Peyi Blan Pa Pou Mwen (Pati Nimewo 2) : Desizyon An

This post is also available in: English

Sa se dezyèm pati seri “Peyi Blan Pa Pou mwen” an, ki rakonte istwa yon jèn fanm ki deside kite New York pou tounen Ayiti. Nan pòs sa, nou wè pwosesis manmzèl te pran pou li rive nan desizyon sa. Klike la pou li premye pati a.

Eske mwen ap fè sa vre? Eske mwen ka tounen Ayiti? Mwen konnen ke mwen vrèman vle sa, men eske li lojik? Eske li ka fèt? Mwen pran desizyon tounen lakay, men kounye a mwen oblije rale ti chèz ba mwen pou mwen konpare bon kote ak move kote nan zafè demenaje vin Ayiti a. Travay sa a plis nan retire nan move kote yo paske pwen negatif yo ta sanble soti tout kote.

Pi gwo pwoblèm jiska kounye a se sante mwen. Mwen soufri asm ak de seri de alèji ki grav anpil. Kèk fwa, ri mwen ri twòp ka fè m kòmanse touse epi pèdi souf jis pou m toufe. Sant fò ak sant sigarèt se satan yo ye pou mwen tou. Kidonk, kijan pou mwen tounen nan yon peyi kote boule kawotchou ak fatra fè pati bagay nou ap respire tout la sent jounen? Mwen pa te ka sispann panse a G-Bobby Bonflo, yon rapè ayisyen ki te gen anpil popilarite ke yon kriz asm tiye pandan ke li gen doktè ak enfimyè sou kote li, an 2011.  Istwa sa a fè mwen pè anpil. Yo te tèlman pran tan pou ba li swen nan lopital la ke yo pa te kapab sove li. Yon lòt bò, papa mwen mouri fè yon kriz kadyak nan lopital Etazini devan doktè ak enfimyè menm jan an.

Mwen mande tèt mwen ki moun mwen ap gen ann Ayiti. Mwen pa gen baz mwen lakay. Wi, mwen gen youn ou de zanmi ak kèk fanmi lwen, men manman m ak frè m yo, bon zanmi m tout nèt ann Amerik. Mwen se pi piti timoun lan pami 4 pitit papa mwen yo, e mwen se sèl fanm. Kidonk yo te toujou dòlote m ak gate m. Se sèl rezon ki fè mwen pa janm nan mache prese pou mwen vin endepandan. Men ki nivo endepandans mwen ka bay tèt mwen? Endepandan se yon bèl bagay men mwen toujou ap bay tèt mwen pwoblèm sou ti fil ki gen ant endepandan ak solitid. Ki moun ki pral kanbe avè m si yon bagay mal pase? Ki moun ki pral kouri lopital avè m si alèji m yo pran m? Mwen sèten se pa granpè m ki deja malad. Eske moun ke m ap viv avè l yo oubyen asosye nan biznis mwen ap sifi? Jan pawòl la di: vwazinaj se dra blan.

Yon zanmi mwen mande m pandan n ap bay blag sou eleksyon ameriken yo: “kisa w ap fè si Trump genyen?” Repons ki pi rapid nan tèt mwen pou m ta di se m p ap rete la menm pou m ta konnen. Jan nouvèl sou jan eleksyon ameriken yo ap dewoule tèlman ridikil ke li vin tounen yon gwo faktè sou desizyon mwen an. Mwen pa di ke eleksyon ann Ayiti yo pi bon  lè nou gen 50 mil kandida, yon ekip reta, yon pil magouy ak peyi cho. Tire moun. kidnaping , tout bagay sa yo fè tèt mwen cho. Men tire moun fèt tou Ozetazini chak jou. Yon bal mawon ka tiye w ann Ayiti, polisye ka tiye w Ozetazini. Yon jèn fi yo te kidnape, toupizi epi touye ann Ayiti nan menm moman an yon fi nwa mouri nan gadavi Ozetazini, Nan tou de ka yo, jistis poko janm fèt (e siman li p ap janm fèt). Tiye moun pa pil ak pa pakèt fèt Ozetazizni, an Frans, ann Ayiti ak tout lòt kote. Jan Djakout di li a: pa gen pwoblèm ki pi dous pase pwoblèm. Si mwen riske lavi m kèlkeswa kote mwen ale a, mwen panse mwen ka pran chans mwen pito nan peyi m. Epi tou, se kote mwen te pi kontan.

Gendwa se yon dezilisyon wi lè mwen di ke Ayiti se la kè mwen te pi kontan. Ayiti se dènye kote ke tout fanmi mwen te konplè epi te ansanm, petèt li se sa paske mwen te yon timoun san responsabilite lè mwen te ap viv la. Lavi ann Ayiti te vreman bon pou mwen. Men kounye a ke mwen vin granmoun kè kontan mwen paka chita sèlma sou fanmi mwen. Manman mwen p ap ban mwen ni machin ni lajan gaz, mwen paka al jwenn papa m lè sa pa bon. Sa pral yon lòt nivo nan endepandans mwen melanje ak solitid. Men mwen deja ap okipe tèt mwen kounya, mwen sèlman dwe fè sa mwen ap fè Ozetazini an lakay kounye a. Si mwen ka konstwi isit, mwen ka konstwi li nenpòt ki kote. Gen siksè Ayiti gen plis pwa pou mwen ke si se Ozetazini.

An fen de kont, mwen pè lè mwen tounen pou mwen rann mwen kont menm jan ak manman mwen ke tout bagay diferan epi pou mwen oblije tounen ak ti ke n nan mitan janm mwen. Mwe pè ke mwen ap chache yon reyalite ki egziste sèlman nan memwa mwen. Pandan tout pwosedi sila a, chak fwa yon pwen negatif vini kit mwen te ka efase l ou pa desizyon mwen an toujou la. Mwen ap tounen nan peyi m, e mwen kontan anpil. Wi, mwen deside. M ap tounen lakay mwen. Kounye a rete m pou mwen jwenn kijan pou mwen anonse manman mwen sa…

No Comments Yet

Comments are closed