Lanmou “Tu Voudras”

… nan lavi, tout bagay ki bèl, toujou gen yon lòt move kote …

Lanmou an jeneral se pi bèl riches, pi bèl kado ke lanati ka pèmèt yon moun gen chans dekouvri nan lavi l. Lanmou ant de moun ki deside fè yon wout ansanm se yon bagay espesyal. Lè 2 patnè ki gen konfyans nan santiman yo, kap gade nan menm direksyon, e ki gen chans kwaze nan menm chimen deside mache ansanm, lè sa lanmou bèl. Lanmou sila chita sou konpreyansyon, padon ak anpil lot sakrifis nan mitan moun sa yo ki deside kouwè kokot ak Figaro pa viv younn san lòt.

Men nan lavi, tout bagay ki bèl, toujou gen yon lòt move kote. Tout moun pa konprann lanmou menm jan. Genyen ki pa menm kwè nan li, gen lòt ki pran woulib sou do l pou eksplwate ak bay manti, gen yon dènye kategori ki pran l pou jwèt, ki pa ba l ankenn valè, ni konprann sa yon moun ka santi pou yo. Si pou de moun k ap gade nan menm direksyon lanmou bèl, pou de moun depaman ki pa gen menm dimansyon santiman, li lèd anpil. Se tristès, plenyen, desepsyon elatriye ki toujou karakterize yon istwa konsa e souvan imilyasyon konn reveye lògèy  patnè ki blese a nan pwen pou fè olye li admèt echèk li e mache pòs li,  li al chache sa ki ka fè relasyon an vinn jan li vle a, oubyen fè moun ki t ap fè li soufri a fè on kout soufri tou.

Fenomèn « Tu Voudras » se maji senp ki pa vrèman bezwen prezans Mambo oubyen Ougan poul egzekite. Se resèt ki plis transmèt de fanm ak fanm depi plizyè jenerasyon. Nan kilti pa nou se fanm plis ki itilize cham sila pou kenbe yon nèg kap fè l soufri nan lanmou, oubyen ke li pa fin gen asirans sou santiman li. Cham sila sipoze fè gason mache, vinn dou kou ti bebe e pèmèt fanm lan kòmande. Men sitou nèg la vinn vle relasyon sa plis, dayè se sou baz sa yo ba li non « Tu Voudra » ki vle di ‘Ou pral Vle’ nan bon kreyol.

Tu Voudras vini an plizyè fòm. Kèk egzanp se lè fanm itilize bagay tankou dlo twalèt de ba oswa kilòt nan manje oubyen ji nonm lan pou chame li. Nan kilti nou, sa rive souvan depi yon ti gason fin fèt, manman li fè remèd pou li depi li piti pou li pa pran nan pratik sa yo e viktim de cham.

Gason, pou pran fanm itilize metòd ki pi konplike toujou pami yo nou ka site fenomèn ”Klete devan” ki se yon rityèl ki fèt nan kay mystik ki anpeche fi a al nan relasyon fe bagay ak lot gason. Gen kòm lòt egzanp pou gason koze “pafen monte” an. Ki ka fè yon fanm tonbe depi li pran sant li. Oubyen yo konn mache ak mouchwa monte dèyè poch pou ba yo chans e rale fanm sou yo.

Relasyon ki rete gras ak maji senp sa yo pa janm dire pi devan, paske plis moun nan chame se toujou plis moun ki fin chame l la vin kòmanse pa gen menm santiman an pou li ankò. Anpil fwa cham sa yo konn lakòz anpil foli paske fin fè yon patnè  mache  se youn, kounyea pa vle li ni renmen li ankò e vle kite a se yon lòt. Anpil fwa li pa vle ale.

An nou toujou travay pou lanmou ret bèl san imilyasyon ni « Tu Voudras » pou pèsòn. Tout bagay la chita sou respekte prensip la ki se : pa fè pèsonn santi ou ap itilize li ni abize li sou do lanmou. Chwazi moun nou renmen tout bon. Pa pwoche moun nou pa renmen vre. Renmen ak nanm pou nou evite dezagreman.

Sophia Fecu

Sophiphie se on mambo-makout, on eritaj ke Grann li kite pou li ak on bitasyon nan vil Leyogan. Li ap dirije Biznis li ki rele BTS (Bossou Technical Services) kel fonde depi 4 lane ki ofri sevis entretyen nan jeneratris.

No Comments Yet

Comments are closed