Anatomi Yon Sistèm Edikasyon Ki Ap Echwe

This post is also available in: English

Mwen vin reyalize ke sistèm edikasyon ayisyen an pa merite refòme sèlman, li merite refèt nèt. Se yon revolisyon edikatif nou bezwen pou sove jenerasyon k ap grandi a nan nasyon an. Konstitisyon ayisyen an, nan atik 32 ak 35, bay chak Ayisyen dwa a edikasyon, sitou edikasyon primè. Aksè a bon jan edikasyon sa ki se yon dwa konstiisyonèl poko janm enplimante nan peyi a vre.

Nan mond akademik la, tout moun dakò ke pi bonè ou edike yon timoun, plis chans li genyen pou li reyisi pita nan lavi li. Nan yon atik ki parèt nan  jounal New York Times, mesaj la klè : envesti nan timoun bonè garanti reyisit pita, e sa se yon mesaj ki poko rive sou lidè ayisyen.

Dapre rechèch ki fèt an 2015, 60.7% nan popilasyon ayisyen an konn li, e sèlman 57% fanm ann Ayiti konn li. Sa ba anpil konpare ak pousantaj mwayen moun ki konn li nan tout rejyon karayib la ki se 90%. Dapre rapò USAID an 2016, se 75% timoun ki gen laj pou yo ale lekòl ki te chita lekòl; prèske mwatye nan tout ti moun ki nan dezyèm ane fondamantal pa kapab li yon mo, plis pase 85% tout lekòl primè nan peyi a se sektè prive a ki mèt yo epi prèske 80% pwofesè lekòl pa te resevwa fòmasyon pou sa.  Sa se yon resèt pou katastròf. Epoutan, jiskoulye a pa gen okenn mache prese pou repare enjistis sa a nan domèn edikasyon.  

Chak ane, apèn si 25,000 etidyan pase ekzamen bakaloreya.  Gen sèlman 5000 plas ki disponib pou resevwa moun nan inivèsite piblik ann Ayiti

Chif yo pa pi bon pou inivèsite.  Chak ane, apèn si 25,000 etidyan pase ekzamen bakaloreya.  Gen sèlman 5000 plas ki disponib pou resevwa moun nan inivèsite piblik ann Ayiti, nan Inivèsite Leta a (UEH).  Sila ki pa kapab rantre nan UEH, yo oblije al chache plas nan inivisèsite prive yo ki chè anpil e Leta Ayisyen pa menm kontwole yo byen vre.  Enstitisyon sa yo pa gen ekiman modèn, se pa kote y ap ofri yon fòmasyon ak rechèch ki modèn. Anpil nan yo pa menm rekonè pa Leta Ayisyen; sa kreye yon sitiyasyon kote ou jwenn moun gen nan men yo diplòm ki pa gen valè sou mache a.

Moun ki gen chans reyisi nan sistèm sa, anpil fwa yo pati kite Ayiti pou ale dèyè opòtinite lòt kote e malerèzman yo pa janm tounen.  Anplis mango ak atik yo fin fabrike nan faktori, yon moun mèt di se sèvo ki pi gwo pwodwi Ayiti ekspòte.  sèvo sa retire nan men peyi sa li genyen ki pi bon.

Moun ki atache ak sistèm edikasyon ann Ayiti a, anpil fwa yo plede di ke etidyan Ayisyen reyisi byen nan pworam akademik ki rèd nan peyi entranje. Nou pa gen okenn estatistik pou pwouve sa men mwen ta renmen reponn yo ke moun ki reyisi yo se paske yo motive anpil epi yo konprann premyèman  pouki sa yo kite Ayiti; se pa edikasyon yo te resevwa ann Ayiti a ki fè sa.  Dayè, majorite moun ki briye lòt kote, gen anpil chans se nan lekòl ki pi bon yo yo te ye ann Ayiti.

Sistèm lekòl ann Ayiti a dwe konsevwa epi chwazi yon nouvo kourikouloum ki pral pèmèt elèv yo vin tounen sitwayen modèl ki kapab rantre nan mache travay la oswa rantre nan enstitisyon kote yo kapab fè etid siperyè ki espesyalize.  Yon kourikouloum ki pral ensiste sou aprantisay pratik olye pou li chita sou konesans teyorik.  Yon sistèm ki fè plis plas pou refleksyon ki pote bagay tou nèf  pou ranplase bat pa kè.  Li lè li tan pou edikatè konprann peyi a bezwen kiltive yon mantalite pratik, ki pwodwi antreprenè ak moun kap kreye ; kidonk, li dwe kase chenn ak  tradisyon edikasyon kap fè timoun yo tounen wobo.

Peyi a anba yon pakèt gwo defi ak anviwònman, agrikilti, lasante, move konstriksyon, chomay, sitwayen yo pa patisipe nan lavi peyi a, enstabilite politik.  Si li prepare etidyan yo pou yo takle defi sa yo, Ayiti t ap genyen plis chans pou li leve kanpe.

Li esansyèl pou yo mete nan klas segondè yo kou sou anviwònman, sou edikasyon sivik ak lidèchip nan òganizasyon, sante, finans ak antreprenarya. Etidyan ki ta vle angaje yo nan kourikouloum pou aprann yon metye ta dwe kapab gen chwa pou yo fè sa. Yo ta kapab konsidere plizyè posibilite tankoou konstriksyon wout, irigasyon, plonbye, eletwonik ak mekanik.  

Ki jan pou nou soti nan yon sistèm edikasyon k ap echwe pou ale nan youn ki mache ?

Premyèman, fòk nou jwenn ase lajan pou bidjè edikasyon nasyonal la. Pou ane fiskal 2016-2017 la, bidjè a mwens ke 310 milyon dola ameriken. Konya la, Ayiti depanse $120 sou chak elèv chak ane. Pou nou reyisi nan edikasyon, fòk bidjè a ogmante anpil pou chak elèv jwenn o mwen $5000.

Lè nou fin jwenn fon yo, fòk kourikouloum lan refèt nèt, sitou nan nivo segondè a. Tout moun ki konsène : direktè lekòl, pwofesè, administratè, ofisyèl leta, ak lòt pwofesyonèl nan edikasyon bezwen mete ansanm pou kreye yon nouvo modèl kourikouloum ki ka delivre bon jan edikasyon pou timoun yo.

Anpil moun dakò ke anpil elèv ki soti bakaloreya pa pare pou inivèsite. Yo dèyè nan matematik, syans ak lang. Se aspè lang lan ki baz tout pwoblèm lan. Se pa sèlman yon kesyon de èske ansèyman ta dwe fèt an Kreyòl oswa Franse, men se ke anpil pwofesè paka anseye an franse. Si yo egzije ke se an franse pou edikasyon timoun yo fèt, pwofesè ta dwe konn ekri e pale franse byen tou. Menm la, pwoblèm sa pat ap rezoud. Elèv ayisyen an pase twòp tan ap goumen pou li konprann materyèl yo ki nan yon lang ke li poko metrize. Menmsi se vre moun kòmanse rekonèt valè lang Kreyòl la plis, se lang franse a ki rete lang enstriksyon prensipal la.

Fòk nou asire ke elèv yo gen aksè a yon anviwònman ki pèmèt bon jan edikasyon fèt. Fòk lekòl yo gen klas avèk mwens elèv, e fòk gen ekipman, biwo, chèz nan sal de klas yo, bibliyotèk ak kafeterya, espas pou timoun yo fè espò.

Nouvo sistèm sa dwe entegre teknoloji nan tout fasèt, sa sèlman ka prezante yon gwo defi pou Ayiti, men li posib pou nou fè li. Sit entènèt tankou Google ak pil aplikasyon mobil ki fèt pou edikasyon vin rann li posib pou timoun nenpòt kote nan le mond gen aksè a materyèl akademik, e sa pa koute chè. Teknoloji ka ofri elèv ayisyen opòtinite pou yo fè eksperiman vityèl avèk aksè a laboratwa ki difisil pouo jwenn oswa pa egziste nan peyi a.

Vizyon an pou modèl edikatif sa se pou etabli plis konfyans nan chak elèv, e prepare yo pou yo ka konbat tout pwoblèm peyi a ap andire. Esansyèlman, yon revolisyon nan sistem lekòl la ann Ayiti se pi bon fason pou garanti estabilite politik ak prosperite ekonomik nan peyi a. Si nou pran plis tan pou nou fè tranzisyon sa pou soti nan modèl demode sa pou adopte yon sistèm modèn, nou pap ka evite yon destirksyon total nan sosyete a. Se yon revolisyon edikatif ki ka sove peyi sa.

Photo via @MEducationHaiti
Ilio Durandis

Ilio Durandis

Haiti, Family, scientist & columnist. Founder @veritabservices, @haitibio. Sports & technology. Vice-Doyen UNDH. Collaborator. Make things happen.

No Comments Yet

Comments are closed