Jan Lafrans te tòde men Ayiti – pi gwo vòl nan listwa

This post is also available in: English

Prezidan ayisyen Jean-Pierre Boyer ki ap resevwa dekrè Charles X ki rekonèt endepandans ayisyen an jou ki te 11 Jiyè, 1825. Bibliotheque Nationale de France

Aprè lanmò George Floyd vin gen revandikasyon pou koupe lajan depatman polis epi retire estati. Sijè restitisyon pou esklavaj la reparèt tèt li tou.

Anpil nan deba sou koze restitisyon gen pou wè ak si wi ou non Etazini ak Wayom Ini ta dwe peye kèk nan sitwayen yo pou domaj ekonomik ak sosyal esklavaj ki nan sosyete a jouk jounen jodi a.

Men pou mwen, bagay la pa ta ka pi klè ke nan ka Ayiti a.

Mwen se yon espesyalis nan zafè kolonizasyon ak esklavaj, e sa Lafrans te fè Ayiti aprè revolisyon an se youn nan pi gwo egzanp vòl kolonyal ki genyen. Lafrans te tabli esklavaj sou zile a nan 17èm syèk la, men nan fen 18èm syèk la, popilasyon esklav la te leve kanpe e deklare endepandans li. Malgre sa pou yon rezon ou yon lòt, nan 19èm syèk la, te gen yon refleksyon popilè ki te twouve ansyen kolon yo ta dwe jwenn dedomajman pou sa yo te pèdi, olye pou sa ta fèt nan lòt sans lan.

Menm jan eritaj esklavaj nan peyi Etazini vin kreye yon gwo diferans ekononik ant moun nwa ak moun blan, taks Lafrans te fòse Ayiti peye pou endepandans li – yo te rele sa “endemnite” a lepòk – vin lakòz gwo domaj ki anpeche peyi a boujonnen.

Pri endepandans

Ayiti ofisyèlman deklare endepandans li sot anba Lafrans an 1804. Nan mwa Oktòb 1806, peyi a vin divize an de, Aleksann Petyon pran tèt bout sid la e Anri Kristòf pran nò a pou li.

Malgre de chèf ki t ap gouvène peyi a te de jeneral ki te batay nan revolisyon an, Lafrans pa te fin retire je li sou nou, e yo te toujou gen rèv retounen vin konkeri ansyen koloni a.

An 1814 wa Louis XVIII, ki te fenk sot ede bay Napoléon koudeta nan ane ki te sot pase a, voye twa komisè ann Ayiti pou vin gade si chèf nou yo pa ta anvi rann tèt yo bay Lafrans. Kristòf ki te fenk deklare tèt li wa an 1811 te rete kanpe tennfas aprè yo bare plan Lafrans sa pou remete esklavaj nan peyi a. Youn nan pi gwo manm nan kabinè li yo, Bawon de Vastey, te menm rive deklare “Endepandans nou an n ap garanti l ak pwent bayonèt nou!”

Yon pòtrè Alexandre Pétion.
sous: Alfred Nemours Archive of Haitian History, University of Puerto Rico

Petyon li menm sou bò pa l te pare pou li negosye. Li te espere li ta ka ofri peye Lafrans pou Lafrans ka rekonèt endepandans peyi a.

An 1803, Napoléon te vann Lwizyàn bay Etazini pou 15 milyon fran. Petyon te kenbe chif sa a kòm modèl e li te pwopoze Lafrans peye menm valè kòb sa a. Men Louis XVIII ki pa t wè tèt li ki tapral chita negosye ak “esklav ki sove” refize òf la.

Petyon vin mouri sanzatann an 1818, men prezidan ki te vin aprè l la, Jan-Pyè Bwaye, vin kontinye negosyasyon yo. Men diskisyon yo pa te rive okenn kote poutèt Kristòf ki te kontinye kanpe an kwa. Gouvènman Kristòf la te deklare “Nenpòt endemmnite bay yon ansyen kolon” te yon ide “inadmisib.”

Yon fwa Kristòf vin mouri nan mwa Oktòb 1820, Bwaye vin rive reyini de mwatye peyi a. Men malgre obstak Kristòf la pa te la ankò, Bwaye te kontinye echwe nan negosyasyon li yo ak Lafrans pou yo rekonèt endepandans peyi a. Lide nan tèt Lafrans se te pou yo te o mwen fè Ayiti vin tounen yon eta asosye Lafrans – ki t ap fè Ayiti tounen yon pwotektora Lafrans – sa te fè Charles X, ki te vini aprè Louis XVIII, te refize chita pale ak de komisè Bwaye te voye Pari an 1824 pou negosye endemnite pou rekonesans endepandans lan.

Disèt Avril 1825, wa fransè a vin chanje lide yon sèl kou. Li fè soti yon dekrè ki deklare Lafrans t ap rekonèt endepandans Ayiti si Ayiti peye yo 150 milyon fran – oswa 10 fwa sa Etazini te peye pou Lwizyàn. Sòm lajan sa a se te pou peye ansyen kolon yo dedomajman pou tout lajan yo te pèdi aprè esklavaj.

Baron de Mackau, mesaje Charles X te voye pou fè deklarasyon an, debake ann Ayiti ak yon brigad 14 bato ki te gen sou yo plis pase 500 kanon. Si deklarasyon an ta jwenn refi, lagè t ap garanti. Se pa t diplomasi, se te yon zak tòde men.

Anba gwo menas sa yo, 11 Jiyè 1825, Bwaye siyen dokiman fatal la, ki te deklare “Abitan pati fransè zile Sendomeng lan gen pou peye an 5 tranch yon sòm 150, 000, 000 fran pou endemnize ansyen kolon yo.”

Lafrans bati pwosperite li sou do mizè Ayiti.

Atik jounal pandan epòk sa montre wa fransè a te konnen byen pwòp ke gouvènman Ayisyen an pa te gen mwayen peye kòb sa a, yo konnen montan total la te plis pase 10 fwa bidjè peyi a. Li ta menm sanble rès mond lan te dakò montan an te debòde. Yon jounalis britanik te menm fè remak ke “gwosè kantite lajan sa a, menm ann Ewòp pa gen anpil peyi ki t ap ka sipòte peye li.”

Yon kopi nòt labank pou prè 30 milyon fran Ayiti te prete nan men yon bank fransè. Lepelletier de Saint-Remy, ‘Étude Et Solution Nouvelle de la Question Haïtienne.’

Aprè Ayiti te oblije prete 30 milyon fran nan men bank nan peyi Lafrans pou fè de premye peman yo, pèsonn pa te sezi lè yo sispann peye yon ti tan aprè sa. Malgre sa, nouvo wa fransè a voye yon lòt ekspedisyon 12 bato an 1838 pou vin bay prezidan Ayisyen an presyon. An 1838 vin gen yon revizyon dèt la, ke yo bay non ipokrit “Traité d’Amitié”, vin bese kantite Ayiti dwe a a 60 milyon fran, men malgre sa gouvènman Ayisyen an te oblije pran ponya ankò pou yo te ka peye.

Malgre kolon yo te deklare kantite kòb yo te mande a t ap kouvri sèlman 1/12 nan pwopriyete yo te pèdi yo (moun o te fè tounen esklav fè pati nan pwopriyete sa), 90 milyon fran sa a te senk fwa bidjè Lafrans nan epòk sa.

Se pèp Ayisyen an ki te pote pi fò nan chay zak Lafrans la. Bwaye te vin pase yon seri taks tèt chaje pou peye ponya yo te oblije pran yo. Pandan Kristòf te kòmanse devlope yon sistèm lekòl nasyonal pandan rèy li an, mòd pwojè sa yo vin kaba anba Bwaye ak tout prezidan ki vini apre li yo. Mete sou sa, istoryen di dèt endepandans sa ak gwo pwa sa mete sou kès leta non sèlman vin fè peyi a pa gen ase lajan pou edikasyon nan 20èm syèk la, men li rann bati sistèm sante ak enfrastrikti enposib tou.

Kalkil ki fèt jodi a montre ke lè w konte tout enterè sou prè yo te fè pou peye dèt la, ke Ayiti fin peye jis nan lane 1947, Ayiti te fini pa peye plis pase de fwa sa kolon yo te mande. Thomas Piketty, yon ekonomis fransè, ki  te rekonèt gravite skandal sa a, admèt ke Lafrans ta dwe peye Ayiti o mwen 28 milya dola ameriken kòm restitisyon.

Yon dèt moral e materyèl

Tout ansyen prezidan fransè, soti nan Jacques Chirac, pase nan Nicolas Sarkozy, rive nan François Hollande gen yon move abitid pini, eskive oswa eseye diminye reklamasyon Ayiti fè yo. An Me 2015, lè prezidan François Hollande te vin 2èm chèf deta fransè ki mete pye Ayiti, li te deklare Lafrans te gen yon “dèt pou yo regle.”Apre sa lè li rann li kont pawòl li yo te vin pote jarèt bay yon plent legal ke avoka Ira Kurzban te depoze nan non pèp Ayisyen – ansyen prezidan Ayisyen Jean-Bertrand Aristide te mande yon restitisyon ofisyèl an 2002 – Hollande rale bak e li di ke dèt Lafrans lan se te yon senp dèt “moral“.

Si pou yon moun ta nye ke konsekans eslavaj yo te materyèl tou, moun sa a t ap nye listwa Lafrans menm. Se jis an 1848 Lafrans vin aboli eskalvaj nan rès koloni li yo, ki se Matinik, Gwadloup, Giyàn ak Reyinyon, e jis lajounen jodia yo se teritwa fransè toujou. Gouvènman fransè a montre aklè li konprann relasyon ant esklavaj ak ekonomi lè li vin mande yon restitisyon an lajan kontan pou ansyen “mèt” esklav yo.

Diferans rasyal ki gen nan richès sa vin bay la se pa yon metafò. Nan peyi Lafrans, 14.1% popilasyon an ap viv nan mizè. Lè nou gade Matinik ak Gwadloup, kote plis pase 80% popilasyon an se desandan Afriken, nou wè yon to mizè ki chita ant 38% ak 46%. To mizè ann Ayiti a li menm pi mal toujou a 59%. Pandan nou wè salè medyan chak ane yon fanmi fransè se $31, 112, pou fanmi Ayisyèn se $450.

Diferans sa a yo se konsekans fòs kouraj ak travay yo vòlè nan men anpil jenerasyon Afriken ansanm ak tout desandan yo. Endemnite Ayiti te peye Lafrans lan se te premye e sèl grenn fwa yon pèp ki te esklav te oblije peye moun ki te fè yo esklav yo, sa fè ke Ayiti ta dwe nan mitan nenpòt mouvman mondyal ki gen pou wè ak koze restitisyon.

Marlene Daut Pwofesè nan Etid Dyaspora Afriken, University of Virginia

This article is republished from The Conversation under a Creative Commons license. Read the original article.

Marlene L. Daut

Marlene L. Daut

Literary historian. Professor of African Diaspora Studies at UVA. Editor at H-Haiti. Nat'l Humanities Center Fellow this year. Author of Tropics of Haiti.

No Comments Yet

Comments are closed