Evelyne Sincère se nou, se Ayiti

This post is also available in: English

Moun ki touye Evelyne Sincère yo te konsyan ke yo te ka touye li nan tout enpinite san okenn konsekans.

Mwen premye wè Evelyne nan twa etap—tout lavi li rezime ak twa imaj. Nan premye foto a nou wè figi ak yon souri briyan, ak yon flè ble syèl nan cheve li. Evelyne sanble te ka nenpòt nan nou, lè nou te jèn, ki ap souri devan kamera a ak kè kontan e ki paka tann pou nou wè kijan foto a sòti sou ekran an. Dèyè do li, sou yon mi, sanble te gen yon kou jewometri. Eske foto a te fèt nan lekòl li? Kisa ki te ap fè li ri konsa ?

Nan dezyèm foto a, Evelyne prèske pa sanble menm jèn fi a, sof ti très de dwèt li te gen nan tèt li yo. Men li yo mare avèk menm twal flamenngo yo itilize pou mete yon baboukèt nan bouch li. Je li kouvri ak yon moso twal mòv. Sa a se foto pandan kidnapin la yo te voye bay sè li, ak demand kantite lajan yo dwe bay pou yo ka lage li. Si ou eseye panse a sa ki te dwe ap pase nan tèt li nan moman sa a, se rache kè. Sa k konnen ki kantite mechanste yo do te gentan fè li pase.

Nou aprann byen vit kisa li andire nan twazyèm foto a, foto nou pa te dwe janm gen dwa wè a, men lè li tonbe anba je w ou paka wete je w sou li. Foto a se foto kadav li ki kouche sou yon pil fatra bò lari a, ak sèlman yon soutyen. Tèt li te toujou penyen ak ti très de dwèt yo. Mwen ki se manman de pitit fi ki yon ti kras pi jèn pase Evelyne, mwenn konnen pasyans sa mande pou penyen pitit ou konsa. E mwen konnen chak moman konsa se yon zak lanmou.

Sè Evelyne lan, Enette Sincère, pale pou nou tout nan rèl li yo ak dlo nan je li. Enette oblije viv yon eksperyans nou pa ka imajine devan tout moun ki te bò kote li yo. Li dekri negosyasyon li yo ak kidnapè yo ak jan li te sipliye yo pou yo kite ti sè li an vi. Li menm bay nimewo telefòn kidnapè yo te itilize pou negosye avèk li. Yo te mande 100 000 dola ameriken pou kòmanse, e aprè negosasyasyon, yo vin rive mande 15 000 goud. Enette ta pral peye kòb la lè li aprann lanmò sè li, Evelyne.

Pandan Enette Sincère ap pale a, de tanzantan, li vire pou pale ak kò ti sè li, aprè sa tounen pou pale ak nou ki ap gade videyo a. Li rele sè li prensès mwen, cheri mwen, ma beauté, tout sa pandan li ap reponn kesyon jounalis yo. Ak tout vag chagren li an ki fè m sonje doulè akouchman, gen de fwa tankou s on mirak, Enette kanpe djanm. Epi kèk fwa tou, vag chagren an frape li ankò, e nan moman sa yo li te vle pran foto epi manyen ti cheri doudou li an, Evelyne.

Evelyne Sincère te gen 22 lanne e li te fenk desann filo nan Lise Jacques Roumain. Li pa t ko menm jwenn rezilta egzamen li, sè li te vle nou klè sou sa. Manman yo te mouri nan goudougoudou 2010 la, e Enette sanble kalite sè ki te bon zanmi ti sè li tou.

Lè jounalis yo mande Enette Sincère ki jan li santi li lè li wè kò sè li, li di : «  Se paske li ap viv Ayiti. Se paske li ap viv Ayiti. Si l pa t ap viv Ayiti mezanmi, èske li t ap sou yon pil fatra ? »

Sa ta dwe fè otorite ayisyen yo gen yon lawonte jouk tan gen tan. Sot nan Prezidan Jovenel Moise, pase pran premye minis lan Joseph Jouthe, pase pran minis jistis ak sekirite piblik la Rockefeller Vincent, ak tout direktè jeneral polis nasyonal ayisyen an Normil Rameau, yo tout ki ap fè menm deklarasyon ak kominike pou laprès yo san pran responsabilite vyòl aprè vyòl, lanmò aprè lanmò, kidnapin aprè kidnapin, asasina aprè asasina, epi masak aprè masak.

Prezidan an te bay yon repons tyèd a pati yon tweet ki fè li pase tankou yon senp espektatè.

“Antan yon papa pitit, mwen vrèman choke pa kidnapin epi asasina jèn elèv Evelyne Sincère la. Nou paka aksepte zak sanginè sa yo. Otorite lapolis ak jidisyè yo gen yon sèl chwa : mete bandi yo kote pou yo pa nwi moun.”

Eske li t ap choke nan pwen sa a si li t ap obsève vre sa ki ap pase yo ? Selon gwoup militan, Nou Pap Dòmi, gen plis pase 124 ka kidnapin ki fèt depi janvye rive mwa dawout 2020 an, e pami yo te gen fanm ki te viktim. Eske li t ap tweet de twa pawòl banal konsa si se te pwòp pitit fi li ? Oubyen youn nan pitit fi zanmi li yo ? Wi se vre, prezidan an te monte sou twitter ankò pi ta pou di Evelyne te ka vin tounen yon “gwo fanm” (mwen sipoze li vle di yon gran fanm). Men kisa prezidan an janm fè pou jèn fanm tankou Evelyne ka viv an sekirite, ale wè pou ta ede yo epanouwi?

Monnonk mwen, ki pase pi fò lavi granmoun li kòm pastè nan katye Bèlè nan Pòtoprens, te konn di yo kriminalize povrete nan katye popilè yo ann Ayiti, e moun ki pini moun ki pòv yo, se yo ki vrè kriminèl yo. Moun ki touye Evelyne Sincère yo te konsyan ke yo te ka touye li nan tout enpinite san okenn konsekans. Pou moun ki sou pouvwa yo ak sa ki maspinen li epi touye li a, Evelyne Sincère se yon chay bon pou jete. Kidnapè yo montre sa nan jan yo te reponn sè Evelyne lan lè li mande yon ti tan an plis pou li te ka rasanble lajan yo te mande a. Yo di yo pa t ap ka kenbe li pi lontan paske yo pa te gen espas e siman twòp prizonye, kòmsi li te yon prizonye lagè.

Nan deklarasyon premye minis ayisyen an, Joseph Jouthe deklare:

“ Nan tan nòmal, se timoun ki antere paran yo; sèlman nan tan lagè yon paran ta sipoze antere pitit li. Poutan nou pa nan lagè ann Ayiti.”

Menm si premye minis la pa sanble vle admèt li, lidè gang ayisyen yo ak moun ki mete yo sou pye yo ap fonksyone tankou yo nan lagè. Sa ki sèten, yo gen zam pou lagè.

Premye minis lan pran san li pou li ajoute : “ Chèf gouvènman an pwofite pou li mande papa ak manman pitit yo pou veye sou pitit yo ak sou kote yo prale epi sitou frekantasyon yo. ”

La, premye minis lan tonbe nan pyèj ki souvan rive lè yo bat, agrese, maltrete, vyole e menm touye jèn fanm. Li vle fè konprann se fòt viktim lan, tankou jèn fi ki gen manman ak papa ki ap veye deprè, yo p ap touye, kidnape oubyen vyole yo nan peyi a anba gouvènans li an. Ki jan yon paran ka pwoteje pitit li lè gouvènman an pa ka pwoteje paran ? E ti bebe yo ki mouri nan bra manman yo, timoun yo touye pandan yo ak papa yo? Eske se paske paran yo pa t ap veye yo ase?

Nan jou sa yo, jan imaj ap sikile rapid kon flanm fè nou vin temwen kit nou vle kit nou pa vle. Nou pa te suiv yo ki ap pran lavi Evelyne Sincère menm jan nou te suiv lanmò George Floyd la pa egzanp, men a kòz temwanyaj sè li a ak imaj yo ki rete dèyè li, Evelyne antre nan lavi nou yon jan chokan. Li antre nan lavi nou alafwa antan moun inik li ye a, epi antan senbòl tout lòt fanm, gason ak timoun yo te agrese, kidnape epi touye nan dènye semenn ak mwa yo. Kèk nan yo nou konn non yo, anpil lòt nou p ap janm konn non yo.

Gen yon pakèt Evelyne Sincère ki ap viv nan lapèrèz ann Ayiti.

Gen yon pakèt Evelyne Sincère ki ap viv nan lapèrèz ann Ayiti. Nou konnen yo paske yo se sè nou, kouzin nou, nyès nou, fiyèl nou, zanmi nou, fanm—jèn oubyen granmoun—ke nou ankouraje epi sipòte rèv yo jan nou kapab nan dyapora a. Nou bouke wè yo mouri konsa. Nou bouke ak lidè medyòk, san nanm ki kreye epi tolere sikonstans ki mennen lanmò sa yo. Nou ap tann ak enpasyans yon jou kote Ayiti ap gen dirijan fanm feminis ki ap konprann tout reyalite ki lakòz yon jèn tifi ateri bò lari a sou yon pil fatra. Epi lidè ki ap deside fè yon bagay pou kanpe sa. Nou vle ak tout fòs nou wè yon jou kote, si li te viv, Evelyne Sincère t ap ka atann yon bon fiti chaje ak pwomès nan pwòp peyi li.

Pandan nou ap sòti nan pil tibilans eleksyon ameriken yo, epi panse a ki konsekans sa ka gen pou Ayiti, an nou pa bliye Evelyne Sincère, paske Evelyne Sincère se Ayiti, e menm si sa ka sonnen kliche, Evelyne Sincère se nou. Men sa ki pi enpòtan an, pou moun ki te renmen li, li te yon jèn fi ki te renmen ri ak yon flè ble syèl nan cheve li. Yon bote adorab, yon doudou, e yo etenn fiti li.

Edwidge Danticat

Edwidge Danticat

Edwidge Danticat is the author of many books, including most recently, Everything Inside.

No Comments Yet

Comments are closed