Manbo, Sophia Fecu : “Jodiya, mwen chwazi rakonte istwa m”

This post is also available in: English

Woy Magazine jwenn chans pale ak Sophia Fecu, manbo e kontribitè nan Woy Magazine sou nouvo liv li ki pral soti ki rele Mon Héritage.

Ou renmen m? Ayibobo pou ou. Ou pa renmen m? Ayibobo pou ou tou!

Pale nou yon ti kras sou liv sa. Kisa nou pral aprann nan paj ou ekri yo ?

Mwen kòmanse nan rakonte istwa fanmi mwen, bitasyon fanmi mwen. Mwen pale de ki moman mwen aksepte pran li kòm eritaj, e aksepte pran li mete sou do m. Yon moun ki pa konn anyen de Vodou, ki pa janm konn tande pale de Vodou, si yo li liv sa y ap gen yon ide de kisa Vodou nan fran ginen ye. Li ap ede moun tou ki te konn pran tout bagay mete yo nan menm panye fè diferans tou.  

Poukisa ou chwazi moman sa nan lavi ou pou ou rakonte istwa ou ?

Pandan sèvis mwen kòm manbo, souvan mwen rankontre jèn moun ki se eritye tou. Sa vle di, ki reklame nan Vodou, e ki gen pwoblem paske yo pa konn kòman pou ranmase lwa yo. Yo gen malchans nan lavi yo, yo monte, yo desann, y ap pase touman, y ap pase tribilasyon paske manman yo oubyen papa yo, grann yo fanmi yo te konn sèvi Vodou, epi yo sispann. Kounya chay la tonbe sou timoun lan e yo pa konnen ki jan pou l afwonte sa. Konsa tou, gen anpil moun ki konn tonbe nan kote pou yo pa tonbe paske lè w bezwen gid, ou dakò premye moun ki di w li ka ede w lan. Mwen sonje nan kòmansman pa m mwen te viv menm bagay sa yo, mwen te gen pwoblem pa m lè yo te reklame m.

Mwen te gen vi mwen deja anvan sa, mwen te gen zanmi mwen yo ke mwen te konnen te pral meprize Vodou. Mwen te konnen yo te pral meprize m apati de la. Sa te vin fè, mwen eseye chwazi gid pou konnen ki jan pou m metrize lwa sa yo ki tap pede fele m tout kote m te ye. Mwen te tonbe nan yon move sèk ak moun ki pa sensè. Jodiya, mwen chwazi rakonte istwa m pou ede yon moun jwenn konsèy anvan yo fè chwa sa. pou reveye pridans on moun ki reklame, e pou di tout moun ke menm si yo ta rive yon move kote pa vle di nonplis ke se Vodou a ki pa bon. Li tan pou nou menm nan Vodou, pran plim nou pou nou kòmanse rakonte listwa pa nou.

Nan yon atik ou te ekri pou Woy Magazine, ou te di “Se kòmsi lasosyete gen diksyonè pa li ak pwòp definisyon “manbo” ladan li.” Eske fraz sa dekri byen motivasyon ou pou ekri liv ou a ?

Wi se youn nan motivasyon mwen. Li te enpòtan pou mwen fè anpil moun ki gen prejije konnen ke li pa nòmal pou yo mete tout moun ki nan Vodou nan menm panye. Se vre gen moun ki nan mistik ki fè sa pou manipile moun, pou fè lajan. Men se pa sa mwen ye mwen menm. Li enpòtan pou diferans sa yo etabli.

Mwen fè pati nan Vodou, sa yo rele dè “reklame,” oswa “eritye.”  Yon manbo, yon ougan ki reklame, ki deside inisye, souvan se yon moun ki pat chwazi sa. Mwen menm, mwen pat chwazi sa. Mwen pat gen anbisyon manbo, mwen pat gen foli manbo, sa pat janm nan tèt mwen. Dayè mwen s on moun ki te enkredil anpil, mwen pat kwè nan bagay lwa danse nan tèt moun. Mwen pat kwè nan bagay sa yo.  Lwa a vin avanse sou mwen, e li te vin enpòtan pou m konnen ki jan pou m jere sa, pou m konnen èske s on fòs negatif ou pozitif.  Yon fanmi gen dwa gen anpil ak on pakèt moun, fanmi a gen dwa gen menm 100 moun ki ta renmen vin sèvitè Ginen. E lè ou gade, ou wè ke se moun ki pa t menm sou bò sa epi se li lespri chwazi. Mwen di li lè li tan pou mwen rakonte istwa m. E atravè istwa m, moun ki ap pase move moman nan inisyasyon yo, paske antouraj li ap rele l djab, paske li tonbe anba moun ki pa sensè, pou l ka konnen ke tout bagay difisil nan kòmansman. Se detèminasyon w, se tout sa ki pral fè diferans lan e ki pral fè  w avanse byen ladann. 

Eske ou ekri liv sa pou on gwoup moun byen espesifik ? Ki kalite moun ou ta renmen pou mesaj ou a rive sou li ?

Mwen pa ekri pou yon gwoup moun byen espesifik. Mwen ta renmen ke tout moun, kelkeswa relijyon moun lan kapab pran liv sa.  Se pa on liv ou ka achte pou konnen resèt mistik. Se yon liv ka disponib pou tout moun ki vle aprann plis sou lavi yon moun tankou m. Mwen pa ofri okenn imaj chokan ke on moun ka ap chache. Ni mwen pa mete okenn rityèl seremoni. Tout moun ka li liv sa, e tout moun ka konprann li kèlkeswa relijyon ou. Mwen pa te vle ekri yon liv kote se sèl Vodouizan parèy mwen ki alèz pou li li.

Eske ou panse ke popilarite pa w sou rezo sosyal ak patisipasyon ou sou entènèt la ede plis moun konprann manbo ak Vodou an jeneral ?

Gen moun ki konn vle fè m konnen ke plas mwen pa la. Mwen konn ap twit menm jan ak tout moun, epi yon moun di “Sa manbo sa pèdi la a ? Li pa gen lwa l pou l al rele ?” Lè m wè sa, mwen ri. Lespri ou pa rive lwen si se jan de diskriminasyon ou ka fè. Piti piti, tout moun rann yo kont de kiyès mwen ye.  

Mwen panse mwen ouvè chemen pou nenpòt lòt jèn fi ki manbo pou yo pa pè afiche sa sou rezo sosyal. Yo pap kouri dèyè w. Anpil moun ka pè di yo manbo, men fòk ou asime sa w ye. Ou paka kache sa w ye pou moun. Li pat difisil pou mwen. Mwen s on jèn fanm 32 an ki asime sa mwen ye a. Mwen toujou di mwen se yon fanm nan nanm ki pa ret ak pèsòn depi m fin chwazi sa m ye a. Ou renmen m? Ayibobo pou ou. Ou pa renmen m? Ayibobo pou ou tou!

Ki danje ou panse sa genyen pou sosyete ak kilti Ayisyen an si yo rete inyoran de aspè sa nan rasin nou ?

Danje a deja ap fèt. Nou se yon bann moun ki meprize sa nou ye. E nan meprize sa nou ye, nou vin tounen yon sosyete chen manje chen. Paske nou pa gen konesans kote nou soti. Nou an kontradiksyon avek tèt nou, avèk sa nou ye. Moun ki meprize Vodou an, se menm moun sa anpil fwa 22 Dawout, ou wè kap ekri “La cérémonie du Bois Caïman, le mouvement qui a précédé l’indépendance d’Haïti!” Men moun sa, èske li konnen ke seremoni Bwa Kayiman se yon rityèl Vodou li te ye? Nou ka pale de seremoni Bwa Kayiman, men nou paka pale de yon seremoni ki fèt lakay yon manbo ki fèt yèswa ? Alò ke seremoni Bwa Kayiman s on seremoni kote kochon te sakrifye. Konbyen moun ki fyè pale de seremoni Bwa Kayiman ? Konbyen gwo entèlektyèl, pwofesè ki pa Vodouizan ki pale de fyète de seremoni Bwa Kayiman ? Menm moun sa ki pale de seremoni sa avèk fyète a, yo pap janm pale de yon seremoni lakay yon manbo avèk menm fyète sa. Eritaj, kèlkeswa kote li fèt, kèlkeswa nan ki ane li fèt, rete eritaj nou. Nou pap ka idantifye nou toutotan nou gen kontradiksyon sa yo. E toutotan nou pap ka idantifye nou, toutotan nou pa konn kote nou soti, nou paka avanse. Paske nou pa konn tèt nou.

Ki kote nou ka jwenn liv sa achte ?

M ap fè premye vant siyati Vandredi 29 Avril. Apre sa, mwen swete li pral disponib nan libreri anvan lontan. Pou moun ki pa alèz li fransè, moun ki nan dyaspora, ki ta renmen konnen istwa a : liv la pral disponib an anglè nan ete a, ansanm avèk yon toune pou prezantasyon liv la nan plizyè eta. Istwa a ap mache, e l ap rive lwen.

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

1 Comment