Peyi Blan An Pa Pou Mwen (Pati Nimewo 1)

This post is also available in: English

Sa se premye pati istwa yon jèn fanm Ayisyen ki rete Ozetazini, e chwa li fè pou li retounen nan peyi li. Istwa ak seri sa pral kontinye nan blog ki rele  wongolotounen.blogspot.com (Twitter: @wongolotounen).

Peyi Blan Pa Pou Mwen

Pati Nimewo 1

Peyi blan an pa pou mwen, m ap tounen nan peyi m. 

Peyi blan an pa pou mwen, m ap tounen nan peyi m. Manman m te konn repete pawòl sa tout tan depi jou nou premye vin Ozetazini sot Ayiti. Li te konn di mwen ak frè m sa chak fwa li te genyen pou li leve bonè pou li al nan travay li rayi a (manmzèl te yon enfimyè). Li te konn repete pawòl sa a lè li te konn tounen lakay byen ta nan aswè paske bis pou mennen l lakay la te anreta. “Nan peyi m m gen 3 machinn ki ap manje pousyè ki ap tann mwen.” Li te menm konn babye pawòl la pandan lapriyè li yo, ak chak fwa li tande nouvèl sou lapolis ameriken k ap fè vyolans sou sitwayen.

Pandan ane yo, jan mwen ak frè mwen te reyaji lè manman m te vle tounen Ayiti ak tout fòs li te varye. Anvan nou pa te dakò ditou, aprè sa nou ezite men nou fini dakò, e aprè on ti tan ankò pawòl sa pa te fè nou ni cho ni frèt. Manman m tèlman repete pawòl la, nou pa te pran li o serye ankò. Rezon ki te fè nou pa te dakò lè nou te premye tande pawòl sa yo nan bouch manman nou se te paske nou te fèk pèdi papa nou. Frè mwen avè m pa te vle aksepte viv san tou de paran nou. Men avèk tan nou vin reyalize ke rete Ozetazini te rann lavi manman nou mizerab, pou jan kè li te kontan chak fwa li te tounen Ayiti pou yon ti vizit. Lè nou vin rann nou kont de sa, pwochenn fwa manmzèl prezante nou ak on plan pou li tounen Ayiti, nou te sipòte desizyon li. Se vre, manman m resi tounen Ayiti. Men li tounen aprè yon mwa sèlman, li deklare ke li te sonje nou twòp. Twòp bagay te chanje, e lavi ann Ayiti san papa m te twò difisil.

Jan m sot di l la, rete isit pa te nan plan nou. Mwen ak fanmi mwen te panse se kèk semèn sèlman nou ta pral vin fè. Papa mwen te malad, e li te bezwen swen lopital. Doktè li ann Ayiti te konseye misye pati al pran swen Ozetazini. Mwen menm ki te pwòch papa m anpil, mwen te refize rete Ayiti san paran mwen. Pou fè m plezi, manman m desann lekòl mwen pale ak Sè Marie Rose, direktris College Saint-Louis Bourdon a lepòk, epi yo devize yon plan ki t ap pèmèt mwen travay a distans pou mwen pa te rate twòp lè nou tounen. Men nou pa janm tounen. Premye pwoblèm nou kontre isit se pwoblèm asirans, papa m pa te gen asirans isit. Nou te gen de chwa : peye tout lajan swen an kach, oswa fè yon aplikasyon ki t ap dire plis tan pou papa mwen resevwa Medicare. Nou te deside fè pwosesis ki pi long lan. Se konsa, yon vwayaj ki te sipoze dire on mwa kòmanse trennen pou plis tan.

Anvan m bat je m, mwen gentan kòmanse lekòl Ozetazini. Diferans kiltirèl la te choke mwen anpil, men mwen fè tout sa m kapab pou m ka ajiste m. Manman m ak papa m te deja gen twòp pou lwa nan tèt yo pou mwen ta va ba yo plis pwoblèm. Anvan sa, mwen te toujou yon moun ki te renmen gen kontak ak moun, men mwen vin tounen on moun ki fèmen. Mwen te toujou rete kache dèyè liv mwen yo, e mwen pa te enterese nan fè nouvo zanmi. Mwen te deja gen gwoup zanmi mwen Ayiti, e mwen te pale  avèk yo prèske chak jou sou entènèt. Aprè yon ti tan, maladi papa mwen te vin estab, e doktè yo te di pa te gen rezon pou yo opere ankò. Se konsa, nou deside pou nou tounen Ayiti. Finalman! Mwen te twò kontan!

Menm nwit nou fin deside nou pral tounen Ayiti a, san kòmanse koule nan nen papa mwen, e nou oblije kouri ale lopital avèk li. Menm kalite nen senyen ki te konn rive misye lè nou te Ayiti. Menm nen senyen ki bay kè sote sa ki te fè doktè dekouvri yon timè nan sèvo li. Menm vye nen senyen sa ki te sispann vini lè nou te rive New York. Wi, nen senyen sa te tounen. Menm nen senyen fè nou bay vwayaj pou tounen Ayiti a vag. Menm nen senyen sa fè yo fè operasyon sou papa m nan Lopital King’s County kote li mouri yon semèn aprè malgre doktè yo te deklare operasyon an te byen pase.

Sa se tout bagay ki ap pase nan tèt mwen aswè a pandan mwen kouche nan kabann mwen, sis lanne depi nou te fèk rive nan peyi damerik. Depi lò, mwen fini segondè, mwen gradye inivèsite ak lisans mwen, e mwen kòmanse karyè profesyonèl mwen. Pandan m ap panse avèk tout sa mwen fin akonpli malgre mwen pa te vle vini isit, e malgre mwen rayi Peyi Blan an, mwen finalman pran yon desizyon sou yon kesyon ki ap fè tolalito nan tèt mwen depi tout lane sa yo. Mwen finalman admèt, e pa menm jan ak manman m, mwen admèt pou tout bon : Peyi Blan an pa pou mwen. M ap tounen nan peyi m.

No Comments Yet

Comments are closed