Pitit mwen degize an ewo lokal pou kanaval ane sa, e yo aprann yon leson enpòtan

This post is also available in: English

Se toujou ak anpil plezi ke mwen menm ak pitit mwen yo planifye degizman pou kanaval nan  lekòl yo chak ane. Ane sa a, nou kòmanse pale de sa pandan ke mwen t ap kondwi yon jou. Pitit gason ak pitit fi mwen te gentan gen yon lis de jan yo ta renmen degize. Tout lide yo te genyen sete swa ewo ti komik yo oubyen pèsonaj ki sot nan fim Disney. Men mwen te gen yon lòt lide nan tèt mwen. Mwen di yo, ane sa a nou p ap fè okenn degizman ki soti lòt bò dlo.

Mwen di yo, ane sa a nou p ap fè okenn degizman ki soti lòt bò dlo.

Mwen te di yo ke kanaval diferan de Halloween. Nou tounen Ayiti apre nou te ap viv Florida sa gen 7 lanne. Men gen de seri de bagay kiltirèl ke mwen dwe esplike de tanzantan. Mwen eksplike yo ke pandan kanaval, nou sipoze fè yon bagay lokal ki reprezante yon bagay nan kilti ayisyen an oubyen nan listwa li.

27750627_589279601418028_5198753479247870578_n-2Lè lide a fenk tonbe yo pa te dakò.  “pa gen okèn pèsonaj oswa ewo ayisyen ki enteresan.” Mwen di yo, eben nou ap oblije jwenn. Mwen deside fè sa tounen yon aktivite, mwen di yo an nou chwazi moun nou abitye kwaze e wè chak jou. Dimitri an jwèt konsa di yon jou: “bon, sèl machann papita ak machann fwi ke nou genyen bò kote nou.” Mwen mande li poukisa sa te komik pou li. Moun sa yo se moun ki ap travay di e, nan yon sans, se yo ki sipè ewo nou menm Ayisyen. Sa vin mennen nou abòde yon sijè serye sou kisa yon ewo ye, ki moun ki se ewo nan lavi nou, kisa mo sa a vle di tout bon.

Travay sa a pa te fasil. Timoun yo pa te dakò. Yo di “Non! Mwen pa vle yon machann!”. Te menm gen kriye.  Mwen mande yo swiv mwen nan lide mwen te genyen an. Mwen di yo pou yo sèlman chwazi kèk pèsonaj ki t ap posib pou fè tounen yon degizman. Mwen te mande yo pou yo te konsantre yo sou moun ki leve chak jou ap pase tan anba solèy cho a ki ap monte desann nan lari a pou jwenn 2 gouden pou yo viv. Kidonk sa te vin tounen travay nou. Yo chak la te fè yon lis moun ke yo panse te rantre anba deskripayon sila a.

Lis Dimitri a te gen ladann li: machann pappadap, chany, machann papita. Lis Alexa a te genyen: machann fwi, machann chabon, fanm ki fè lesiv ak fanm ki ap netwaye epi fè manje nan kay. Kounye a la a, lè nou fin gade lis yo, nou deside machann chabon pou Alexa epi machann ji ak bwason gazez pou Dimitri.27654648_589285554750766_690088231118789395_n

Pwochen etap la sete kestyone yon seri de moun. Nou pale ak yon machann pappadap ak yon machann ji ak bwason gazez. Yo esplike nou travay ke yo fè, jan travay sa pèmèt yo peye lekòl pitit yo. Mesye pappadap la te esplike nou ke li pran lajan sa a pou li ka fè lòt komès li a mache. Li te rive sere lajan li pou li te achte yon motosiklèt ke li itilize pou fè komisyon. Mwen itilize sèvis li pou fè de komisyon pafwa e mwen te vle timoun yo wè jan mesye sa s on moun enteresan li ye. San sèvis misye, biznis pèsonèl mwen pa t ap ka regle byen. Papa mwen fenk mouri, e mwen te deyò pandan yon ti tan pou mwen te ka pran swen li. Mesywe sa a ak biznis komisyon li an te yon zanj ki soti nan syèl pou mwen pandan tan sa a.

Sa ki te pi enpòtan pou mwen, se te montre pitit mwen yo ke gen fyète nan metye sa yo ke yo aprann nou gade mal. Nou tèlman antoure ak moun ki ap lite pou fè lajan, y ap fè nenpòt bagay, menm sa k pa sa, pou yo jwenn li. Nou echwe mete moun onèt yo nan kategori vrè ewo yo.

Mwen te vle montre a klè enpòtans travay di. Ou dwe travay pou ou viv e moun sa yo nan lari a ap fè sa chak jou Bondye mete. Nou pa pi bon pase yo paske yo pa travay nan biwo. Okontrè, sèvis ak pwodwi ke moun sa yo ofri nou rann lavi nou pi fasil.

Lè mwen te depoze yo lekòl nan maten, yo te pi eksite pou degizman ewo ayisyen lokal ke yo te genyen yo ke mwen menm. Alexa te gen yon yon mouchwa sou tèt li ke mwen te kole moso chabon sou li ak yon ti bokit chabon nan men li. Anvan yo desann machin lan, mwen te di li kite bokit la pou li pa anbarase pandan jounen an. Li te vire gade mwen epi li di mwen: “ non. Mwen prale ak bokit chabon mwen. Mèsi”. Epi li desann byen fyè epi mache rantre nan lekòl la, li te pare pou li te penpennen nan degizman li.

* Nòt: chwa degizman machann chabon an te leve kèk kestyon sou eske sa pa voye yon move mesaj sou pwoteksyon anviwònman. Se yon bon kestyon , men pandan ke yo rann endistri chabon nan peyi a responsab pwoblèm debwazman an, gen de seri de moun ki ap fè rechèch ki kòmanse re panse sou sa. Nou konseye w pou ou ta fè yon kout je sou bon atik sa yo sou sijè a:

One of the most repeated facts about Haiti is a lie: Vice.com

Le charbon de bois cause-t-il vraiment le déboisement en Haïti? : Ayibopost.com 

Daphne Bourgoin

Daphne Bourgoin

Daphne is a mother, designer and owner of Tisaksuk Boutique in Port-au-Prince, Haiti. Daphne is a connoisseur and enthusiast of all things Made in Haiti from jewelry to artwork to clothing. She is the Managing Director for Woy Magazine.

1 Comment
  1. Mwen renmen sa anpil,si Li te ka anvayi tout teritwa nasyonal la li tap bon anpil, sa bel e se moun sa yo yo plus dévalorise nan peyi à.