Mwen Fè Yon Ti Chita Pale Avèk Jèn Atis, Pierre Richard Raphaël

This post is also available in: English

“ Depi lè mwen ap desinen, desen vin tounen esans mwen, mwen vin mwen menm tout bon!” – Pierre Richard Raphaël

Yon apre midi mwen wè ti limyè telefòn mwen an ki limen tou wouj, m souri paske li te fè mwen sonje epòk blakbèri. Fwa sa a se pa te yon bbm men yon whatsapp ke yon bon zanmi mwen voye pou envite mwen nan premye ekspozisyon tablo li nan Yanvalou. Jou a pot ko rive mwen te gentan pa te gen kote pou mwen mete kò mwen tèlman mwen te vle wè kisa etidyan ENARTS yo ta pral fè mwen dekouvri. Jou a, lè mwen rive te gen Nathania Pericles, Dominique St Germain, ak lòt ankò, epi nan yon kwen te gen 3 tablo Pierre Richard Raphael ki te atire atansyon ni papa mwen ni mwen jis mwen di: MWEN VLE TABLO SA A! BON… M BEZWEN TABLO SA A NAN CHANM MWEN!!!! Se pa sèlman imajinasyon li ki te enteresan men melanj teknik, maryaj koulè ak tout konpleksite pou rive bay zèv sila a.

IMG_20160520_104920

Yon ti tan apre, lè Gessica Généus ap montre mwen desen pou liv li a, “Yon ti koze ak sè m”, mwen te sezi epi kontan wè ke se Pierre Richard ki te fè yo pou li. Epi lòt jou la a ankò mwen wè se li ki fè kouvèti albòm “Dizan” Belo a. Sa se twòp! Mwen pran pye mwen, mwen desann ENARTS al kontre ak atis la pou li te ka rakonte mwen istwa Pierre Richard. Mwen pase manifestasyon doktè lopital jeneral yo, mwen fè yon ti kanpe gade pou tande revandikasyon yo, epi mwen mache rive nan lekòl la kote yon grafiti Basquiat di mwen bonjou la menm mwen te santi m lakay mwen. Dominique ak Pierre Richard vin akeyi mwen epi nou al chita nan yon sal klas pou mwen te ka poze kestyon mwen yo. Premye bagay, atis la koul men yon jan timid.

2016-05-20 10.18.34

sketch1463701922444

Pierre Richard gen 25 rekòlt kafe e depi 2012 li ENARTS. An 2016 la li gen 2 travay ilistrasyon sa mwen di anvan yo ki pran lari.  Ok, sa se jan mwen te ka dekri misye si mwen pa te bwè on ti fresko avèk li jou sa a.  Pandan konvèsasyon nou an, mwen aprann ke depi li te gen 4 lane, li te kòmanse fè desen. Men rèv li lè li vin pi gran sete vin diplomat tankou yon vwazen li, a kòz de palto vwazen an te konn mete. Lè li rann li kont ke sa diplomasi a ye se pa vès sèlman, Pierre Richard al etidye infotronic sou konsèy papa li. Men lè ou renmen teknoliji men ou pa renmen matematik ou ka pito fè desen nan kou yo olye ou tande sa ki ap di a. Ebyen se konsa, Pierre Richard apre 3 lanne nan tout sa ki pa gen rapò ak desen, li deside di moun lakay li ke li prale ENARTS.  Manman li tankou anpil paran ayisyen te yon ti  jan ap mande kijan li pral fè lajan ak karyè atis sila a. Men lè yo wè bèl rezilta ke li gen, papa ak manman li kòmanse sipòte li a 100%.

Chimen lavi atis la pa te kòmanse an 2012, se yon wout ki te ap trase depi lontan. Lè Pierre Richard te gen 14 lanne li te fè yon desen pou kanpay sou epòk siklòn pou yon ong. Apre sa, nan lanne 2007 li te patisipe nan kanaval « Solèy Leve »ki te fèt sou tèm Sen solèy pou onore gwo mouvman sa a ke defen Tiga te mete sou pye, kote Pierre Richard te fè yon ekip tablo. Epi  li te fè premye ekspoze li nan yanavlou a jan mwen te di sa pi wo a.  E se konsa ke Guy Regis ta pral konseye Gessica pran li kòm ilistratè pou pòtre fanm ke li te vle mete nan liv li a, ak chak desen ki entwodwi chak chapit. Men kòm atis la gen anpil kle nan twouso li, se li menm tou ki tou fè travay grafik pou kanpay pwomosyon liv YON TI KOZE AK SÈ M lan.  Pase pran m m a pase chache w, Gessica refere li bay Belo ki li menm te vle yon foto ak 22 atis ki patisipe nan albòm lan. Dapre sa li te di mwen, li pa t fasil pou lespri li te wè kisa pou li te fè men ann apre li vin jwenn jan pou li mete chak atis nan eleman yo nan menm lakou trankil la.

Lè mwen mande Pierre Richard kisa ki enspire li, misye te reponn mwen pou di m ke li chwazi sijè li yo an fonksyon sa ki atire atansyon li. “Mwen renmen langaj ide on sèn genyen, ak jan li fè mwen reve. Toutotan ide sèn nan gen plus langaj nan tèt mwen ak nan je m, toutotan li eksite sans mwen pou m eksprime li nan fason ki pi sanble avek nanm mwen an!”

“Mwen renmen langaj ide on sèn genyen, ak jan li fè mwen reve. Toutotan ide sèn nan gen plus langaj nan tèt mwen ak nan je m, toutotan li eksite sans mwen pou m eksprime li nan fason ki pi sanble avek nanm mwen an!”

Youn nan fraz ke Raphaël te di ke mwen te renmen  anpil se lè li di:

Sanite Belair-Recovered“ Depi lè mwen ap desinen, desen vin tounen esans mwen, mwen vin mwen menm tout bon!” E sa te fè mwen  santi jan li mete tout li menm pou li ba nou yon ti moso nan li nan chak sa li ap fè. Nou konnen jan li difisil pou yon jèn deside vire do bay yon 8 tè- 5 kè pou li viv yon karyè atis. Deja ke paran yo anpil fwa pa janm dakò men nou gen twòp egzanp devan je nou de atis ki malgre yo chache ak anpil ak yon pakèt talan pa rive menm viv “byen”. Yo renmen sa nou fè antan ke atis men yo pa renmen peye pou travay nou tankou se pa yon travay ke li ye. Mwen swete ke Pierre Richard Raphaël ak tout lòt atis ki ap soti ENARTS yo oubyen ki aprann poukont yo nan kelkeswa domèn atistik la, yo ap rive trase ti moso wout pa yo nan mond lan paske nou tout gen plas nou!

Ou ka suiv Pierre Richard Raphaël sou Instagram li ki se : @Rickyphael 

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

1 Comment