Dekolonize tèt ou

This post is also available in: English

Mwen konsakre tèt mwen pou mwen remete sou pye souverènte kò mwen, chak tandon, chak panse.

Kolonizasyon se yon pwosesis ki pa janm fin detwi kote kolon yo vòlè tè moun endijèn yo. Yo ratibwaze endijèn yo, sway o tiye yo oubyen yo tiye kilti yo, pwosesis sila a rele “jenosid kiltirèl”. Lè yon kote pa koresponn ak valè ak abitid kolon yo, yo rela sa “terra nullius” ki vle di  tè vid, tè ki lage san mèt. Kolonizasyon fèt nan kò ak sou kò moun tou. Le kò yon moun pa koresponn ak valè ak pratik kolon an, sa rele “corpeo nullius” yon kò vid ki ap tann yon mèt.

Dekolonizasyon se yon pwosesis revolisyonè ki la pou remèt tè ke yo te vòlè yo bay moun endijèn yo ki se bon mèt tè yo. Se yon pwosesis ki prèske enposib. Dekolonizasyon an tou, se remèt kò a bay pwòp mèt li a travè plizyè jenerasyon nan kiltive souverènte pèsonèl. Pwosesis sa a prèske enposib tou. Ak tout bagay ki vin posib sèjousi, se bagay ki enposib yo ki vo lapenn pou eseye ! Definisyon siksè se lè ou pa wè kò a dapre sistèm kolon an tankou “ cuerpo supremus”, se sa yo rele kò souveren an.

Malerezman, chak grenn nan nou afekte pa kolonizasyon an. Yo lave sèvo nou ak valè kolonizasyon an, e valè sa yo pa rete sou : kreye yon sèl grenn kilti, devlope yon fòm de vay ke vay , mache fè koleksyon bagay san bezwen, kenbe tout bagay tèlman “pwòp” ke yo vin esterilize, pèdi konfyans nan tout sa nou pa konnen, pè lanati, konstwi konsèp moun anwo moun anba a, vyolans, toupizi klas ki pi ba yo, klase tout bagay menm nan sèks nan yon sistèm nwa ou blan  epi òganize tout bagay dapre yon liy dwat.

Vyòl sou souverènte kò nou rive chak jou. Se pou sa ke mwen konsakre tèt mwen pou mwen remete sou pye souverènte kò mwen, chak tandon, chak panse. Men yon lis mwayen ke mwen mete sou pye pou mwen kòmanse fè sa ( lis sa a pa gen tout mwayen pou dekolonizasyon an, e mwen ta renmen tande pa ou yo) :  

Kesyone tout bagay. Tout bagay. Tout valè, tout kwayans, tout abitid ou te aprann nan lekòl ak legliz ak paran ou ki deja anjandre nan lide kolonizasyon an. Ou ka tante mande tèt ou ‘’eske sa a se yon valè kolon an ?’’ Se yon kesyon ki gen tout enpòtans li. An menm tan se yon kesyon ki ka pote anpil konfizyon. Tout bagay pa toujou klè. Men yon seri kesyon ou ka poze tèt ou ki ka pote plis klate : ‘’eske valèè mwen sa a fè mwen santi ke mwen pa gen plas mwen ?’’. ‘’ Poukisa mwen panse li bon pou mwen abiye konsa ?’’. ‘’ Poukisa dimanch se yon jou konje pou travay ?’’. ‘’Poukisa Bondye mwen an sanble a sa ?’’ ‘’Poukisa yon fanmi lejitim sanble a sa ?’’ ‘’ Kibò lajan mwen an ale ?’’ ‘’ Kisa ki lajan ?’’ ‘’ Poukisa mwen òganize tan konsa ? Mwa yo ki pa gen menm kantite jou yo, jou travay yo ki soti lendi rive vandredi, weekend, ane ki soti janvye rive desanm ?’’ (Mwen ta renmen konnen ki kesyon ou ap chache jwenn repons yo !)  

Chache jwenn enfòmasyon nan diferan sous. Olye ou li liv ki pale de plant, soti deyò a epi pase tan ak plant yo. Olye ou li liv istwa sou vil ou, al jwenn granmoun, mande yo kijan sa te ye lè yo t ap grandi la a . Olye ou gade nouvèl nan televizyon, kontakte yon moun ki nan nanna n aksyon aan epi mande li kisa ki ap pase. Olye ou chache sou entènèt dosye sou nitrisyon, al vizite jaden kote maanje w ap manje a soti. Olye ou branche ipod ou nan zòrèy ou toutan, aprann jwe mizik ou menm. Si sa a twòp pou ou kòmanse, chache enfòmasyon nan liv ki gen pèspektiv diferan. Chwazi li liv ke fanm nwa ekri ane sa a . Gade fim ki pa fèt Hollywood. Ale nan seremoni oubyen rityèl diferan relijyon. Fè yon kout je nan magazin ki pafèt pou ou. 

Renmen kò ou … kounye a ! Wi kounye a. Pa gen pi gwo aksyon  rebèl oubyen revolisyon pase renmen kò ou, e pou w renmen l nan moman sa la a menm. Pa gen okenn lobligasyon pou ou rete tann jiskaske kò ou gen plas li nan ideyoloji kolonizasyon an pou ou renmen li. O kontrè, mwens li rantre nan ideyoloji a, se plis libète ou ap jwenn nan renmen li. Valè kolonizasyon yo se de valè sipèfisyèl. Kolonizasyon plis bay enpòtans a kijan yon bagay parèt olye li konsantre li sou jan li ye. Alòs, renmen kò ou nan fason pa w. Kò ou pa bay jan li sanble regle anyen pou li. Ban mwen redi sa ankò. Kò ou pa bay sa regle anyen pou li…ditou. Kò ou plis bay enpòtans a sa li ap fè, a jan li santi li ak jan ou trete li. Kò ou okipe li plis de jan li santi li lib e libè pou li pran kantite plas li vle pou li eksprime tèt li.

Abitye Granmoun tèt ou. Wi. Tout sa ki nan lis la se yon fason pou ou rive fè sa. Espesyalman, granmoun tèt ou nan relasyon ou ak lòt moun. Pran san pousan responsablite de tèt ou. Kite lòt moun fè menm bagay la ak vi pa yo tou. Sa vle di ke ou se mèt lavi w, mèt reyaksyon w, ou se mèt jan ou panse ak jan ou aji, ou se sèl responsab tout sa. Sa vle di tou, ke respè sila a ou dwe genyen li pou moun tou. Lè yon moun di yon bagay, respekte epi kwè sa li di ou an. Si nan granmoun tèt ou, ou pa rekonèt pa lòt la se mouvman makout li ye.

Manje. Pran plezi nan sa w ap manje a. Pa okipe ou de kalori. Pa konte yo. Manje pa yon pinisyon, ni yon rekonpans, ni yon bagay ki la pou fè w santi w koupab… sa se manje nan je kolon. Manje ak la kontantman. Manje pou ou ka konekte ak lòt yo. Manje pou selebre yon bon sezon. Men sa ki pi enpòtan se : manje paske ou grangou.

Gade anlè. Kòmanse pa fè antansyon a lalin lan. Kibò solèy la ye kounye a ? gen yon ritm natirèl nan lavi a ke nou pa gen kapasite obsève. Lalin ak tout faz li yo se yon jan fasil pou ou rekonekte. Kòmanse swiv chimen solèy la. Kòmanse òganize tan ou yon lòt jan. Kalandriye nou te kreye konsa konsa san yon vre rezon, nan lanne 1592. (Sa vle di yon pil tan anvan kalandriye sila a te kreye!) Nou pale de kalandriye a ki te fèt san okenn rezon paske li pa te òganize dapre anyen ki vre nan lanati. Lalin lan vre. Faz li yo vre. Wout solèy la fè nan lespas la vre. Poze pou w respire sou kadans sa ki vre.

Mache pye atè. Kite timoun yo monte desann pye atè. Mizapa de vrè konsekans mantal ak fizik ke soulye genyen sou devlòpman moun, mete soulye nan pye se yon valè kolonizasyon. Se yon metòd pou detwi koneksyon ak tè a. Rekonekte w ak entelijans ke ou pa te menm konnen ke ou te dekonekte ak li a.  

Retire rad ou. Bay kò ou yon chans pou li respire, pou li bouje antan ke kreyati lib ke li ye a. Rete toutouni toutotan li posib, toutotan sa pa mete lavi w an danje. Fè rete toutouni an vin yon bagay nòmal. Separe sèks ak rete toutouni. Aprann pou ou alèz ak sa kò ou sanble epi jan ou santi li lè li pa nan rad.

Aprann konnen anviwònman ou. Yon endejèn vle di yon moun ki soti yon kote. Konn kote ou soti. Gen plant ki nan antouraj ou.,gen bèt, gen wòch, gen èt vivan nan dlo yo. Aprann konnen yo. Aprann konprann yo. Aprann non syantifik yo. Desinen yo. Pran foto yo. Manyen yo. Ba yo pwòp non pa w. Chache konnen ki non ke yo te ba yo anvan nan zòn sila a. Manje nan sa anviwònman ou ofri w. Kolonizasyon gen pou objektif detwi tout sa ki divèsifye. Chak kote diferan. Lè ou onore sa ki diferan lakay ou, ou kanpe an rebèl fas pou fas ak pouvwa ki vle danmen tout bagay pou fè tout sanble.  

Pale ak moun ki pa sanble w. Kò se yon bagay sosyal. Se de bagay ki nan de kontèks patikilye. Idantite se yon bagay ke yo bay moun nan sosyete a akòz de jan yo sanble. Preske toutan, gen yon idantite ki diferan ki anndan moun lan. Aprann konnen moun ke moun lan di w li ye a, kisa ki idantite yo e kisa li reprezante pou yo. Lage sa ou panse ki ka idantite yo akòz de jan yo sanble.

Pale yon lang ki pa lang kolon an. Aprann o mwen non endijèn kote ou ap viv la. Ann Ayiti, pi fò lang endijèn yo ale. Nou konnen ke nou pa vreman viv ann Ayiti. Nou viv Kiskeya. Sepandan, nou se yon ekip moun ke yo te vòlè ki konbat e ki bay san yo pou lendepandans. Nou te aprann e nou te viv ak endijèn yo e nou pran moso nan lang yo a mete nan pa nou. Tout sa pou mwen di: pale kreyòl. Pa gen lòt jan. Franse se lang kolon an. Se lang sila a ke yo itilize toujou pou separe moun ki “edike” yo de moun ki “pa edike” yo. Ou pa gen pou ou pale kreyòl sèlman. Franse oubyen angle se de lang ki itil nan jwèt la. Pa kont, kreyòl la se revolisyon an.

Jennifer Martineau

Jennifer Martineau

Jennifer Martineau, originally from Haiti, is a Certified Nutritional Therapist Practitioner, Lifestyle Coach and Writer.

No Comments Yet

Comments are closed