Ensekirite alimantè se vyolans

This post is also available in: English

Gade eta ekonomi a avèk aksyon lidè nou yo, epi sonje sa ki te rive dènye fwa nou te nan yon ijans konsa.

Nan mwa avril 2008, yon dechoukay pete ann Ayiti akòz grangou, plizyè estasyon gaz boule, plizyè biznis piye, wòch voye, kawotchou boule. “Klowòks” yo te rele li. Erezman se pa yon bagay ki te koute lavi moun, men se te yon jounen boulvèsan nan peyi a. Gouvènman ansyen premye minis Jacques Edouard Alexis a pa te priyorize pwoblèm ijans moman an ki te grangou, chomaj ak pri gaz. Rezilta a te katastwofik, lè plizyè santèn milye moun te pran lari pou rele aba grangou klowòks. Palman te revoke gouvènman Jacques  Edouard Alexis a, men pwoblèm nan toujou pa te rezoud.

Jodi a, soti nan eleksyon koken, eleksyon anile, eleksyon refèt pou tonbe kote nou ye jodi a, politisyen yo kontinye refize priyorize ijans moman an. Li sanble klas politik ayisyen an ap pouse majorite a yon kote nou pa janm dwe retounen. Daprè analiz mwen fè e moun mwen rankontre nan plizyè sektè mennen mwen a yon kesyon : èske politisyen ayisyen ap pwovoke majorite popilasyon an pou wè nivo rezistans yo ?

Nan mwa desanm ki sot pase a, chak palmantè jwenn yon bras, chak depite jwenn 400,000 goud chak senatè jwenn 1 milyon goud swadizan pou fèt fen ane. Senatè, depite, minis Ayiti deja benefisye twòp pou sa yo remèt kòm rezilta nan travay yo. Kontinye depanse lajan nan tèt yo se yon aksyon pwovokasyon li ye, e majorite silansye a responsab anpil nan kite teren an lib pou koriptè yo.

Aprè siklòn Matthew, nou pèdi yon gwo moso ki se Grandans ki te konn bay peyi a yon kantite manje itil epi kenbe baz peyizan ayisyen an ki sou wout disparèt. Daprè Nasyonzini ouragan Matthew fè dega ki koute 124,8 milya goud (1,7 Milya dola  ameriken) e  580 milyon sèlman nan sektè agrikòl la. Yon sitiyasyon ki pral mete apsè sou klou nan yon sektè ki te deja ap bwate.

Nou pèdi 80% rekòt yo nan gran Sid lan e li pral mande yon gwo efò pou remanbre agrikilti nan zòn nan. Pèdi 20% nan PIB aprè yon dezas natirèl ap fè nenpòt peyi gwo mal, espesyalman yon ekonomi frajil tankou Ayiti.

Sa nou priyorize aprè siklòn nan se kanaval. Premye gwo aksyon nouvo Prezidan Jovenel Moise se Matelitizasyon karaktè li nan kreye gwo banbòch Kanaval. Depanse 240 milyon goud pou kanaval se yon egzajerasyon e yon pwovokasyon. Lajan sa a ka ede nan amelyore pwoblèm grangou a ki ijan.

Pandan palman t ap ratifye Premye Minis Lafontant, nan yon entèvyou sou Radyo Vizyon 2000, jounalis Valery Numa, senatè Sidès la Joseph Lambert konfime ke se nan separasyon ministè premye minis lan ta pral pase nan chanm nan. Dosye li ak kapasite li ki ta dwe pi enpòtan pa t ap twò enfliyanse vòt la. Li rantre nan jwèt palmantè tradisyonèl yo, nan separe pouvwa a tankou ti lo patat pou vòt yon moun ki pa menm kalifye pou yon pòs.

Sa se zak pwovokasyon pi resan aprè depanse twòp lajan nan kanaval initil politisyen ayisyen remèt popilasyon an kòm kado.

Jodi a sitiyasyon an pi mal pase 2008. Enflasyon an plis, grangou a pi rèd, koripsyon an plis, pouvwa acha bese nèt pou majorite popilasyon an. Enflasyon fè nou pèdi mwatye nan valè goud la, pandan resèt la pa ogmante. Daprè Youri Latourtue, prezidan sena a, bidjè a ki te 136 milya goud 5 lane pase se prèke menm kantite a, sèl diferans 136 milya goud te 3 milya 400 milyon dola e jodi a se 1 milya 7 milyon dola ameriken. Daprè Le Nouvelliste, dèt nou ogmante a 216% ant peryòd 2011 Pou rive nan kòmansman 2017 lan. Nou pase de 640 Milyon dola Ameriken pou tonbe nan 2 milya 78 Milyon dola ameriken.

Enstitisyon finansye entènasyonal yo konsidere Ayiti kòm yon peyi ki pa kapab peye dèt li, sa ki tann nou nan move pozisyon pou jwenn lajan prete. Jodi a ann Ayiti, pa gen ase lajan k ap sikile andedan peyi a pou ta fè gwo envestisman (si genyen, yo sere yo.)

Ak difikilte peyi Venezuela ap pase jodi a pwogram Petro Caribe a, ki te sèl sous revni dirèk aprè resèt piblik yo ki trè mèg, gen posiblite kanpe. Si gouvènman pati sosyalis lan nan Venezuela ki kreye pwogram nan ta pèdi pouvwa, li sèten pwogram nan ap kanpe. Lè sa a pwoblèm nou pral pi grav.

San sous revni sa a, leta ayisyen pral oblije monte pri gaz la, e depi pri gaz monte, tout bagay monte. Kounya gade eta ekonomi a avèk aksyon lidè nou yo, epi sonje sa ki te rive dènye fwa nou te nan yon ijans konsa. Avèk politik iresponsab, ensansib n ap pratike a, nou sou yon wout ki gen anpil danje. Kontinite politik konwonpi a se pi gwo pwovokasyon posib elit politik ayisyen ap fè peyi a. Si nou gade istwa resan, sa pa ka fini byen.

Photo via @jgabrielfortune
Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed