Yon esplikasyon sou manda Jovenel Moise

This post is also available in: English

Sa gen kèk mwa deba sa ap bouyi, e nenpòt deba gen 2 pozisyon. Mwen pral mete yon analiz papa m fè sou koze sa ke li te ekri sou WhatsApp pou zanmi li nan rezo li pou mete yon ti limyè sou pozisyon ki di ke manda Jovenel fini 7 Fevriye 2021.

MANDA PREZIDAN JOVENEL MOISE

Kisa Kalandriye Konstitisyonèl la ye?
Nan yon repiblik demokratik, kalandriye konstitisyonèl la se yon òlòj konstitisyon an etabli ki make kilè eleksyon dwe fèt ak kilè manda Prezidan an fini. Li di tou kilè nouvo Prezidan an dwe prete sèman. Olòj la gen 2 eleman prensipal:
·        Dire manda Prezidan an
·        Dat nouvo Prezidan an dwe prete sèman.
Nan tout peyi ki respekte tèt li, yo toujou fè anpil efò pou yo respekte kalandriye sa. Pa egzanp, nan peyi Etazini, dire manda Prezidan se 4 lane epi dat pou l prete sèman se 20 janvye. Olòj pa yo a komanse mache depi lane 1933 depi lè sa Prezidan prete sèman chak 4 tran nan dat 20 janvye. Se 3 fwa sèlman yo te fè yon ti eksepsyon:
·        sou Dwight D. Eisenhower nan lane 1957
·         sou Ronald Reagan nan lane 1985
·         sou Barack Obama nan lane 2013.
Rezon an se paske 20 janvye a te tonbe yon jou dimanch. Kidonk yo te prete sèman nan demen lendi, 21 janvye.
Kalandriye Konstitisyonèl Ayiti
Se Konstitisyon 1987 la ki te fikse Kalandriye pa nou an. Manda Prezidan an dire 5 lane epi dat pou nouvo Prezidan prete sèman se 7 fevriye.
Kòm premye eleksyon kite reyisi a te fèt an desanm 1990, òlòj pa nou an pati konsa.
·        7 fevriye 1991
·        7 fevriye 1996
·        7 fevriye 2001
·        7 fevriye 2006
·        7 fevriye 2011
·        7 fevriye 2016
·        7 fevriye 2021
 
 
Atik 134-2
Nan chak dat sa yo te dwe gen yon nouvo Prezidan ki prete sèman. Men kòm nou se yon pèp ki dezòd, gen plizyè fwa dat la rive epi nou pa gen yon nouvo Prezidan ki prete sèman. Konstitisyon an prevwa lè dat prete sèman fèt anreta, Prezidan ki prete sèman an pedi nan manda li. Se Atik 134-2 a nan konstitisyon an ki gere amonizasyon ant Kalandriye Konstitisyonèl la ak Kalandriye eleksyon an. Atik sa di si eleksyon an fèt anreta, nouvo Prezidan an dwe prete sèman tou swit apre eleksyon an epi manda li konmase 7 fevriye nan lane eleksyon an te fèt la.
Gen plizyè Presidan kite wè manda yo rakousi epi ki pèdi moso nan manda yo akòz kalandriye konstitisyonèl la. Prezidan ki pèdi plis nan manda li akòz kalandriye konstitisyonèl la, se Prezidan Aristide kite pèdi 3 lane nan manda li akòz yon kou deta kite fèt an sektanm 1991. Li te retounen sòti an ekzil nan oktòb 1994. Rive nan lane 1995, se kominote entènasyonal la kite bay plis presyon pou Prezidan Aristide te respekte kalandriye konstitisyonèl la epi organize eleksyon.
Manda Prezidan Jovenel
Prezidan Jovenel te prete sèman nan dat 7 fevriye 2017. Kalandriye konstitisyonèl la di li te dwe prete sèman nan dat 7 fevriye 2016. Reta sa a te rive akòz premye tou eleksyon 2015 lan te anile poutèt frod kite fèt anfavè kandida PHTK a nan elekesyon an, daprè rapò Komisyon Endepandan Evalyasyon Eleksyon an. Reta te vin agrave akòz siklòn Matye. Lè sa a yo te oblije mete yon nouvo KEP epi yo te kontinye eleksyon an.Yo te refè premye tou eleksyon 2015 lan. Kòm Prezidan Jovenel te pase depi nan premye tou a, yo pat bezwen fè dezyèm tou.
Men se menm eleksyon an ki tap kontinye. Kòm prèv, men 3 eleman:
1- KEP a pat aksepte okenn nouvo kandida enskri nan eleksyon sa a. Li te presize se eleksyon 2015 yo kap kontinye.
2- Prezidan Privert te deklare nan jou 7 fevriye 2017 se eleksyon 2015 yo ki te finalize.
3- Menm Prezidan Jovenel te deklare nan diskou l nan jou 7 fevriye 2017 la, wout la te long paske eleksyon an te komanse depi 2015 epi li al bout an 2017.
Yon denye mo. Menm Atik 134nan konstitisyon an fè yon ti presizyon enpòtan: nan okenn ka, pap gen prolongasyon.

Se pou tout moun ki gen zorèy pou tande, tande!

Pou listwa:
Pòtoprens, dimanch 7 fevriye 2021

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed