Kòman Nou Pral Konbat Kolera Ann Ayiti Aprè Siklòn Matye

This post is also available in: English

Lapli t ap tonbe pandan machin nou an t ap fè wout pou vil Ench. Mwen menm avèk Kal t ap mennen yon ekip medsen ak lòt pwofesyonèl pou fè rechèch sou diferan aspè nan zafè epidemi Kolera a nan depatman Sant la. Pandan nou te sou wout la, nou pat ka wè pi lwen ke 5 mèt devan nou, poutèt gwo lapli ki t ap tonbe a. Mwen sonje, kèk jou avan sa, mwen te tande pale de yon siklòn Matye ki t ap fòme nan Atlantik la. Gwo lapli sa ki t ap tonbe nan Ba Plato a te ban m yon koudèy sou kalite dega anviwonmantal ak sante yon siklòn konsa ta pral fè nan peyi Dayiti. Strès mwen ogmante lè mwen sonje ke depatman sa se kote epidemi kolera a te frape pi fò e an premye depi sòlda MINUSTAH te pote maladi a nan peyi a.

Siklòn Matye, se plis nan zòn Sid la li fè dega, li afekte prèske 80% kay nan Jeremi nan Grandans. Pi fò bèt, rekòt, avèk dlo potab ale. Jan otorite yo te predi li a, ka kolera yo ogmante vit nan nan Sid la. Aprè rechèch mwen te sot fè nan Sant la, mwen gen kèk estrateji mwen ta renmen pwopoze pou ede nou konbat kolera aprè Siklòn Matye.

Entèvansyon sante piblik gen plis chans jwenn bon rezilta lè manm kominote ke nou pral sèvi a fè pati entèvansyon sa.

Premye bagay mwen aprann pandan vwayaj sa genyen pou wè avèk youn nan prensip debaz sèvis piblik. Lè n ap pran gwo desizyon sou entèvansyon sante piblik, nou gen plis chans jwenn bon rezilta lè manm kominote ke nou pral sèvi a fè pati entèvansyon sa. Sa vle di, moun ki atache a vil la, ki kenbe espwa pou yon demen miyò menm lè y ap fè fas a gwo obstak tankou sa Siklòn Matye sot kite dèyè l la. Daprè mwen, teknisyon dlo ak sanitasyon minisipal yo, ke yo rele TEPACC reprezante lide sa. Moun sa yo se rezidan nan vil kote yo ap sèvi yo. Anpil fwa, yo se inivèsitè oswa pwofesyonèl ki travay nan zòn lan, e yo responsab idantifye tout sous dlo e jere estrikti sanitasyon yo, menm nan zòn ki pi elwanye yo nan peyi a. TEPACC yo responsab asire ke dlo pi fò moun ap bwè a pwòp, e fè si ke travay pou netwaye poupou (travay bayakou) fèt byen.

Travayè sa yo konnen zòn kote yo travay yo byen. Pandan nou te Mibalè, Granden ak Kamo, TEPACC yo gide nou pou nou rive zòn elwanye, e yo te enfòme nou sou tout ti detay sou lavi nan zòn sa yo kote kolera kontinye fè ravaj depi 6 lane. Efò pou konbat kolera yo t ap fè plis efè si travayè sa yo te jwenn plis sipò ak ekipman ke yo pa genyen konya tankou : moto pou yo ka rive nan zòn ki elwanye e ki pa gen bon wout, òdinatè avèk telefòn selilè pou fasilite kominikasyon. Aprè Siklòn Matye, paske anpil sistèm pirifikasyon dlo yo detwi, li enpòtan pou nou ofri travayè TEPACC yo plis resous.

Fòk nou kontinye konsantre sou zòn kote kolera te deja ap fè dega anvan siklòn lan, menm si Siklòn Matye pa te tèlman afekte zòn sa yo.

Sitiyasyon epidemi kolera nan Depatman Sant lan montre aklè vilnerabilite kèk rejyon kote kolera pèsiste depi an 2010 ann Ayiti. Se vre, inondasyon yo kontamine sous dlo nan Sid yo, ki vin koze plis ke 400 ka kolera ki poko konfime jodiya. Malgre sa, fòk nou kontinye konsantre sou zòn kote kolera te deja ap fè dega anvan siklòn lan tankou rejyon nan Nò, Sant, Latibonit ak Lwès, menm si Siklòn Matye pa te tèlman afekte zòn sa yo. Rechèch montre zòn sa yo kote kolera ap pèsiste depi an 2010 yo ka lakòz kantite ka yo remonte nan peyi a nan sezon lapli a, paske transmisyon maladi a pèsiste menm nan sezon sèk la. Lè ou wè ka kolera yo ogmante konsa, tankou sa k ap pase nan vil Randel nan sid konya (kote kolera te prezan menm anvan siklòn lan) se paske kolera andire nan peyi Dayiti depi 6 lane. Sa vle di, sou tèt risk Siklòn Matye ajoute nan sitiyasyon kolera sa, zòn sa yo kote maladi a te deja ap fè dega anvan siklòn lan toujou reprezante yon gwo danje e bezwen anpil atansyon pou elimine kolera nan peyi a.

Vilnerabilite zòn ki te deja arisk  pou kolera yo pa desann aprè Matye, e zòn sa yo ta dwe fè pati rekonstriksyon sistèm dlo e pwoteksyon sous dlo ki pral fèt konya yo. Nan Mibalè, mwen vizite yon sant trètman kolera kote te genyen yon santèn ka nan sèlman twa dènye jou anvan mwen te vizite yo. Gen yon ofisye nan yon ONG ki ap travay nan konbat kolera nan zòn lan ki raple mwen ke epidemi a t ap ravaje nan zòn sa yo byen anvan Matye te pase. Fòk nou pa bliye sa.

Aspè edikasyon an enpòtan anpil paske anpil moun rete kwè ke “se nan lè a kolera a ye.”

Nan yon sitiyasyon konsa, mwen pa dakò avèk anpil nan kòlèg mwen yo ki pa wè enpòtans vaksen kolera a, yo kwè ke vaksen an se yon gaspiyaj tan, lajan ak enèji. Men OMS (Oganizasyon Mondyal pou Sante) pwomèt yon milyon vaksen bay Ayiti, e 500.000 moun ka benefisye de vaksen sa yo. Se vre, vakine moun paka rezoud pwoblèm kolera a nèt, men sa ka ede nou konsève tan ak resous pandan n ap konsantre sou ranfòse kapasite nou pou nou reponn a nouvo ka, ogmante disponibilite dlo potab avèk sanitasyon, epi edike popilasyon ki arisk espesyalman aprè yon katastwòf tankou Matye. Aspè edikasyon an enpòtan anpil paske anpil moun rete kwè ke “se nan lè a kolera a ye.” Se konsa yon mesye di nou pawòl sa, jis avan li plonje san krènt nan Rivyè Latibonit la ki plen salte ki sot nan mache a, prizon an ak labatwa a.

Pwoblèm Siklòn Matye kite dèyè yo poko prèt pou rezoud. Defi ki devan nou yo pou rive elimine kolera anvan lane 2022 yo anpil. Selon eksperyans mwen nan rechèch mwen fè nan depatman Sant lan sèlman, mwen ka di nou ka jwenn anpil benefis si nou ranfòse wòl travayè TEPACC yo, pou nou asire sivèyans ki djanm nan zòn kote kolera tap ravaje anvan siklòn lan, epi pou nou pwofite de moman sa pou nou vaksine moun pou evite plis enfeksyon. Tach la lou, men konya pa yon tan pou nou dekouraje ni pou nou fè parese. Se vre, pou tèt Siklòn Matye Ayiti fè back, men li ofri nou yon opòtinite pou nou pouse Ayiti devan pou nou fè bon jan pwogrè dirab.

Photo credit: Etant Dupain

kombitproductions.com
Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comments are closed