yon egzanp ki klè se avril 2008 yon gwo mouvman kont lavi chè eklate nan peyi a kote plizyè santèn milye moun pran lari kraze tout sa yo jwenn sou wout yo akòz de pri manje ak gaz ki te twò chè. Lapolis ak Minustah te oblije rete kanpe san yo pa’t ka fè anyen kite moun yo pase kòlè yo epi rantre lakay yo. Kòm rezilta gouvènman ki te gen alepòk la te oblije chanje, leta te oblije desann pri kèk pwodwi premye nesesite.

4. Manifestasyon Politik

Manifestasyon politik la toujou chita sou baz enterè yon gwoup oubyen yon ansanm de gwoup. Tankou kounye a si nan opozisyon politik Ayiti ki se yon opozisyon divès, w’ap wè se enterè politik gwoupman ak pati politik k’ap defann.

Nan manifestasyon politik yo toujou gen danje. Manifestan yo konn boule kawotchou, bloke lari, boule machin. Lapolis li menm toujou ap kraze manifestasyon an ak Gaz, dlo epi bal kawotchou. Sa ki enpòtan pou konprann ann Ayiti, manifestasyon opozisyon toujou fè siksè. Si lapolis kraze manifestasyon an sa ba opizsyon an plis motivasyon, si yo pa kraze li, y’ap toujou fè anpil moun e yo ale nan kèk kote yo pa’t kapab manifeste avan sa; ki se yon viktwa sikolojik pou montre pouvwa yo.

Ou menm k’ap li atik sa ou ka sezi aprann jan gen anpil manifestasyon ki fèt ann Ayiti menmsi ou pa tande pale de yo. Menm si anpil moun pa bay kòz sa yo enpòtans, gwoup aktivis pran lari prèske chak jou pou defann dwa moun, e mande chanjman. Genyen kòm egzanp mouvman MOLEHGAF, yon mouvman anti okipapasyon, ki manifeste de fwa pa semèn. Chak mèkredi devan ministè afè sosyal pou mande travay, ak yon lòt jou nan semèn nan devan anbasad ameriken oubyen devan yon baz MINUSTAH pou mande mete fen nan misyon nasyonzini an ann Ayiti. Genyen tou anpil mouvman viktim 12 janvye yo k’ap viv anba tant toujou manifeste devan ministè afè sosyal ak primati pou mande leta bon jan kay, jan Atik 22 konstitisyon an bay leta kòm resposabilite pou fasilite chak grenn Ayisyen gen yon bon kote pou viv.

DSC_0258

Manifestasyon ki gen karaktè sosyal ak politik yo se yo menm ki gen plis valè e gen anpil ladan yo ki fèt nan peyi a prèske chak jou. Swa anplaye revoke k’ap mande leta peye yo, gwoup fanm devan ministè kondisyon fanm, etidyan nan damyen kap mande entegrasyon nan sistèm ministè a, pase pran pwofesè grevis tonbe nan viktim koperativ, e menm kandida ki pran kanè ki mete moun nan lari pou bay presyon politik. Si mwen ta pran pou site tout mouvman protestasyon k’ap fèt aktyèlman pandan w’ap atik li sa a, li pa t’ap janm fini.

Majorite manifestasyon ann Ayiti toujou pasifik, men li posib gen yon ti minorite ki gen lòt enterè ki enfiltre gwoup yo pou fè dezòd oubyen lòt moun konn pwovoke manifestan yo pou kraze manifestasyon an. Si m’ap bay yon chif sou kantite manifestasyon ki fini nan vyolans li ap mwens pase 2%. Mwen ap pale apati eksperyans mwen ki kòmanse kouvri manifestasyon an Ayiti depi 2007 kòm operatè kamera pou Telesur. Anpil fwa se lapolis ki responsab pou dezòd nan manifestasyon yo, kèk fwa se pwoblèm pwofesyonèl kèk fwa politisyen itilize lapolis kòm zouti politik pou kraze opozan yo.

Malerezman sistèm medya diskriminatwa nou genyen an plis fokis sou zen ak sansasyon pou majinalize lit sèten gwoup nan sosyete a. Ayiti gen gwo pwoblèm nan nivo près altènativ, sistèm medya lokal nou gen kounye pa pwofesyonèl e byen òganize. Pou près entènasyonal la Ayiti la pou bay nouvèl ak sansasyon sèlman. Si ou konsidere pa gen 5 gwo medya entènasyonal ki gen yon bon ekip pèmanan ann Ayiti. Se sèlman lè yon bagay mal pase yo la. Egzanp klè, pandan tout sezon kanaval la Ayiti pa’t nan nouvèl pou kesyon kanaval.  Malgre Ayiti gen youn nan pi bèl kanaval nan amerik la ak bèl koulè, bon mizik, bon fritay, nou pa’t nan nouvèl. Men kou yon trajedi pase tout medya gentan prezan pou rapòte.

Se pou sa, anpil fwa nou pa pran nouvèl manifestasyon a mwens ke li fini nan vyolans. An gwo toujou gen manifestasyon, pwoblèm manifestasyon yo se jan laprès parese e sansasyonis la travay. Ni près lokal Ak près entènasyonal pa rapòte oubyen bay enpòtans ak mouvman sa yo a mwens si gen vyolans. Men sa p’ap dekouraje nou. Menm jan ak tout lòt sosyete, nou menm Ayisyen manifeste pou eksprime nou, nou manifeste nan jan pa nou ak metòd pa nou. Sak pa kontan, anbake!

Photo credit: Etant Dupain
Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed