Sak Fèt Nan Carimi: Fanatik K ap Pataje Pi Bèl Souvni Carimi Yo

This post is also available in: English

Aprè 15 lane bèl mizik, bèl bal ak bèl souvni, CaRiMi kraze. Sa gen kèk jou depi anons lan tonbe, e poko gen pèsòn ki vin di nou ke nouvèl la se te yon vye blag oswa yon erè, sanble fwa sa se pou tout bon. Nouvèl sa bay doulè paske nan lavi anpil moun, mizik Carimi se tankou mizik nan sinema ki ap jwe anba anba nan sèn lavi yo pandan bèl moman entim, sware plezi ak zanmi, e menm nan moman difisil prive nou. Nou mande fanatik pataje pi bèl souvni yo gen ak CaRiMi. An nou vwayaje ansanm, e sonje 15 lane Konpa en 3 dimensions sa yo, Ca…Ri…Mi :

1. Por Favor

Nou te gen 12 lane. Paran mwen pa te konn kite m soti souvan, men sware sa a yo te resi ban m pèmisyon ale nan on ti fèt. Mwen avèk misye te zanmi depi nou te piti, nou tou de renmen lòt men okèn nan nou 2 a konn sa. Pandan nou nan fèt la, “Player” kòmanse jwe. Misye te timid anpil, men li jwenn kouraj pou li mande m danse, e mwen te twò kontan di wi. Nan moman sa, mwen pa te konnen ke misye t ap premye lanmou mwen. Nan moman sa, nou pa te konnen ke 13 lane pita, nou t ap ansanm toujou. Nan moman sa, nou pa te konnen ke premye dans nan mizik Carimi sa t ap youn nan pi bèl souvni nou ansanm.

– Cynthia


2. Are You Ready? 

Carimi t ap jwe nan Zenith, 8 Me 2010. Mwen sonje sa trè byen. Mwen se te youn nan sèl jounalis ayisyen Carimi te envite vin kouvri evènman an avèk yo. Mwen fè vwayaj la de Ayiti a Pari. Mwen akonpanye mesye yo nan entèvyou pwomosyonèl mesye yo t ap fè, e mwen te enpresyone pou m te wè tout sa gwoup la te vle di, e tout sa gwoup la te vo. Mesye yo fè cho a, mwen wè Carimi ki ap jwe 2 zèd tan, san kanpe. Depi sou premye nòt la, mesye yo anflame le Zenith. Se te yon konsè salle comble. Pou mwen sa te etonan paske mwen potko konnen Carimi te gen tout valè sa. Se vre, mwen te konnen yo te di gwoup la te on gwoup ki rive lwen, e ki pote mizik ayisyen an lwen. Men mwen te panse yo te jis yon gwoup ki te toujou jwenn chans jwenn pwomotè pwograme yo. Men gade yo k ap fenmen Le Zenith poukont yo se te yon lòt bagay. E mwen kontan ke mwen viv evènman sa avèk yo. Si yon moun konnen sa Carimi fè Le Zenith, ou ka konprann nan ki dimansyon gwoup lan te ye paske pa gen anpil gwoup ayisyen ki ka fè sa Carimi te fè nan Zenith jou swa sa a.

                                                                                                                                            – Carel


3. Se La M Pwale

Nou te ale nan yon bal Carimi an 2013, premye bal nou ansanm pandan misye t ap file m toujou. Nan “Cheri Fè M Kado W”, nou bo pou premye fwa. Nou te soti ansanm de fwa anvan bal sa, e bo sa fè nou vin ofisyèl. Prèske 4 lane pita, nou la toujou.

                                                                                                                                           – Lynn


4. Buzz

Youn nan pi bon souvni m ak CARIMI, se te New York, 3 jiyè 2014. Mwen kite Montreal bonè pou m pa rate bal sa, epi mwen malad depim matin. Lafyèv, tèt fè mal, vomisman. Mwen paka kenbe kò m. Zanmi m ki t ap al avèk mwen yo di nou pap ale ankò paske m te twò malad. Mwen fache! M di mwen prale e ke mwen fè mye. Pandan se tan, tèt fè mal la tankou on mato k ap frape nan tèt mwen, e mwen pa santi m byen. Men mwen telman bezwen al nan bal la, ‘m fòse tèt mwen souri e chak fwa yo mande m ” comment tu te sens?” Mwen di “ca va beaucoup mieux.” Sèl Bondye avè m ki te konn doulè m. Mwen pran al kouche depi 5è pou yo ka bliye mwen malad. Kou li fè 9è mwen gentan pare pou m ale. Tout moun sezi men yo pa di anyen. Sou wout la, mwen fè kanpe machin lan, mwen rann tout fyèl mwen. Yo di y ap kase tèt tounen, mwen di “NON!” Kòmsi mwen te konen! Mwen annik mete pye m anndan sal bal la, kè kontan fè tet fè mal la ale. Mwen salye tout ti msye djaz yo, bay kèk blag ak Michael ak Carlo, epi m kòmanse anfòm. Letan pou djaz la kòmanse jwe mwen te gentan geri nèt. Mwen pap janm bliye sware sa, kote mwen te tèlman swaf tande djaz la ke menm maladi pat bloke m!

                                                                                                                                    – Aurelie


5. Chòv

Lè mizik “Fè M Kado W” la te fèk soti, menaj mwen a lepòk (misye pat ayisyen) mande m tradwi e eksplike mizik la pou li. Mwen pa te pale angle byen lè sa, men mwen te twò kontan tradui mizik la pou misye. Misye di m li renmen mizik la anpil.

Kèk tan pita, mwen vin dekouvri ke misye te renmen ak yon lòt tifi ayisyen an menm tan. Misye ale, li dedye “Fè M Kado W” ba manmzèl, e li resite pawòl mwen te tradwi pou li yo ba lòt menaj li a. Se bon zanmi misye ki avwe m sa kèk mwa pita, zanmi an te renmen m e li pat renmen lòt ti dam la. Mwen pat ka sipòte tande mizik sa pandan on bon tan, se lòt jou mwen tande mizik la ankò e mwen rejwenn apresyasyon mwen te gen pou li.

                                                                                                                                      – Melissa


6. Nasty Biznis

Sware bal, sware plezi. Yon ti nostalji monte m lè m ap pale de bal gradiyasyon mwen an 2007. Se te premye fwa ke CARIMI te deside jwe pou yon pwomosyon filo, TERMINAL PERFECT, Collège Canado Haiïtien.

Papa mwen te ban m machin lan jou sa a pou mwen te ka al fete reyisit mwen. Gran frè m pran machin lan men li pote l 2 zèd tan anvan mwen prale nan bal la. Mwen mete chemiz blan, kravat epi m pase palto m, epi mwen met deyò san m pa gad wotè gaz la. Se frechè n ap veye jou swa sa a. Premye sa m fè, m pase pran Christopher sou wout Boudon an, aprè sa m kase tèt monte Petyonvil, epi machin pran pàn gaz ! Nou te gen 2 chwa : se swa nou lage sou woulib rive nan yon ponp pi ba a, oubyen nou kanpe rete tann frè m vin chache nou. Nou pito lage sou woulib rive nan ponp sou Lali a. Ponp gaz fenmen. Lapolis kanpe nou pou li enspekte, men erezman se te yon zanmi fanmi an tout bagay pase byen vit. Nou lage pou ponp nan kafou tifou a kote n resi jwenn gaz la. Kapvoum gaz kole pou Le Florville, men anvan fòk m pase Tomasen 32 pou m al chache bèl ti kòkòt la ki te gen yon bèl rad nwa sou li ak yon chapo tankou nenpòt sta Oliwoud yo. Fòk m di nou ke mwen tonbe nan yon twou anvan m rive kay ti cheri a. tout nèg oblije desann machin lan pou pouse l. Erezman se te yon zo reken. Apre tout peripesi sa yo, nou rive Le Florville kote tout baz zanmi nou te la byen bèl, byen fre. M ap antre nan bal la kou yon pan ak kavalyè mwen ki te deja pi gran pase m ke tout moun ap gade. AHHH si si sèlman Florville te ka pale, li t ap di wi sa l te wè nan sware sa a. Kote lanmou kache, I wanna be, ne t’en vas pas… sa se nostalji pa mwen.

                                                                                                                                      – Etienne


7. Chagren Kriminèl

Menaj mwen te nan prizon, mwen te pral pèdi apateman mwen, mwen te fèk pèdi travay mwen tou. Mwen pa te konnen ki kote pou m ale, oswa kisa pou mwen fè ak lavi mwen. Mwen te poukont mwen, e mwen te santi m dezespere. Mwen sonje mwen tande “Chagren Kriminèl” e mwen te jwenn tèt mwen nan pawòl mizik sa pou plizyè rezon. Mizik sa ede m pase move moman sa. “Je mwen pè louvri pou li gade lòt sous lanmou ki pou nouri kè m. M ap evite yon chagren, yon chagren kriminèl.” Jis jodiya, mwen gen chèdepoul ki monte lè m tande pawòl sa yo.

Ava


8. Bò Kote W

Mwen te ale nan yon bal ak yon ti kòkòt. Se te Akoustik, Carimi 2 janvye La Reserve. Se te premye bal/deyt mwen te ale ak yon ti kòkòt. Li te gen yon bèl ti wòb somon sou li. Akoustik fin kraze sa epi Carimi monte. Ou wè vayb la chanje. Pat gen afè ponpe ankò. Se pran moun ou epi chèche yon jan pou ou danse. Pis dans lan foul. Se lè sa pou ou wè si ou konn danse vre. Se lè sa pou ou konnen si santi bon pou ou byen peze ploge. Si memwa mwen bon m kwè yo te jwe “Wanna Be” ki se mizik gwoup la mwen pi renmen. Lè sa 2 zyem fèmen m santi mwen nan yon lòt mond. Yon mond kote se mwen sèl ak li ki la.
Se youn nan pi bèl nwit m kwè m pase ak yon moun nan yon pwogram. Malerezman moun sa pa la ankò. Mèsi Carimi pou sa w te fè nou viv jou swa sa.

                                                                                                                                     – Anonim


Menm si nou chagren, kè nou plen rekonesans tou. Mèsi Carimi pou bèl souvni sa yo, e nou swete ke nou chak jwenn kè poze nou ap chache a nan lavi sa.

 

Photo via: Carimi Nation

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed