Yon Koup ki Vwayaje Ansanm

This post is also available in: English

Youn nan pi bon fason pou soude relasyon yon koup se vwayaje ansanm. Si nou rive nan fen vwayaj la e nou byen toujou, enben sa vle di ke relasyon a solid vre. Vwayaje fòse ou fè on seri de bagay ke ou pat ap janm chwazi fè otreman. Vwayaje ap ba ou on seri de defi ou pat ap janm fè fas nan vi kotidyen ou. Lè ou ale yon kote kote ou pa pale lang lan, on kote ou santi w vilnerab, on kote ou ka pèdi paske ou pa konn wout ou, tout bagay sa yo ka difisil. E sa pa toujou nan nati nou pou nou kontwole emosyon nou. Kèk fwa, sa ka koze dram.

Pou sezon Sen Valanten an, mwen vle ofri yon ti sajès mwen genyen aprè 11 an ap pran vwayaj pa wout, ti konje wikenn, ak gwo vwayaj nan peyi etranje.

Si se pa ak li, ak ki moun ou pral fè li?
Si se pa ak li, ak ki moun ou pral fè li?

Konnen tèt ou

Lè w ap vwayaje, li enpòtan pou ou konsyan de kisa ki enève ou. 

Si ou menm jan avè m, ou gen pwoblèm kontwole emosyon ou lè w gangou, fòk ou metrize sa. Pa kite grangou tounen kòlè. Pote ti bagay pou pase nan bouch oubyen planifye jounen w pou w ka manje a lè. Pa kite cheri a tonbe sou ou bouch long a kòz manje.

Si gen yon aktivite ke ou vreman pa renmen men ke cheri w vle fè, ou k chwazi pa patisipe nan aktivite sa.. Pa gen rezon pou kraze vayb li. Sa ka yon bon okazyon pou ou gen ti moman ak tèt ou. Mwen ap bay plis detay sou sa pita.

Konnen mennaj ou

Konn mennaj ou byen se yon bon bagay. Nou tout gen defo ak de bagay ke nou fè mal, lè ou konnen pa mennaj ou, ou ka evite de fristrasyon ki pa nesesè.

Eske menaj ou konn li yon kat jeyografik oubyen swiv direksyon sou yon GPS? (Wi, gen de seri de moun ki pa konn fè sa). Si repons lan se non, pa bay yo chay sa a pote. Si ni ou ni li pa kapab, ou siman abitye pèdi ansanm deja.  Kontinye konsa, zanmi m.

Eske menaj ou pi sosyab pase w ? Si se sa, kite yo okipe yo de fè nouvo zanmi. Eske menaj ou pa gen san sipòtan ? Eske ou konnen kijan pou ou kalme li? Eske ou prepare pou ou vide dlo sou dife si sitiyasyon yo dejenere?

An nou klè. Ou pa ni nounou yo ni moun responsab li, men ou se mennaj li. Sa vle di, fè yon jan pou w  janti ak pou w konprann li. Epi eseye ede li pou li pa tonbe nan zen.

Panse a youn lòt

Planifye aktivite ke nou tou de a ap renmen fasil anpil. Si nou ansanm, gen anpil chans ke nou gen de enterè komen (oubyen èsje mwen poukont mwen nan sa a?). Pati ki konplike a se patisipe nan aktivite ke ou pa vreman renmen yo, men ke cheri w renmen. Kwè mwen, sa pa vo la penn.

Mwen marye ak yon gason ayisyen ki renmen foutbòl. Mwen te konnen sa depi nan kòmansman an. Sa mwen pa te konnen se ke mwen ta pral pase vi m ap pale e aprann yon pakèt koze sou foutbòl. Pa mal entèprete sa mwen di a, mwen renmen espò a. Mwen renmen yon bon match foutbòl de tanzantan e mwen gen yon lis tout jwè ki bèl gason ke m byen renmen wè. Men depi mwen ansanm ak mari m, nou planifye vwayaj  pou ale nan tounwa foutbòl, al vizite estad ak al gade match. Sa se nivo tifosi* a.

Wi, mwen ta byen renmen al nan estad, nan match ak nan mize. Men mwen ta pito ale nan kèk ekspozisyon atistik oubyen yon mize sou listwa. Malgre sa, mwen toujou chwazi viv eksitasyon mari m. Pa gen yon lòt plas ke mwen ta pito ye ke dèyè kamera a pou mwen pran foto li ak Messi ke yo fè ak papye mache.

Fè Afè Pa w

Sonje ke ou pa mare nan senti li. A mwens ke se yon ti vwayaj nan wikenn (e menm la ankò), pase tan ak tèt ou. Toujou ansanm ka toufe yon moun. 

Onètman, kelkeswa nivo ou renmen bae ou (e mwen konnen ke ou renmen li!) ou dwe pase tan poukont ou pou ou ka jere lide w yo oubyen repoze w.

Pa gen anyen ki dwòl nan fè 2 wout diferan pandan yon moman. Si ou pa konn sa pou ou fè ak tèt ou, al chita nan yon kafe ak yon liv. Ou ka fè tankou w ap li pandan ke se moun w ap gade ki ap monte desann. Si ou gen yon jounal oubyen yon blòg, sa ka yon bon moman pou ou ekri. Si w renmen pwomennen ou ka toujou fè sa.

Yon ti detay… fòk ou klè sou ki kote ak ki lè nou ap rankontre. Ou vreman pa ta renmen kontrarye paske youn nan nou an reta oubyen ale nan move adrès la.

Amize w ak anpil ak kè kontan

Konsantre ou sou pase yon bon moman ansanm. Poze pou w fè foto ansanm. Chante oubyen danse nan lari a. Tounen yon touris degoutan. Jwenn timoun ki nan ou a (pa sa ki yon boul dife a non!) epi kite li deyò. Pa depase limit yo epi obeyi a lalwa men toujou amize ou.

Si se pa ak li, ak ki moun ou pral fè li?

W ap chache yon kote pou ou fè womans pou Sen Valanten an ?

  • Vale Jakmèl. Kote sila a se yon ja ki sere byen fon. Mwen ak doudou a nou te ale nan lanne 2005 pou dezyèm pati lindemyèl nou an. Nou te rete ak yon zanmi nou. Mwen te tande anpil bon bagay sou Obèj Mon Sen Jan.
  • Okap (menm Milo). Paske mache sou tras listwa se yon bagay ki womantik anpil Chwazi nenpòt lotèl nan zòn lan. Fè kou ou konnen pou ou vizite Sansousi ak Sitadèl la.

Tifosi: fanatik, nan lang italyen. Pami moun mwen yo, nou itilize li pou nou dekri dènye nivo fanatik la.

Yves-Marie Exumé Auguste

Yves-Marie Exumé Auguste

Haïtiano-canadienne qui a décidé de rouler sa bosse un peu partout. Des voyages d’une journée à ceux qui durent toute une vie, les "pye poudre" ont toujours une histoire à raconter!

No Comments Yet

Comments are closed