Ki jan nou ka amelyore sistèm sante ayisyen an

This post is also available in: English

Lopital piblik ann Ayiti ki bay swen a moun ki pi defavorize nan peyi a fè grèv de fwa deja nan douz denye mwa sa yo, nan mitan yon epidemi grav. Nouvèl sou dega ke goudou goudou te kite dèyè potko menm fin dewoule lè maladi kolera a parèt tèt li nan depatman Latibonit la. Ane pase fè sis lane depi kolera rantre nan peyi a, e anviwon 40.000 moun tonbe malad depi lè a. Nan mwa septanm lan, mwen te vizite yon sant tretman kolera nan Beladè, yon vil ki te gen plizyè ka. Vwayaj sa raple mwen gwo chay yon epidemi konsa poze sou yon sistem sante ki deja fèb tankou pa Ayiti a. Chay sa pi lou toujou nan zòn elwanye yo kote pa gen anpil resous. Wout ki kòmanse nan lage maladi kolera a isit rive nan faz nou ye jodi a kote kantite nouvo ka pi ba depi 2014, bay anpil leson ke tout sistèm sante a ka pran nòt.

Amelyore direksyon ak jestyon

Mwen te yon etidyan an 2012, lè mwen te asiste yon konferans Doktè Junot Felix t ap bay kote li te li di ke “pi gwo pwoblèm ke sistèm sante ann Ayiti a ap konfwonte se yon mank konpetans manadjè yo”. Kòm ni jere ni dirije enpòtan anpil si nou vle pwogrese, sa li di a vle fè kwè ke Ayiti bezwen plis moun ki pare pou mete devan sa ki bon nan youn lòt epi òganize pou bay popilasyon an pi bon jan laswenyay.

Nou bezwen chita ak aktè piblik, prive ak ONG, yo kelkeswa diferans ak priyorite yo. Konsa, n ap ka kreye lyen, aprann de youn lòt sou sa ki fèt deja, ak sou jan pou nou jere reyalite aktyèl la pou nou ka jwenn solisyon pou demen.

 

Chache epi pataje enfòmasyon yo nan lè yo dwe bay la

Lè mwen te kòmanse travay nan yon klinik prive, mwen pa te janm gen aksè a enfòmasyon ijan mwen te bezwen. Done sou sante nasyonal yo se swa yo pa te disponib oubyen yo pa te a jou. Mwen pa te ka fè pratik mwen yo evolye yon jan efikas ak tandans yo. Se menm ka a tou pou enstitisyon leta yo ak anpil ONG, antite ki responsab enfòmasyon nan diferan etap pwogram yo pou kontribye nan jestyon pwoblèm sante ki ap domine nan moman an ann Ayiti.

Feblès konsa te afekte lagè kont kolera a, kote pataje enfòmasyon rapid te enpòtan anpil. Men gras a kowoperasyon ant aktè ki responsab pou reponn kont epidemi an, sitiyasyon an ap amelyore. Si se pa te pou jefò san kanpe pou kòmanse epi kenbe sinèji a la, jestyon pwojè ak bay swen ak sèvis, tout sa yo pa t ap sèvi anyen epi resous yo pa t ap itilize egal ego.

Devlope yon kilti pou antreprenè

Mwen ap swiv Daniella Bien-Aime, yon kòlèg ki blòg tou. Li ap defann ak tout fòs li yon kilti biznis pou pote yon ekilib nan pèspektiv èd ann Ayiti a. Dapre mwen, sa t ap nan enterè sektè lasante a ki prèske chita sou lajan donatè entènasyonal. Menm si èd entènasyonal la te enpòtan anpil pou amelyore endikatè sante ann Ayiti yon tan ki sot pase yo la a. Men yon sistèm sante otonòm paka chita sou sa sèlman. Èd entènasyonal pa kite plas e si li kite se yon ti espas tou piti pou inovasyon ak konpetisyon, e li tiye inisyatif kominotè yo depi nan vant. Se youn nan rezon ki fè doktè, enfimyè, saj fam, famasyen ak syantifik nan laboratwa yo ap chache travay nan ong yo, epi kite lopital leta yo ak klinik kominotè yo oubyen yo annit kite peyi a.

Pwomouvwa inisyativ kominotè yo nan Pòtoprens ak andeyò se premye pa nan inisye yon chanjman. Ranfòse sansibilizasyon se youn, men antrene moun yo jan sa dwa se yon lòt. Fòk nou sipòte pwogram ke pwofesyonèl nan domèn lasante yo ap mete sou pye nan kominote yo ap ede pote yon nouvo lè nan sistèm sante ann Ayiti.

 

Amelyore ledikasyon sou lasante

Ledikasyon sou lasante afekte chak eleman nan sistèm sante a. Se obsèvasyon sila ki te enspire mwen ak kèk nan kolèg mwen kreye IntegrAction, yon pwojè ki la pou edike sou lasante. Nou te menm fè kanpay sou entènèt pandan epidemi Chikungunya ak Zika yo ann Ayiti. Edikasyon sou lasante pèmèt moun jwenn, konprann ak metrize enfòmasyon nesesè sou lasante pou yo ka pran bon jan desizyon. Objektif la se rann sistèm sante a ki konplike anpil, pi fasil pou konprann. Fè pwomosyon, kominikasyon ak edikasyon sou lasante ap ede nou fè sa.

Inisyativ konsa yo ap ede anpil nan avni Ayiti paske yo kontribye a redwi pwa lou maladi ke nou ka evite yo, ak kantite lajan ki depanse nan pwoblèm sa yo desann.

Epidemi kolera a rete yon gwo defi  ke ke nou ap travay pou elimine li. Prèske 7 lanne pase depi li rantre ann Ayiti, Ayisyen ka itilize eksperyans yo pou gade avni yo pi klè. “Nou la n ap lite…” se sa yon teknisyen dlo potab te di lè n ap kite Beladè. Ti vizit doktè mwen an lòt bò a pa te ban mwen opòtinite pou mwen pote yon chanjman dirab. Okenn solisyon rapid paka rezoud pwoblèm lakòz grèv nan lopital piblik yo. Pwobleèm yo pi fon ke sa. Pandan ke m ap ekri rekòmandasyon sila yo, nenpòt moun ki ap li yo la a, mwen swete ke grenn sa yo ap pran rasin pou pote yon pi bon avni akòz de angajman nou tout ansanm.

 

Photo via huffingtonpost.com
Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comments are closed