#FanmFòFridays: Princess Eud (Kreyòl)

This post is also available in: English

This post is also available in: English

“yo panse antan ke fanm, ou se yon gato pou tout moun ki baw yon ti bourad pou bay yon mòso nan gato a kòm remèsiman” – Princess Eud 

Princess EudIMG_1082

Edouarin Eunide, ke nou plis konen sou non Princess Eud se premyè dam mizik rap an Ayiti. Li fèt nan Petyonvil Ayiti, jou ki te 25 Avril. 

Pou mwen, Princess Eud se yon fanm fò pou fanm ke li ye an e pou jan li rive fè chimen li nan yon espas ki vrèman pa bay fanm ouvèti. Li se yon fanm fò pou imaj li rive kreye de tèt li. Li se yon fanm fò pou jan li inik nan stil li ak jan li asime tèt li. Nan chita pale ak Princess Eud, ou ka santi ke li gen yon sajès ki melanje ak konviksyon ke nan endistri li ye an, li pa oblije konfòmel ni aksepte tout bagay pou li rive. Pou Princess Eud talan yon fanm sifi pou li fè karyè li nan bizniz sa a. Fanm Fò sa a detemine pou li pwouve ke menm jan gason demele yo kou mèt Jean Jacques pou yo rive, li menm tou anta ke fanm ka frape pye li atè kou Marie Jeanne pou li atènn objektif li. 

Mesaj Princess Eud pou tout fanm parèy mwen yo enspire mwen. Pou premyè dam rap kreyòl lan, fanm ka rive san yo pa bay jwe nan jwèt yo, san yo pa rantre nan lojik “ban’m map ba’w” lan. Mesaj li se yon enspirasyon pou tout fanm chita sou sak nan tet yo, plis ke tout lòt bagay.

Daphne Bourgoin

Daphne Bourgoin

Daphne is a mother, designer and owner of Tisaksuk Boutique in Port-au-Prince, Haiti. Daphne is a connoisseur and enthusiast of all things Made in Haiti from jewelry to artwork to clothing. She is the Managing Director for Woy Magazine.

No Comments Yet

Comments are closed