Fristrasyon Yon Jèn Ayisyen Ki Refize Vote Nan Eleksyon

This post is also available in: English

“Di Mwen” se yon emisyon radyo sou entènèt ki dedye a pataje istwa ayisyen nan yon fason ki onèt e pèsonèl. Sa se twazyèm pati yon seri ki rele “Haiti Election, WTF?!” kote emisyon “Di Mwen” an ap kouvri diferan pèspektif sitwayen ayisyen genuyen sou eleksyon prezidansyèl 9 Oktòb 2016 yo. Seymour Billy se yon jèn etidyan ayisyen ki refize patisipe nan eleksyon k ap vini yo. Sa se yon entèvyou kote misye eksplike poukisa li pran desizyon sa. 

“Se pa mwen ki chwazi pa vote. Yo fè m pa vote.”

Selon Enstiiti Demokrasi ak Asistans Elektoral, kantite elektè ki deside patisipe nan eleksyon ann ayiti vin pi ba chak sezon eleksyon depi lane 2000. An 2015, plis ke 80 % elektè ki gen kat elektoral pa te menm patisipe nan premye tou eleksyon yo. Seymour Billy Windley fè pati moun sa yo.

Se vre, ou te ka panse ke pou yon moun tankou Seymour ki se yon etidyan antwopoloji ak sosyoloji nan Pòtoprens, vote nan eleksyon se t ap yon chwa otomatik. Men pou jèn gason 28 lane sa a, li deja pèdi konfyans nan sistèm elektoral la paske li poko janm wè chanjman. E dapre misye, anyen pap janm chanje. Seymour kwè ke sistèm lan fòse moun tankou li pa vote, “Se pa mwen ki chwazi pa vote. Yo fè m pa vote.”

Ane pase eleksyon an te tankou yon kanaval. Seymour te deja predi ke eleksyon prezidansyèl 2015 lan pa ta pral fèt vre, e li te gen rezon. Te gen 54 kandida pou prezidan, malgre sa Ayiti vin jwenn li an 2016 avèk yon prezidan pwovizwa, Jocelerme Privert, ke la chanm enstale.

“Pa pale m de sitwayènte lè gen eleksyon pandan ke 4 an anvan yo ou pa janm wè m kòm sitwayen, ou pa janm wè m kòm moun.”

Ou ka di ke dwa pou vote se sa ki fè diferans ant yon demokrasi avèk lòt sistèm gouvènman yo. Sou sijè sa, Seymour di : “Mwen pa renmen lè politisyen ap fè sitwayen kwè ke vote se dwa sivil politik yo pandan ke yo bafwe dwa sivil, dwa ekonomik yo.” Anvan eleksyon 2015 la, nan anpil katye ou te ka jwenn gwo kamyon ki ap fè anons byen fò pou ankouraje moun al vote. Seymour pa dakò bagay sa, “Pa pale m de sitwayènte lè gen eleksyon pandan ke 4 an anvan yo ou pa janm wè m kòm sitwayen, ou pa janm wè m kòm moun.” Ann Ayiti bagay de baz tankou sante, kote pou rete, dlo potab ak egalite ant sèks yo pa menm disponib pou tout popilasyon an. Nou pa ta dwe sezi lè pi fò moun deside pa al vote.

Malgre tout sa, kominote entènasyonal la te sèvi kòm esponnsò pou eleksyon 2015 yo. Yo deklare objektif sipò yo se pou ranfòse gouvènman ayisyen an. Fon pou eleksyon yo soti Ozetazini, Kanada, Inyon Ewopeyen, Japon, Brezil, Trinidad ak Ajantin. Ozetazini li menm te bay 33 milyon dola. Lajan gaspiye.

Petèt lajan sa t ap pi byen depanse si yo te itilize fon sa yo pou ofri plis resous pou lajenès peyi a. Seymour panse pwogrè peyi a chita sou lajenès. 70% nan popilasyon ayisyen genyen mwens ke 29 lane, yon gwo kantite nan gwoup sa pa konn li e nan chomaj. Menm lè yon moun jwenn chans jwenn yon edikasyon, avanse nan sosyete a difisil san marenn ou parenn oswa ou san yon fanmi ki gen non ak kontak. Seymour se yon viktim sitiyasyon sila a ki pa janm chanje. Misye ap travay sou tèz li nan moman an, e li sispèk ke rezon li poko ka jwenn yon pwofesè pou sèvi kòm konseye se paske li pa soti nan youn nan bon fanmi sa yo.  Sa ki pi mal la, Seymour abitye tande moun di “Sa lekòl vo ? Sa inivèsite vo ? Martelly pa te lekòl men li te rive vin prezidan.” Michel Martelly (Sweet Micky) pa te ale inivèsite, men li te rive genyen nan eleksyon pou prezidan (se vre genyen ki di ke se kominote entènasyonal la ki chwazi Martelly epi mete li sou pouvwa, pa pèp la.)

Manke modèl ak opòtinite nan peyi a, sèl solisyon ki genyen pou anpil moun se kite Ayiti. “Si ou renmen peyi a, kite l.” Se konsèy sa Seymour resevwa nan men plizyè moun. Toupatou nan lemond, Ayisyen ap etidye, travay pou fè lajan, e ap itilize konpetans yo pou ede lòt peyi. Yon jou, Seymour yon jèn entèlektyèl ki ap evolye, ka byen fè pati de kominote sa a.

Ki moun ki ka blame Seymour si li kite Ayiti?

Majorite minis, prezidan, ki kote timoun yo ap viv ? Majorite pitit yo, lòt bò yo kite yo. Paske [Ayiti] pa gen anyen.” Seymour di pawòl sa avèk yon ton anmè. Elit ak lidè ayisyen yo evite afwonte anpil nan konsekans move gouvènans yo paske pitit yo pa la, pitit yo an sekirite nan lòt peyi. Yo ka monte avyon lè bagay yo myèl. Moun ki rete dèyè yo oblije viv move konsekans aksyon lidè sa yo. Eske se pa fòt lidè yo ki fè dwa moun pa respekte? Oswa èske se pèp ayisyen an pou nou blame ki pa fè lidè yo fè fas a responsabilite yo? Eske se kominote entènasyonal la ki responsab  fonde ak benefisye de yon leta ayisyen ki pa mache ? Oswa èske se fòt Seymour paske li pèdi konfyans nan pwosesis demokratik la ?

Dapre Seymour, demokrasi fè plis mal ke byen ann Ayiti. Manifestasyon, dappiyanp nan eleksyon, piyaj, lekòl ak travay fenmen, avèk ensekirite komen anpil nan sezon eleksyon. Demokrasi poko janm ka ralanti koripsyon sa, sa vin rann Seymour san lòt opsyon.

Sitiyasyon Ayiti a lakòz anpil emosyon ak pale anpil. Pou anpil moun, yon nostalji pou epòk rejim Duvalier yo. Yon rejim ki te anprizone e tiye moun ki te pale kont leta. Sou Duvalier, moun tankou Seymour pat ap ka osi onèt avèk nou apwopo de kisa li panse de leta. Li posib ke libète pou pale sou sa ou kwè se sèl eleman pozitif demokrasi entwodui ann Ayiti.

Daprè Seymour, plis rechèch ta dwe fèt pou jwenn yon sistèm dirab pou Ayiti. Misye pwopoze yon lòt modèl, yon bagay konplètman diferan de sa Ayiti eseye deja yo. Kisa modèl sa ta sanble, misye di pa gen moun ki poko ka imajine sa. Men yon bagay klè : Bagay yo dwe chanje. Toutotan sa poko fèt, Seymour konkli, pap gen anpil espwa.

Ou ka tande rès entèvyou Seymour la sou “Di Mwen.”  

Jessica Bodiford

Jessica Bodiford is a Haitian-American living in Haiti. She is an Educational Entertainment consultant and the producer of Di Mwen, a podcast dedicated to sharing Haiti life as told by Haitian people.

No Comments Yet

Comment on this article