Anndan wayòm Hayti, “ Wakanda emisfè oksidantal la”

This post is also available in: English

 

File 20190118 100264 1ee8g4q.jpg?ixlib=rb 1.1
“Black Panther”, fim Marvel la ki fè anpil siksè, se premye fim dramatik sou sipè ewo ki  nomine pou pri pou meyè fim nan Academy Awards. Li fèt nan yon wayòm sekrè afriken ki rele Wakanda. Black Pather a, ki rele T’Challa, ap dirije yon wayòm imajinè – yon refij kont kolon ak kapitalis yo ki nan listwa rann vrè kontinan Afrik la pòv.

Men fanatik fim la gen dwa pa reyalize se pa sèlman nan yon fim nou ka  jwenn yon wayòm nwa nan tan sa n ap viv la ki te vle yon refij kont rasism ak inegalite.

Nou kapab konpare wayòm imajinè sila a avèk yon epòk nan listwa wayòm Hayti, ki te egziste tankou yon espès de Wakanda nan emisfè oksidantal la pandan lanne 1811 jis lanne 1820.

Revolisyon Ayisyen an te pèmèt premye repiblik nwa ki te lib pran nesans ann Amerik. Men mond lan pa te atann yo, yon ansyen esklav ki te rele Henry Christophe ta pral deklare tèt li wa.

Kont media nan tan sila a , kote mwen te jwenn anpil achiv dijital, pèmèt nou wè yon ti moso lè wayòm lan te kanpe tankou gid libète nwa nan yon mond plen esklavaj. E menm jan ak Wakanda, wayòm Hayti a pa te yon rèv pou tout moun.

Yon nouvo wa nan wayòm lan

Premye janvye 1804, yon lame ansyen esklav afriken nan koloni fransè Saint-Domingue te rache manyòk lentansyon la Frans pou tounen ak koze esklavaj la, epi yo deklare yo lib ak endepandan a vi.

Lidè revolisyon sa yo, jeneral Jean-Jacques Dessalines, te bat lame tou pwisan Napoléon an epi deklare tèt li anperè nouvo peyi li te vin bay non Haïti.

Men, nan mwa oktòb 1806, lennmi politik yo te asasinen Dessalines, sa ki te vin divize peyi a an de eta: Jeneral Henry Christophe nonmen tèt li prezidan pati nò Haïti a, pandan Jeneral Alexandre Pétion te ap gouvène yon lòt repipblik nan sid ak sidwès peyi a.

An mas 1811, prezidan Henry Christophe fè tout moun sezi lè li konsakre tèt li Wa Henry I epi chanje non repiblik nò a pou Wayòm Hayti. La menm, Henry te tou gen yon lakou plen ak gran zouzoun tankou dik, bawon, kont ak chevalye pou rivalize ak pa wayòm Angletè yo.

Se te premye ak sèl wayòm ki te kreye ann Ayiti. Touswit, sa vin atire atansyon tout kalite medya nèt nan mond lan. Yo pa te konprann ki jan fè te gen yon repiblik nan yon pati zile a, epi yon monachi nan lòt pati a. Yo te vle konnen, èske nouvo wa nwa sa ta pral eseye chare menm souveren blan ki te fè pwòp pèp li tounen esklav?

Dekrè ki te etabli lòd wayote Ayiti a te tradwi epi enprime menm moman an nan vil Philadelphia, epi anpil jounal ak magazin ameriken te pibliye pwofil vedèt sou nouvo wa a.

Yon jounal te dekri misye tankou “ yon modèl elegan tankou Hercules”. Yon lòt jounal te dekri li tankou “yon remakab bèl gason, byen kanpe; ak yon lestomak bonbe, zèpòl kare ak aparans yon moun ki gen yon bon fòs ponyèt.”   

Premye monachi nouvo mond lan

An 1813, konstriksyon gwo kokenn chenn palè Sans-Souci– ki vle di san pwoblèm- te fini.

Moso nan palè a te detwi nan yon goudougoudou nan lanne 1842; Jodi a, sa ki rete a rantre nan eritaj mondyal UNESCO.

Pandan bon jou li yo, palè a te fè mèvèy.

Te gen yon pil jaden byen elegan ki te byen kenbe, ak yon bèl katedral san parèy ki te gen yon dom sou tèt li.  Estrikti a te gen yon gran eskalye dramatik sou chak bò ki te mennen sou rantre a, ak 2 ak ki te gen eskilti ak enskripsyon sou li. Youn nan enskripyon yo rekonèt Henry olye de Dessalines kòm fondatè nasyon an.  

Te genyen 2 kouwòn ki te penn sou fasad prensipal palè a, chak te mezire 5 mèt nan wotè. Sou premye sou bò dwat la ou te ka li: “Pou premye wa ki kouwonen nan nouvo mond lan.” Sa ki te su bò goch la te ekri: “ Larenn nou renmen anpil la ap renye nan kè nou pou toutan.”   

Wa Henry te viv nan palè a ak madanm li, Larenn Marie-Louise, ak twa (3) pitit li yo, Prens Victor Henry, ak Prensès Améthyste ak Athénaire.

Jounal a travè mond lan te distribye atik ki te sòti nan jounal ofisyèl monachi a, Gazette Royale d’Hayti. Gazèt La te konn detaye  kanbiz fanmi wayal la, chaje ak diskou ekstravagan men longè pou de pèsonaj selèb nan tan an tankou Wa George III peyi Angletè, Prezidan Etazini James Madison, wa peyi Pès ak “zanmi imanite,” Thomas Clarkson “imòtèl” la ki te travay nan mouvman aboli lesklavaj ann Angletè.   

Youn nan piblikasyon Gazèt La dekri yon kokennchenn selebrasyon nan okazyon fèt ofisyèl Larenn Marie-Louise nan mwa dawout 1816. Selebrasyon sa te dire 12 jou, e li te gen 1500 moun ki te patisipe ladann. Nan dènye jou fèt la, 12 kout kanon te fèt aprè Dik Dezans te leve vè li pou larenn lan e te deklare li se “modèl pafè pou tout manman ak madanm.”

Yon zile lib nan mitan yon lanmè esklavaj

Se pa sèlman fèt gran panpan ki te genyen sou rèy wa Henry a, non.

Jou ki te 28 mas 1811, wa Henry te enstale yon monachi konstitisyonèl, yon aksyon anpil nan elit britanik la te aplodi. Yon gwo natiralis britanik ki te rele Joseph Banks te defann  liv 1812 lwa Henry yo ki te rele “Kòd Henry a” paske, pou li, se te “asosyasyon moun ki pi moral nan egzistans.”  

“Pa gen anyen moun blan te janm rive mete ansanm ki ka egal a li,” misye te ajoute.

Banks te admire jan kòd la te reòganize ekonomi an, ki soti nan travay fòse pou rive -o mwen an teyori- nan yon sistèm ki baze sou travay gratis. Transfòmasyon sila a te ale ak istwa ansyen esklav sa  ki vin tounen yon wa, ki te gen pou slogan li te Je renais de mes cendres”, mwen ap refèt soti nan sann mwen.

Kòd la te prevwa yon règleman ki separe ant pwopriyetè ak travayè yo “yon ka pwodui bri san taks dwàn” e li te prevwa tou pou redistribiye tè ki te pou kolon yo anvan revolisyon an.

“Majeste, nan tout atansyon patènèl li vle chak Ayisyen, san diskriminasyon, pòv tankou rich, gen posibilite pou yo vin pwopriyetè tè ansyen opresè yo”, se te youn nan dekrè yo.

Henry te montre menm “atansyon patènèl” sa pou Afriken ki te esklav yo tou.  Se vre, Konstitisyon 1807 la te anonse Ayiti p ap “twouble rejim pouvwa esklavajis yo”, men gad wayal ayisyen yo te  konn entèveni nan bato trafik eslav ki te konn antre nan espas maritim Ayiti a, pou yo te ka libere esklav yo. Nan yon piblikasyon mwa oktòb 1817 Gazèt La, yo te selebre militè ayisyen ki te pran an otaj yon bato esklav epi rive lage 145 nan “frè nou yo ki pa te gen chans, ki te viktim ava lajan ak richès ak trafik endiy nan chè moun”.   

Men li pa te pafè

Men lavi nan wayòm Hayti a pa te pafè ditou.

Opozan politik Henry yo te rann yo kont moun te pati kite Hayti pou ale nan Sid repiblik Ayiti a ase souvan, e lè yo rive yo te konn al rakonte jan monak la te favorize yon ti gwoup moun ak abi pouvwa aristokrasi a.

Pi mal toujou, fò Henry ki te gen plis popilarite a, Citadelle Laferrière la, dapre kèk kont, te konstwi gras a travo fòse. Pou rezon sila a, Ayisyen kontinye debat sou èske estrikti enpozan sila a ta dwe senbolize libète aprè endepandans Ayiti.  

Tout rèv yon wayòm nwa lib Henry te genyen yo mouri anvan misye. Jou ki te 15 dawout 1820, wa a soufri yon estwok ki te retire tout fòs li. Se konsa, afebli fizikman, e pè pou administrasyon li ki te pèdi anpil nan manm enpòtan li yo, premye wa Ayiti a tiye tèt li  nan lannwit 8 oktòb 1820.



Illustrator Mahlon Blaine depicts King Henry on the cover of the 1928 book ‘Black Majesty.
@paulclammer/Twitter

Malgre kesyon sou kondisyon lavi nan wayòm Hayti a, jan Wa Henry Christophe te wè bagay yo ka toujou fè yo rekonèt li tankou yon vizyonè. Menm Charles Hérard Dumesle youn nan pi gwo opozan ki te soti nan sid peyi a, ki te toujou pale de Christophe tankou yon diktatè, aplodi li pou “nouvo lòd sosyal” ki soti nan Kòd Henry a. Dumesle sanble te regrèt ke “lwa sivil (wa a) yo te yon fòmil pou yon kòd sosyal ki te egziste sèlman sou papye.”  

Pou tout moun ki ap reve yon liberasyon pou moun nwa yo, dirijan tankou wa Hayti a ak Black Panther a –ki a la fen ka plen defo–  te toujou poto mitan vizyon sila yo.

Yo te menm dekri wa Henry tankou yon sipè ewo nan epòk li. Tankou nan yon atik ki te soti an 1816 te ekri sou Henry, “Listwa demontre ke pa gen okenn moun ki janm akonpli anyen gran poukont yo; se toujou lè de gran moun ki leve nan mitan yo mete tèt yo ansanm. Se lè sa moun rive mete tèt yo nan nivo laglwa pou akonpli de zak ekstraòdinè”.


Marlene Daut
, Associate Professor of African Diaspora Studies, University of Virginia

This article is republished from The Conversation under a Creative Commons license. Read the original article.

Marlene L. Daut

Marlene L. Daut

Literary historian. Professor of African Diaspora Studies at UVA. Editor at H-Haiti. Nat'l Humanities Center Fellow this year. Author of Tropics of Haiti.

No Comments Yet

Comments are closed