Sa Ki Twouble M Nan Plan Ban Ki-Moon Konsènan Kolera Ann Ayiti

This post is also available in: English

Konya se pi bon moman pou nou sonje gwo travay ki fèt deja pou elimine epidemi sa a ann Ayiti, depi avan gwo deklarasyon Ban Ki-Moun fè yo.

Nan dènye jou sa yo, Nasyonzini an Ayiti sèl vedèt. Sekretè Jeneral ki prale a, Ban Ki-Moon, fè yon seri deklarasyon esansyèl nan yon asanble jeneral e a travè Miami Herald, konsènan repons Nasyonzini pa rapò ak epidemi kolera ann Ayiti. Konya se pi bon moman pou nou sonje gwo travay ki fèt deja pou elimine epidemi sa a ann Ayiti, depi avan gwo deklarasyon Ban Ki-Moon fè yo. Konya se pi bon moman pou nou sonje ke avni Ayiti chita nan men nou menm Ayisyen sèlman.

Anvan 2010, kolera, ki te plis afekte peyi nan Azi ak Ewòp depi kèk syèk, pat egziste ann Ayiti. Se nan mwa Oktòb 2010 ke yo enpòte li sot Nepal, aprè militè Nasyonzini, nan baz Meyes ki nan Mibalè, te pede ap jete watè nan rivyè nan Plato Santral. Enstabilite politik depi kòmansman dènye dis lane yo te gentan rann kondisyon ijyenik ak sanitè yo fèb, kondisyon sa yo te ede maladi an gaye vit sou tout rès peyi an. Sa demontre a klè responsabilite Nasyonzini nan pote maladi a ann Ayiti, yon fè ke epidemiyolojis sipòte e ke Nasyonzini refize aksepte e kontinye kache ak tout fòs yo depi kèk lane.

An 2016 lan, yon sèl kou, Nasyonzini chanje pozisyon yo konsènan wòl yo nan jan kolera te gaye ann Ayiti. Premye siy ki te montre Nasyonzini te pare pou admèt responsabilite se te yon rapò ke Philip Aston te fè. Philip Aston se yon konseye Nasyonzini ki te kritike òganizasyon an pou move reyaksyon yo a epidemi kolera a ann Ayiti. “Ke Nasyonzini refize admèt responsabilite sòf yon responsabilite moral nan afè sa, se yon gwo wont,” misye te di. Nan kòmansman Desanm ane sa, 6 lane pita avèk plizyè milye kadav pita, Ban Ki-Moon pote eskiz li bay pèp ayisyen pou wòl òganizasyon li te jwe nan pote kolera ann Ayiti.

Nan yon atik li ekri resamman pou Miami Herald, Ban Ki-Moon pwopoze yon plan pou sa li rele “yon nouvo apwòch pou repare yon mal” ann Ayiti. Apwòch sa gen ladan l : repons enetansif a nouvo vag nan epidemi a; peye lajan bay fanmi ki te viktim; avèk yon pwojè manch long pou bay popilasyon ayisyen an dlo potab. Kòm mwen se medsen, mwen te familye avèk plan leta ayisyen te deja etabli pou elimine kolera nan peyi a anvan lane 2022, avèk tout efò moun ki ap pledwaye pou dwa imen pou kenbe Nasyonzini responsab. Mwen te twouble, e mwen pat ka jwenn kisa ki te nouvo nan plan sa Ban Ki-Moon prezante a. Èske Nasyonzini ap sèlman repete plan nasyonal ki deja egziste pou elimine kolerea, oswa èske tout bon vre yo resi tande priyè viktim yo ki ap mande jistis san rete ?

Eske Nasyonzini ap sèlman repete plan nasyonal ki deja egziste pou elimine kolerea, oswa èske tout bon vre yo resi tande priyè san rete viktim yo ki ap mande jistis ?

Nan lane 2013, pandan Nasyonzini te toujou ap refize rekonèt responsabilite pou epidemi a, leta ayisyen avèk bourad plizyè patnè entènasyonal, inisye yon plan manch long 10 lane pou elimine kolera, ak yon pati manch kout ki te gen pou fini an 2016. Lè sa te fèt, anpil moun te kritike plan an, yo te di li te twò anbisye. Youn nan objektif plan sa a se te pou bay 80% popilasyon an kapasite pou li jwenn dlo potab. Objektif sa te enposib pou reyisi nan ti tan yo te pwopoze a avèk ti kantite resous ki te disponib.

An reyalite, an 2014, Ayiti te prèske rive elimine kolera. Si se pat pou plizyè ka kraze brize sou sistèm dlo nan diferan zòn, pami lòt rezon, estrateji pou elimine kolera yo t ap reyisi. Ministè Piblik Sante (MSPP) ak Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Sanitasyon (DINEPA) aprann nan eksperyans sa yo, e yo lanse pati mwayen tèm plan an nan mwa dawout 2016 (byen anvan Nasyonzini te chanje pozisyon sou afè sa) avèk bourad anpil patnè, UNICEF te youn nan yo. Pati mwayen tèm sa te kanpe sou menm poto plan Ban Ki-Moon prezante lòt jou a kòm yon nouvo plan : dlo ak sanitasyon, sèvis sante ak jestyon, siveyans epidemiyolojik, ijèn ak nitrisyon.

Asanble Jeneral fè yon akò pou sipòte nouvo plan sa pou elimine kolera ann Ayiti, men mwen pap janm bliye ki kote travay la te kòmanse e kontinye fèt. 

Se vre, Ban Ki-Moon te rekonèt travay ki deja ap fèt kont epidemi kolera a, men plan sante piblik misye pwopoze nan atik Miami Herald li a tèt koupe ak plan ki deja etabli pou tout aktè nan plan nasyonal pou elimine kolera ann Ayiti anvan 2022 a. Pwopozisyon an itilize menm langaj ak solisyon ak defansè kòz la ak fanmi viktim yo sot fè 6 lane ap pwopoze, ke Nasyonzini te nye. Lè nou gade dèyè, nou ka wè ke wout nou pase a chaje ak leson pou Ayiti e pou le mond antye. Asanble Jeneral la fè yon akò pou sipòte nouvo plan sa pou elimine kolera ann Ayiti, men mwen pap janm bliye ki kote travay la te kòmanse e kontinye fèt. Nan vwayaj m ap kontinye fè toupatou ann Ayiti pou travay mwen antan ke chèchè sante ayisyen ak nan aktivite pèsonèl mwen, konesans ke avni Ayiti se nan men nou menm Ayisyen li chita ap toujou rete sèl deviz mwen.

 

 

Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comments are closed